Èske w te konnen?
Nan epòk yo t ap ekri Bib la, ki jan moun yo te rive konnen lè ane yo ak mwa yo te kòmanse?
POU Ebre ki t ap viv nan Peyi Bondye te pwomèt la, ane a te kòmanse lè yo t ap raboure tè ak lè yo t ap simen semans, yon travay ki te konn fèt nan mwa yo rele septanm/oktòb jounen jodi a.
Yon ane ki te baze sou lalin nan e ki te gen 12 mwa (chak mwa te konn gen 29 oswa 30 jou), se te yon ane ki te pi kout pase yon ane ki te baze sou solèy la. Yo te konn itilize divès metòd pou yo te ka fè de kalkil yo te fè yo vin egal. Pou yo te ka fè sa, yo te konn ajoute jou oswa yo te konn ajoute yon mwa yon lè konsa, petèt anvan pwochen ane a kòmanse. Konsa, kalandriye a t ap tonbe daplon ak sezon yo te konn plante oswa sezon yo te konn rekòlte.
Sepandan, nan epòk Moyiz la, Bondye te fè konnen se mwa Abib oswa Nizan ki t ap premye mwa nan ane a pou Izrayelit yo (Egz. 12:2; 13:4). Sa te vle di ozanviwon mwa mas/avril. Nan mwa Nizan, t ap gen yon fèt pou Izrayelit yo, e nan fèt sa a, yo te dwe ofri Jewova yon pati nan premye rekòt lòj yo te fè yo. — Egz. 23:15, 16.
Men sa yon biblis ki rele Emil Schürer di nan yon liv li te ekri ki gen tit Istwa pèp juif la nan epòk Jezi Kris, (175 B.C.–A.D. 135): “Règ ki te pèmèt yo deside si y ap ajoute oswa si yo pap ajoute a te senp anpil. Fèt Pak la, yo dwe fete nan moman plèn lin nan mwa Nizan (14 Nizan), dwe toujou tonbe apre ekinòks prentan an . . . Donk, si yo te remake nan fen ane a Pak la t ap tonbe anvan ekinòks prentan an, yo te deside ajoute yon [13yèm] mwa anvan mwa Nizan an.”
Temwen Jewova yo aplike metòd sa a lè y ap chèche konnen dat egzak pou yo selebre Soupe Seyè a, ki tonbe nan sezon prentan e ki koresponn ak 14 Nizan nan kalandriye Ebre yo. Yo fè tout kongregasyon sou tè a konn dat sa a alavans.a
Men, ki jan Ebre yo te rive konnen lè yon mwa te fini e ki lè yon lòt mwa te kòmanse? Jodi a, ou ka annik gade nan yon almanak oubyen nan yon kalandriye ki sou aparèy elektwonik ou. Men, nan tan biblik yo, sa pa t fasil konsa.
Nan epòk delij la, mwa yo te gen 30 jou (Jen. 7:11, 24; 8:3, 4). Annapre, nan kalandriye Ebre yo, mwa yo pa t gen egzakteman 30 jou. Nan kalandriye Ebre yo, yon mwa te kòmanse lè moun te kapab wè nouvèl lin nan lè l fèk ap parèt. Se te 29 oswa 30 jou apre mwa ki te vin anvan an te kòmanse.
Yon lè, David ak Jonatan t ap pale konsènan yon mwa e yo te di: “Demen, ap gen nouvèl lin.” (1 Sam. 20:5, 18). Donk, sanble nan 11yèm syèk anvan epòk nou an yo te konn kalkile mwa yo alavans. Ki jan Izrayelit yo te ka rive konnen lè yon lòt mwa kòmanse? Michna a, ki se yon seri lwa ak tradisyon Juif yo te gen aloral, bay kèk enfòmasyon. Li montre lè Juif yo te sot ann egzil, Sanedren an (pi gwo tribinal juif la) te enplike nan sa. Pandan sèt mwa ki te gen fèt yo, tribinal la te konn reyini sou 30yèm jou nan mwa a. Mesye yo nan Sanedren an te gen responsablite pou yo chèche konnen ki lè pwochen mwa a t ap kòmanse. Sou ki sa yo te baze pou yo te pran desizyon sa a?
Yo te konn fè plizyè gason al kanpe kote ki byen wo toupatou nan Jerizalèm pou yo te kapab gade syèl la lannuit pou yo te ka wè lè nouvèl lin nan fèk ap parèt. Kou yo te wè l, yo te konn al fè Sanedren an konn sa byen vit. Lè Sanedren an te santi yo gen ase prèv ki montre yon nouvèl lin fèk parèt, yo te fè konnen yon lòt mwa kòmanse. Bon, ki sa yo te konn fè si nyaj oswa bwouya te anpeche mesye ki t ap veye yo wè nouvèl lin nan lè l fèk ap parèt? Lè sa a, yo te deklare mwa yo ladan l lan gen 30 jou, e lòt mwa a ka kòmanse.
Selon sa Michna a esplike, yo te konn limen yon dife sou tèt mòn Oliv toupre Jerizalèm pou yo te fè konnen desizyon Sanedren an te pran an. Yo te konn limen dife kèk lòt kote ki byen wo ann Izrayèl pou nouvèl la te ka gaye. Annapre, yo te voye mesaje al bay nouvèl la. Konsa, yo te fè ni Juif ki t ap viv Jerizalèm yo, ni sa ki t ap viv toupatou ann Izrayèl yo ak Juif ki t ap viv lòt kote yo konnen yon lòt mwa kòmanse. Donk, yo tout te kapab fete fèt yo te konn fè nan chak epòk yo anmenmtan.
Tablo ki mache ak atik sa a kapab ede w konprann mwa, fèt ak sezon nan kalandriye Ebre yo.
a Gade Toudegad 15 fevriye 1990, paj 15 (fransè), ak “Kesyon lektè yo poze”, ki parèt nan Toudegad 15 septanm 1977 (fransè).