LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
“Lanmou . . . espere tout bagay”
Lefètke se lanmou ki pa egoyis ki motive nou, nou swete sa ki pi bon pou frè nou yo (1Ko 13:4, 7). Pa egzanp, si yon frè fè yon peche e li resevwa disiplin, nou gen espwa l ap byen reyaji devan efò y ap fè pou yo ede l. Nou demontre pasyans ak moun ki fèb nan lafwa yo, e nou eseye ede yo (Wm 15:1). Si yon moun kite kongregasyon an, nou gen espwa yon jou l ap retounen. — Lk 15:17, 18.
GADE VIDEYO KI GEN TIT SONJE JAN LANMOU YE — LI ESPERE TOUT BAGAY, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki jan fidelite Abnè te chanje?
Ki jan David ak Jowab te reyaji devan sa Abnè te mande a?
Poukisa nou ta dwe swete sa ki pi bon pou frè nou yo?