BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 septanm p. 13
  • Kèk opsyon ki itil anpil nan Viv ak kè kontan pou toutan! an”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk opsyon ki itil anpil nan Viv ak kè kontan pou toutan! an”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Nouvo edisyon Toudegad ki gen atik etid yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Wi, se Toudegad ki gen atik etid yo!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 2yèm pati: Sou yon ekran oswa sou papye?
    Èd pou fanmi
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 septanm p. 13

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kèk opsyon ki itil anpil nan Viv ak kè kontan pou toutan! an

Èske w renmen videyo ak kesyon opinyon ki nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an? Ki sa w panse konsènan pati “Gen moun ki di”, “Objektif”, ak “Aprann plis” la? Ki lòt opsyon ou wè ki ka vrèman itil pandan w ap patisipe nan travay fè disip la? — Mt 28:19, 20.

Liv “Viv ak kè kontan pou toutan!” an ki sou aplikasyon “JW Library” a. Gen yon ti senbòl ki montre “Fichye odyo / videyo pou seksyon 1” an.

Fichye odyo/videyo: Si w prefere sèvi ak yon liv ki enprime pou w kondui etid biblik, ki jan w ka jwenn videyo yo ak lòt fichye yo byen fasil menm kote? Nan vèsyon elektwonik liv la, chwazi youn nan kat seksyon prensipal yo. Pa anba lis ki gen tit leson yo, ou ka chwazi tout fichye odyo/videyo pou yon seksyon byen presi. (Gade foto 1.)

Paramèt pou “Vèsyon enprime”: Si se sou yon aparèy elektwonik w ap fè etid ak yon moun, sa ka itil pou w ale nan paramèt “Vèsyon enprime” a plizyè fwa pandan etid la. Pandan w nan leson an, peze sou twa ti pwen ki anlè paj la, epi chwazi “Vèsyon enprime”. Fason l parèt la ka ede w sonje ki jan sijè n ap etidye a gen rapò ak tout tèm leson an. Pou n tounen sou vèsyon elektwonik lan, peze twa ti pwen yo ankò epi chwazi “Vèsyon elektwonik”.

Liv “Viv ak kè kontan pou toutan!” an ki sou aplikasyon “JW Library” a. Gen yon ti senbòl ki montre bouton ki pou kare “Èske m pare a?” ak kare “nòt” yo.

“Èske m pare?”: Kare sa yo ki prèske nan fen liv la mete aksan sou kalifikasyon de baz pou yon moun preche ak kongregasyon an e pou l batize. (Gade foto 2.)

Nòt: Nòt yo bay esplikasyon anplis konsènan kèk sijè enpòtan. Nan vèsyon elektwonik liv la, gen yon lyen nan chak nòt ki pèmèt ou tounen kote w te ye nan leson an. (Gade foto 2.)

Asire w etidyan ki nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an fin etidye liv la nèt menmsi yo gentan batize. Ou ka kontinye konte lè a, nouvèl vizit yo ak etid biblik la menmsi etidyan an fin batize. Si yon pwoklamatè akonpaye w nan etid la, li menm tou li ka konte lè a si l patisipe nan etid la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje