BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 jiyè p. 13
  • Yon kanpay espesyal pou kòmanse etid biblik nan mwa septanm nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon kanpay espesyal pou kòmanse etid biblik nan mwa septanm nan
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Yon kanpay espesyal pou distribye nouvo bwochi a
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Nou pral fè yon kanpay espesyal nan mwa septanm pou n anonse Wayòm Bondye a!
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 jiyè p. 13
Foto ki ansanm: Fanmi nou te wè nan atik “Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Sèvis pyonye”, k ap preche lòt moun. 1. Jèn dam nan avèk manman l k ap pale sou bwochi “Viv ak kè kontan pou toutan!” an ak yon dam nan papòt kay li. 2. Granmè a k ap sèvi ak bwochi “Viv ak kè kontan pou toutan!” an pou l kondui yon etid biblik nan telefòn. 3. Papa a ak manman an kanpe bò yon charyo piblikasyon ki gen bwochi “Viv ak kè kontan pou toutan!” an avèk afich pwogram etid biblik gratis la ladan l.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Yon kanpay espesyal pou kòmanse etid biblik nan mwa septanm nan

Pandan mwa septanm nan, nou pral fè gwo efò pou nou ofri tout moun nou rankontre etid biblik, lè nou sèvi ak bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an. Pwoklamatè yo ka chwazi pran sèvis pyonye oksilyè pou 30 è. Ki fason nou pral patisipe nan kanpay espesyal sa a?

  • Nan premye rankont lan: Sèvi ak do bwochi a pou w ede moun nan vin enterese epi eseye montre l ki jan yo fè yon etid Labib. Pa bliye moun ki te montre yo enterese anvan sa, sa gen ladan l nouvèl vizit yo. Menmsi yo pa t aksepte etidye anvan sa, yo ka vin enterese ak bwochi a e ak nouvo metòd nou fè etid la. Nou pa ta dwe kite bwochi a nan kay ki pa gen moun oswa mete l nan lèt pou moun ki pa t montre yo enterese anvan sa. Komite sèvis kongregasyon an ka fè aranjman pou gen plis soti predikasyon pandan mwa a.

  • Lòt opòtinite: Si kongregasyon w lan sèvi ak charyo pou piblikasyon, mete bwochi viv ak kè kontan pou toutan! an nan charyo a. Fè moun ki demontre enterè yo konnen bwochi a mache ak yon pwogram etid Labib gratis. Pran yon ti tan tou kout pou w montre moun nan ki jan yo fè yon etid Labib oswa fè aranjman pou nou fè sa yon lòt lè. Siveyan sèvis la ka fè aranjman pou pwoklamatè ki kalifye yo ale nan biznis ki nan tèritwa a epi ofri etid biblik. Epitou, ou ka ofri kòlèg travay ou oswa moun ou rankontre nan temwayaj enfòmèl yon etid biblik.

Jezi te ban nou lòd pou nou “fè disip” e pou nou “anseye yo”. (Mt 28:19, 20.) Nou swete pou kanpay espesyal sa a ede nou atenn objektif sa a pandan n ap sèvi ak Viv ak kè kontan pou toutan! an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje