LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche jwenn konsèy saj anrapò ak lavi n ap mennen chak jou sou JW.ORG
Pawòl Bondye a ban n tout sa n bezwen pou n fè fas ak tribilasyon nou jwenn nan dènye jou sa yo ki difisil (2Ti 3:1, 16, 17). Epoutan, pafwa nou ka bezwen èd pou n jwenn prensip biblik ki aplikab nan yon sitiyasyon byen presi. Pa egzanp, èske w se yon paran k ap chèche konsèy pou w leve pitit ou yo? Èske w se yon jèn k ap fè fas ak difikilte akoz lafwa w? Èske w se yon madanm oswa yon mari ki nan lapenn akoz lanmò konjwen w? Sou jw.org, w ap jwenn prensip biblik byen presi k ap ede w nan sitiyasyon sa yo ak nan anpil lòt sitiyasyon ankò. — Pw 2:3-6.
Nan paj akèy jw.org la, chwazi seksyon SA BIB LA ANSEYE. (Gade foto 1.) Nan lis la, chwazi kategori ou prefere a. Oswa ale nan BIBLIYOTÈK > SERI ATIK epi chwazi kategori ou prefere a. (Gade foto 2.) Ou ka jwenn menm kategori sa yo sou JW Library® tou.a Ou ka jwenn byenfè lè w chèche atik sa yo nan nenpòt nan kote sa yo. Yon lòt bagay ou ka fè, se chèche yon sijè byen presi pandan w ap sèvi ak opsyon rechèch ki sou jw.org la.
Tape sijè ki pi ba yo nan espas pou fè rechèch la, epi fè yon lis atik ou ta renmen li yo.
Leve timoun
Jèn ki fè depresyon
Lanmò yon konjwen
a Pou kèk nan seri sa yo, gen yon lis atik konplè ki parèt pou kounye a sèlman sou jw.org.