BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 2 p. 7-9
  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ANN EGZAMINE DE DEKLARASYON JEZI TE FÈ KONSÈNAN LAFEN AN:
  • SIY LAN
  • “DÈNYE JOU YO”
  • PARADI A TOUPRE RIVE!
  • Repons pou kat kesyon konsènan lafen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske lafendimonn toupre?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Èske lafendimonn dwe fè kè w kase?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 2 p. 7-9
Jezi k ap esplike disip li yo siy dènye jou yo.

Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?

Jan nou te aprann sa nan atik anvan an, lè Bib la ap pale de lafendimonn, sa pa vle di ni tè a ni lèzòm pral disparèt. Olye de sa, li vle pale de lafen sistèm kòwonpi sa a ak tout moun k ap sipòte l yo. Men, èske Bib la di ki lè lafen sistèm mechan sa a ap rive?

ANN EGZAMINE DE DEKLARASYON JEZI TE FÈ KONSÈNAN LAFEN AN:

“Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — MATYE 25:13.

“Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive.” — MAK 13:33.

Donk, pa gen yon moun sou tè a ki konnen egzakteman ki lè sistèm sa a ap rive nan bout li. Sepandan, Bondye fikse yon “moman presi”, sa vle di “jou ak lè”, pou lafen an rive (Matye 24:36). Èske sa vle di pa gen okenn fason pou yon moun konnen lè lafen an toupre? Se pa sa ditou. Jezi te di disip li yo pou yo chèche idantifye yon seri evènman ki t apral montre lafen an nan papòt la.

SIY LAN

Evènman sa yo t apral siy “fen sistèm nan.” Men sa Jezi te di: “nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” ​(Matye 24:3, 7). Li te di tou t apral gen “epidemi” (Lik 21:11). Èske w wè evènman Jezi te anonse yo?

Jodi a moun ap soufri akoz lagè, grangou ak tranblemanntè ansanm ak maladi k ap vini youn apre lòt. Pa egzanp nan ane 2004, yon gwo tranblemanntè te frape Oseyan Endyen an, sa ki te deklannche yon sounami ki te touye anviwon 225 000 moun. Nan plis pase twazan, epidemi COVID-19 la te lakòz anviwon 6.9 milyon moun mouri toupatou sou tè a. Jezi te di evènman tankou evènman sa yo t apral montre fen sistèm nan toupre rive.

“DÈNYE JOU YO”

Bib la rele ti peryòd anvan lafen an “dènye jou yo”. (2 Pyè 3:3, 4.) 2 Timote 3:1-5 fè konnen nan dènye jou yo moun yo t apral degrengole nan domèn moral (Gade kare “Yon ti tan anvan lafendimonn”). Jodi a, èske w pa wè jan moun yo egoyis, yo ava, yo vyolan e yo pa renmen lòt moun? Sa a tou se prèv klè nou toupre lafendimonn.

Konbyen tan dènye jou yo ap dire? Dapre Labib, se sèlman “yon tikras tan.” Apre sa, Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a.” — Revelasyon 11:15-18, nòt; 12:12.

Lagè

Sòlda ki nan yon batay, k ap tire pandan yo dèyè yon barikad.
  • Soti 2007 rive 2017: Kantite moun ki mouri akoz lagè ak zak teworis ogmante jiska 118 pousan

Maladi

Yon mesye ki malad sou kabann lopital.
  • Maladi ki touye plis moun se maladi kè, stwok, maladi poumon, timoun ki fèt tou malad, dyare, kansè, tibèkiloz

Grangou

Yon jèn tifi ki avèk bòl li ki pa jwenn ase manje pou l manje.
  • Nan ane 2021: 9.8 pousan popilasyon mondyal la pa jwenn ase manje pou yo manje epi anviwon youn sou chak twa timoun ki gen mwens pase senkan soufri malnitrisyon e yo kwachyòkò

Travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a

Temwen Jewova ki kanpe bò yon charyo piblikasyon, k ap pale ak yon mesye.
  • Plis pase 8.6 milyon moun kalifye pou yo preche (Temwen Jewova yo) ap pibliye piblikasyon nan plis pase 1 000 lang e nan 240 peyi ak tèritwa

PARADI A TOUPRE RIVE!

Bondye deja fikse yon jou ak yon lè kote li pral fini ak vye sistèm mechan sa a (Matye 24:36). Anplis de sa, men yon lòt bon nouvèl: “[Bondye] pa ta renmen pèsonn moun detwi.” (2 Pyè 3:9). Li bay lèzòm opòtinite pou yo konfòme lavi yo ak prensip li yo. Poukisa? Paske li vle nou chape lè lafendimonn nan e pou n viv nan nouvo monn li an, lè tè a pral tounen yon paradi.

Bondye mete sou pye yon pwogram ansèyman sou tout tè a pou ede moun yo aprann konnen ki jan yo ka vin fè pati monn nouvo a anba dominasyon Wayòm li an. Jezi te di yo t apral preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a “sou tout tè a.” ​(Matye 24:14). Temwen Jewova toupatou sou tè a te pase plizyè milya èdtan ap preche e anseye moun yo mesaj espwa ki nan Bib la. Jezi te di kanpay predikasyon sa a t apral fèt sou tout tè a anvan lafen an vini.

Dominasyon lèzòm nan prèske rive nan bout li. Men bon nouvèl la, sèke w ka chape lè lafendimonn nan e viv nan paradi Bondye pwomèt ki pral gen sou tè a. Atik ki vin apre a pral pale sou fason w ka viv nan monn nouvo sa a.

YON TI TAN ANVAN LAFENDIMONN

“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a.” — 2 TIMOTE 3:1-5.

Pwofesi Jezi te bay konsènan “dènye jou yo” ban nou rezon pou nou gen espwa

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje