LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fè fas ak pwoblèm ekonomik yo avèk konfyans
Lavi nan dènye jou sa yo chaje ak pwoblèm. Toutpandan fen sistèm sa a ap vin pi pre, se sèten difikilte yo ap ogmante. Pafwa, nou ka manke kèk bagay materyèl (Ab 3:16-18). Ki sa k ap ede nou fè fas ak pwoblèm ekonomik yo avèk konfyans? Nou dwe kontinye kwè nan Bondye nou an, Jewova. Li te pwomèt l ap pran swen sèvitè l yo e li ka ban nou sa nou bezwen nan nenpòt sikonstans. — Sm 37:18, 19; Eb 13:5, 6.
Sa w ka fè:
Sipliye Jewova pou l ba w direksyon, sajès ak sipò l. — Sm 62:8
Dispoze aksepte travay petèt ou pa t konn fè anvan sa. — g 1/10 8-9, kare
Kenbe yon bon woutin espirityèl, sa gen ladan l li Pawòl Bondye a chak jou, asiste reyinyon kongregasyon an epi patisipe nan travay predikasyon an
GADE VIDEYO KI GEN TIT BATI YON KAY K AP LA POU TOUTAN — SE POU N “KONTANTE NOU AK SA NOU GENYEN,” EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ak ki difikilte kèk fanmi ap fè fas?
Ki bagay ki pi enpòtan nan lavi a?
Ki jan w ka ede sila yo k ap fè fas ak pwoblèm ekonomik?