BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 septanm p. 5
  • Maryaj se yon relasyon pou lavi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Maryaj se yon relasyon pou lavi
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Maryaj se yon kado Bondye ki renmen nou an ban nou
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Prepare w pou maryaj ou reyisi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Maryaj se yon kado Bondye bay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 septanm p. 5
Yon mari ak madanm li ki nan travay predikasyon an.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Maryaj se yon relasyon pou lavi

Maryaj kretyen ki reyisi yo onore Jewova e yo fè ni mari a ni madanm nan jwenn kè kontan (Mk 10:9). Pou kretyen yo gen kè kontan nan maryaj yo e pou maryaj la dire yo dwe rete kole ak prensip biblik yo lè y ap chwazi yon konjwen.

Kòmanse frekante sèlman lè w “pa twò jèn”, yon peryòd kote gwo dezi seksyèl yo ka tòde jijman w (1Ko 7:36). Byen sèvi ak ane w selibatè yo pou w ranfòse relasyon w ak Bondye e pou w devlope kalite kretyen yo. Konsa, w ap vin nan yon pi bon pozisyon pou w kontribye pou yon maryaj reyisi.

Anvan w dakò marye ak yon moun, pran kantite tan ki nesesè pou w aprann konnen “moun [li] ye nan fon kè” l la (1P 3:4). Si w kòmanse gen bonjan dout, pale sou sa ak moun ou anvizaje marye avè l la. Menm jan ak lòt relasyon moun ak moun, nou ta dwe plis konsantre n sou sa n ap bay olye de sa n ap jwenn nan maryaj la (Fp 2:3, 4). Si w aplike prensip biblik yo anvan w marye, w ap poze bonjan baz pou yon maryaj ki gen kè kontan.

GADE VIDEYO KI GEN TIT PREPARASYON POU MARYAJ — 3YÈM PATI: “KALKILE KONBYEN SA AP KOUTE,” EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan relasyon sè a ak John t ap pwogrese?

  • Ki sa sè a te remake lè l te vin byen konn John?

  • Ki jan paran l yo te ede l e ki desizyon saj li te pran?

Yon frè k ap frekante ak yon sè ta dwe reflechi ak kesyon sa yo:

Ki kalite ki soti nan Bondye sè a posede? Ki jan l montre l ap chèche wayòm nan an premye? Èske l montre respè pou direksyon Bib la ak òganizasyon Jewova a bay? Èske l montre l enterese nan lòt moun?

Yon sè k ap frekante ak yon frè ta dwe reflechi ak kesyon sa yo:

Ki kalite ki soti nan Bondye frè a posede? Èske l mete adorasyon l ap bay Bondye a ak responsablite l nan kongregasyon an anvan travay, lajan, spò ak detant? Ki jan l trete fanmi l? Èske l montre l enterese nan lòt moun?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje