BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 jen p. 26-28
  • Ann kite “bonte” pouse n aji

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann kite “bonte” pouse n aji
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SE POU NOU PALE AVÈK “BONTE”
  • LÈ N AJI AVÈK BONTE, SA ANKOURAJE LÒT MOUN
  • ANN IMITE BONDYE LÈ NOU DEMONTRE BONTE POU LÒT MOUN
  • POU KI MOUN NOU DWE DEMONTRE BONTE?
  • Ann toujou manifeste bonte nan yon monn ki pa favorab
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Byenveyans: Yon kalite moun demontre nan pawòl ak nan aksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Pèp Bondye a fèt pou l renmen bonte
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Moun Bondye fè favè san parèy yo gen rekonesans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 jen p. 26-28
Foto ki ansanm: 1. Yon jèn frè ki pot yon sachè pwovizyon pou yon frè ki granmoun. 2. Yon mari ak madanm k ap ede yon fanmi k ap demenaje ranmase afè yo. 3. Yon lòt mari ak madanm k ap retire fèy bwa devan kay yon sè ki granmoun.

Ann kite “bonte” pouse n aji

“SE BONTE frè ak sè yo te demontre ki te plis touche m.” Se sa yon sè ki rele Lisa te dia. Li t ap pale konsènan premye bagay ki te ankouraje l vin nan laverite. Se menm bagay la pou Anne. Men sa l te di: “Sa k te plis atire m, se bonte yo te gen lakay yo, se pa t sa yo t ap anseye yo.” Jodi a, toule de sè sa yo renmen li Labib e yo renmen medite sou li, men, bonte frè ak sè yo te demontre te touche yo anpil.

Ki jan nou ka demontre bonte k ap touche kè moun ki bò kote nou? Ann wè de fason n ka fè sa: nan pawòl k ap sot nan bouch nou ak nan fason n aji. Apre sa, nou pral wè pou ki moun nou dwe demontre bonte.

SE POU NOU PALE AVÈK “BONTE”

Bon madanm yo dekri nan Pwovèb chapit 31 an pale avèk “bonte”. (Pwo. 31:26.) “Bonte” parèt nan ton vwa l ak nan pawòl k ap sot nan bouch li. Li bon pou papa yo pale avèk “bonte” tou. Pifò paran konnen lè yo pale di ak pitit yo, sa kapab gen move efè sou yo. Si paran yo pale rèd ak pitit yo, timoun yo ka pa byen reyaji. Lè paran yo pale avèk bonte, l ap pi fasil pou timoun yo koute e pou yo obeyi.

Kit ou gen pitit, kit ou pa gen pitit, ki jan w ka aprann pale avèk bonte? Nou jwenn yon apèsi nan premye pati Pwovèb 31:26 la. Men sa l di: “Lè l pale, pawòl li montre li gen sajès.” Sa mande pou n byen chwazi sa n ap di ak fason n ap di l la. Tanzantan, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske sa m pral di a ap fè moun nan fache oswa l ap kalme yon sitiyasyon?’ (Pwo. 15:1). Vrèmanvre, li bon pou n reflechi anvan n pale.

Men sa yon lòt pwovèb di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” (Pwo. 12:18). Lè n reflechi sou jan pawòl nou ak ton vwa nou ka gen efè sou lòt moun, sa ap ankouraje n pou n veye pawòl k ap sot nan bouch nou. Vrèmanvre, lè n aji avèk “bonte”, sa ap ede n pou n pa di yon seri pawòl ki kapab blese lòt moun, e pou n pa pale yon fason ki di (Efe. 4:31, 32). Nou pap kite panse negatif yo ak pawòl negatif yo soti, okontrè, n ap pale avèk bonte e avèk jantiyès. Jewova bay egzanp nan sans sa a lè l te ankouraje Eli, sèvitè l la ki te pè. Zanj ki te reprezante Jewova a te pale ak yon “vwa kalm ki te byen ba”. (1 Wa 19:12.) Sepandan, demontre bonte mande pou n fè plis pase annik pale avèk bonte. Nou dwe aji avèk bonte tou. Ki jan n ka fè sa?

LÈ N AJI AVÈK BONTE, SA ANKOURAJE LÒT MOUN

Lè nou imite Jewova, nonsèlman nou pale avèk bonte, men, nou aji avèk bonte tou (Efe. 4:32; 5:1, 2). Lisa, nou te pale de li pi wo a, te esplike fason Temwen yo te demontre bonte. Men sa l di: “Lè fanmi nou te oblije kite kay nou te abite a bridsoukou, gen de mari ak madanm nan kongregasyon an ki te pran konje nan travay yo pou yo te vin ede n ranmase afè nou. Lè sa a, m potko menm ap etidye Labib!” Bèl aksyon sa yo te pouse Lisa byen egzamine laverite.

Anne, nou te pale de li nan kòmansman atik la, te apresye bonte Temwen yo te demontre pou li tou. Men sa l di: “Akoz fason moun nan monn nan ye an jeneral, li te difisil anpil pou m fè moun konfyans.” Apre sa, li di: “Lè m te rankontre Temwen yo, m pa t fè yo konfyans. Mwen t ap mande tèt mwen: ‘Poukisa yo montre yo enterese nan mwen konsa?’ Men, bonjan bonte sè ki t ap etidye Labib avè m nan te demontre te pouse m fè l konfyans.” Ki bon rezilta sa te bay? “Annapre, mwen te kòmanse reflechi plis sou sa m t ap aprann yo.”

N ap remake lefètke frè ak sè yo nan kongregasyon an te demontre bonte pou Lisa ak Anne, sa te touche yo anpil e sa te pouse yo aprann laverite. Bonte frè ak sè nan kongregasyon an te demontre pou yo te ede yo fè Jewova ak pèp li a konfyans.

ANN IMITE BONDYE LÈ NOU DEMONTRE BONTE POU LÒT MOUN

Gen moun, fason yo te leve ak kote yo soti fè l pi fasil pou yo pale yon fason ki janti e pou yo souri. Se yon bon bagay lefètke kilti kèk moun oswa pèsonalite yo fè yo aji avèk jantiyès. Men, si se sa sèlman ki pouse n aji, petèt nou pa gen bonte Bondye genyen an. — Konpare ak Travay 28:2.

Vrè bonte a, bonte Bondye genyen an, se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, pou n gen bonte, nou bezwen lespri Bondye ede n. Konsa, n ap imite Jewova ak Jezi. E antanke kretyen, nou vrèman enterese nan lòt moun. Se sa k fè se lanmou pou Jewova Dye ak lanmou pou pwochen nou ki pouse nou aji. Lè sa a, bonte nou genyen an vin yon bèl kalite ki soti nan kè nou e ki fè Bondye plezi.

POU KI MOUN NOU DWE DEMONTRE BONTE?

Li ka fasil pou n demontre bonte pou moun ki demontre bonte pou nou oswa pou moun nou konnen (2 Sam. 2:6). Youn nan fason nou fè sa, se lè nou di yo mèsi (Kol. 3:15). Men, e si nou santi yon moun pa merite pou nou demontre bonte pou li?

Ann pran yon egzanp: Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan demontre bonte pou tout kalite moun, kit yo merite sa kit yo pa merite sa. Pawòl li a anseye n yon leson enpòtan anrapò ak fason pou n demontre kalite sa a. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize ekspresyon “favè san parèy” la plizyè fwa, e li gen rapò ak yon bonte ki estrawòdinè. Ekspresyon sa a ka fè referans ak yon moun ki bay yon bagay paske li renmen bay, men, se pa paske moun li bay li a merite sa. Ki jan Bondye demontre bonte pou nou?

Panse ak tout moun Jewova demontre bonte pou yo lefètke li ba yo sa yo bezwen pou yo viv (Mat. 5:45). Anfèt, anvan menm nou te vin konn Jewova, li te demontre bonte pou nou (Efe. 2:4, 5, 8). Pa egzanp, li te bay sa l genyen ki pi bon an, sèl Pitit Gason li fè a, pou tout limanite. Apot Pòl te fè konnen Jewova bay ranson an “selon richès favè san parèy” li genyen an (Efe. 1:7). Anplis de sa, byenke nou peche e nou desevwa Jewova, li kontinye gide nou e l kontinye anseye nou. Enstriksyon l yo ak pawòl li yo tankou “ti farinay lapli”. (Det. 32:2.) Se sèten, nou pap janm ka fin remèt li tout bon bagay li fè pou nou. E nou konnen si Jewova pa t demontre bonte pou nou, nou pa t ap gen okenn espwa pou lavni. — Konpare ak 1 Pyè 1:13.

Pa gen dout, bonte Jewova gen anpil valè pou nou, e sa pouse n aji. Se sa k fè, olye nou chwazi pou ki moun n ap demontre bonte, nou ta dwe fè efò pou n imite Jewova lè n demontre bonte pou tout kalite moun chak jou nan lavi nou (1 Tes. 5:15). Lè n toujou demontre bonte, nou tankou yon dife k ap chofe moun lè gen fredi. Nou se yon konsolasyon pou moun nan fanmi nou, pou kwayan parèy nou, kòlèg travay nou, kondisip nou ak vwazen nou.

Panse ak moun nan fanmi w oswa nan kongregasyon an k ap vrèman kontan si w demontre bonte pou yo nan pawòl ou ak nan fason w aji. Petèt, gen yon moun nan kongregasyon an ki vrèman bezwen èd pou l pran swen kay li ak lakou l, oswa pou l fè yon aktivite li abitye fè, tankou al achte. Mete sou sa, lè w nan travay predikasyon an e w jwenn yon moun ki bezwen yo ede l, èske w ta kapab fè yon jan pou w ede l?

Menm jan ak Jewova, se pou n toujou demontre “bonte” nan pawòl nou ak nan fason n aji.

a Yo chanje non moun yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje