BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 me p. 11
  • Kontinye kenbe dezi w yo sou kontwòl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye kenbe dezi w yo sou kontwòl
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa m dwe konnen sou fimen ak sou sigarèt elektwonik?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa Bondye panse sou fimen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki sa m dwe konnen sou fimen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 me p. 11

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kontinye kenbe dezi w yo sou kontwòl

Lefètke nou enpafè, nou toujou ap goumen pou n kenbe dezi nou yo sou kontwòl. Si nou lage ba yo, nou ka pèdi favè Jewova. Pa egzanp, gen moun ki kite dezi pou manje, rad ak kote pou yo rete kraze lanmou yo gen pou Bondye a. Gen lòt menm ki satisfè dezi seksyèl yo san yo pa bay prensip Bondye yo regle anyen pou yo (Wm 1:26, 27). Gen lòt ankò ki sede anba presyon akoz dezi yo genyen pou moun renmen yo oswa aksepte yo. — Egz 23:2.

Ki jan nou ka kontwole dezi nou yo? Nou dwe fè tout sa nou kapab pou n ret konsantre sou bagay espirityèl yo (Mt 4:4). Epitou, nou dwe sipliye Jewova pou l ede nou kontwole dezi nou yo. Poukisa? Paske li konnen sa ki pi bon pou nou ak pi bon fason pou n satisfè dezi nou yo. — Sm 145:16.

GADE VIDEYO KI GEN TIT PA KITE FIMEN FINI AVÈ W, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Pa kite fimen fini avè w”. Yon liy poupe k ap fimen k ap soti nan yon faktori.

    Poukisa kèk moun fimen?

  • Yon sèn nan videyo “Pa kite fimen fini avè w”. Poumon yon moun ki fimen k ap redi pou l touse.

    Ki sa fimen ka fè w?

  • Yon sèn nan videyo “Pa kite fimen fini avè w”. Yon biznismann ki men gwosè ki mete yon sigarèt elektwonik nan yon zen yo konn peche pwason pou pran yon jèn dam nan pyèj.

    Poukisa fimen ak itilize sigarèt elektwonik pa bon? — 2Ko 7:1

  • Yon sèn nan videyo “Pa kite fimen fini avè w”. Yon jèn dam ki sou yon do kay k ap gade yon syèl klè ki gen bèl solèy.

    Ou ka reziste ak dezi pou w fimen!

    Ki jan w ka di non ou pap fimen oswa menm sispann fimen?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje