BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 oktòb p. 24-28
  • Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ESPERANS NOU GENYEN AN TANKOU YON LANK BATIMAN
  • ESPERANS NOU GENYEN AN TANKOU YON KAS
  • KENBE ESPERANS OU GENYEN AN FÈM
  • REJWI NAN ESPERANS LAN
  • Ki kote nou ka jwenn bonjan espwa?
    Reveye n! — 2004
  • Met espwa w nan Jewova, epi met kouraj sou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Esperans nou genyen an pap desevwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Rezon pou n gen espwa an 2023 — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 oktòb p. 24-28

ATIK ETID 44

Ann kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm

“Met espwa nou nan Jewova.” — SÒM 27:14.

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

SA NOU PRAL WÈa

1. Ki esperans Jewova ban nou?

JEWOVA ban nou yon bèl esperans, anpalan de esperans pou n gen lavi ki pap janm fini an. Gen kèk moun ki gen esperans pou y al viv pou toutan nan syèl la antanke espri ki pa ka mouri (1 Kor. 15:50, 53). Sepandan, pifò moun gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a, kote y ap gen yon sante ki pafè e y ap gen kè kontan toutbon (Rev. 21:3, 4). Kit nou gen esperans pou n gen lavi ki pap janm fini an nan syèl la oswa sou tè a, esperans nou genyen an gen anpil valè pou nou.

2. Sou ki sa esperans nou genyen an baze, e sa k fè n ka di sa?

2 Mo “esperans” lan, jan yo itilize l nan Bib la, kapab vle di “tann bon bagay ki pral rive”. Esperans nou gen pou lavni an se yon garanti paske se Jewova ki bay li (Wom. 15:13). Nou konnen sa l pwomèt, e nou konnen li toujou kenbe pawòl li (Nonb 23:19). Nou gen konviksyon nonsèlman Jewova vle fè tout sa l di l pral fè yo, men tou li gen pouvwa pou l fè yo. Kidonk, esperans nou genyen an pa baze sou rèv oswa sou sa nou ta swete, li baze sou prèv e sou sa ki reyèl.

3. Ki sa n pral wè nan atik sa a? (Sòm 27:14).

3 Papa nou ki nan syèl la renmen nou, e li vle n fè l konfyans. (Li Sòm 27:14.) Lè esperans nou genyen nan Jewova a fèm, n ap kapab andire eprèv e n ap gen kouraj ak kè kontan kèlkeswa sa k ta rive alavni. Ann wè ki jan esperans nou genyen an pwoteje nou. Toudabò, nou pral wè ki jan esperans lan tankou yon lank batiman e li tankou yon kas. Apre sa, nou pral wè ki jan n ka fè esperans nou genyen an vin pi djanm.

ESPERANS NOU GENYEN AN TANKOU YON LANK BATIMAN

4. Nan ki sans esperans tankou yon lank batiman? (Ebre 6:19).

4 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te konpare esperans nou an ak yon lank batiman. (Li Ebre 6:19.) Pòl te konn vwayaje sou lanmè souvan, se sa k fè li te konnen yo te konn itilize lank batiman pou fè yon bato ret anplas. Yon lè, pandan Pòl t ap vwayaje nan yon bato, te vin gen yon gwo tanpèt. Pandan tanpèt la, li te wè maren yo ki t ap lage lank batiman an nan lanmè pou bato a pa t monte sou resif (Tra. 27:29, 39-41). Menm jan yon lank batiman fè yon bato ret anplas, esperans nou genyen an fè n rete djanm. Konsa, nou ret atache ak Jewova lè n gen pwoblèm ki tankou gwo tanpèt. Bonjan esperans nou genyen an ede n rete kalm lè n jwenn gwo pwoblèm, paske n gen konviksyon yon lè bagay yo ap chanje. Sonje, Jezi te avèti nou y ap pèsekite n (Jan 15:20). Donk, lè n medite sou rekonpans Bondye pwomèt nou pou lavni, sa ede n kontinye rete djanm nan sèvis nou antanke kretyen.

5. Lefètke Jezi te gen esperans, ki jan sa te ba l fòs lè l t apral mouri?

5 Reflechi sou jan esperans Jezi te genyen an te ede l kontinye rete fèm malgre li te konnen li t apral mouri yon fason ki terib. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pyè te site yon pwofesi nan liv Sòm nan ki byen esplike fason Jezi te rete kalm ak asirans li te genyen. Men sa l te di: “M ap repoze avèk espwa. Paske, ou pap kite m nan Tonm, ni w pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze. [...] W ap fè kè m kontan anpil lè m devan w.” ​(Tra. 2:25-28; Sòm 16:8-11). Menm lè Jezi te konnen li t apral mouri, li te gen bonjan espwa Bondye t ap resisite l e l t ap kontan pou l ansanm ak Papa l ankò nan syèl la. — Ebre 12:2, 3.

6. Ki sa yon frè te di anrapò ak esperans?

6 Esperans nou genyen antanke kretyen an ede anpil nan frè n ak sè n yo pou yo andire. Ann pran egzanp Leonard Chinn, yon frè fidèl ki t ap viv nan peyi Angletè. Pandan Premye Gè mondyal la, yo te mete l nan prizon paske l te refize antre nan lame. Yo te fè l fè de mwa nan izòlman, apre sa, yo te fè l fè travo fòse. Men sa l te ekri annapre: “Eksperyans mwen te fè yo te ede m rann mwen kont jan n bezwen gen esperans pou n andire. Nou gen egzanp Jezi ak apot yo ak pwofèt yo, e n gen yon seri bèl pwomès ki nan Bib la. Tout sa ban n anpil espwa pou lavni e sa ban nou fòs pou n andire.” Esperans te tankou yon lank batiman pou Leonard, e li ka tankou yon lank batiman pou nou tou.

7. Ki jan eprèv yo fè esperans nou genyen an vin pi solid? (Women 5:3-5; Jak 1:12).

7 Esperans nou genyen an vin pi solid apre nou fin andire eprèv e nou wè jan Jewova ede nou e li apwouve nou. (Li Women 5:3-5; Jak 1:12.) Konsa, esperans nou genyen an vin pi solid pase lè n te aksepte bon nouvèl la. Satan ta renmen pou eprèv nou jwenn yo vin twòp pou nou, men, grasa èd Jewova, nou ka rive andire yo chak.

ESPERANS NOU GENYEN AN TANKOU YON KAS

8. Sa k fè nou ka konpare esperans ak yon kas? (1 Tesalonisyen 5:8).

8 Bib la konpare esperans nou genyen an ak yon kas tou. (Li 1 Tesalonisyen 5:8.) Yon sòlda met yon kas pou l pwoteje tèt li pou ènmi l yo pa blese l nan tèt. Nan lagè senbolik nou ye a, nou bezwen pwoteje lespri nou kont atak Satan yo. Li bonbade nou ak yon pil tantasyon e avèk yon pakèt ide pou l kòwonp lespri nou. Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda, esperans nou genyen an pwoteje panse nou pou n ka kontinye ret fidèl ak Jewova.

9. Ki sa k rive lè moun yo pa gen esperans?

9 Esperans nou genyen pou n viv pou toutan an ap ede n pou n aji avèk sajès e avèk bon jijman. Yon lòt bò, si esperans nou genyen an vin febli e nou kite panse ki gen rapò ak lachè pran kontwòl lespri n, nou ka bliye esperans nou genyen pou n gen lavi ki pap janm fini an. Ann pran egzanp kèk kretyen ki t ap viv nan vil Korent tan lontan an. Yo te pèdi lafwa nan yon pwomès enpòtan Bondye fè, anpalan de esperans rezirèksyon an (1 Kor. 15:12). Pòl te fè konnen moun ki pa gen esperans rezirèksyon an viv sèlman pou yo pwofite moman y ap viv la (1 Kor. 15:32). Jodi a, anpil moun ki pa gen esperans nan pwomès Bondye yo konsidere se moman y ap viv la ki enpòtan pou yo, yo chèche pran nenpòt plezi yo ka jwenn. Sepandan, nou met konfyans nou nan pwomès Bondye fè pou lavni. Esperans nou an tankou yon kas senbolik ki pwoteje panse nou e ki anpeche n chwazi viv yon fason ki ta ka fè nou panse ak tèt nou sèlman, sa ki t ap fè n pa gen bon relasyon ak Jewova. — 1 Kor. 15:33, 34.

10. Ki jan esperans kapab pwoteje n kont fo rezònman?

10 Esperans nou an ki tankou yon kas kapab pwoteje nou tou pou n pa panse nou pap janm ka fè Jewova plezi. Pa egzanp, gen kèk moun ki ka di: ‘Mwen pap janm gen lavi ki pap janm fini an. Mwen pa bon ase. Mwen pap janm ka fè sa Bondye mande.’ Sonje Elifaz, yon fo zanmi Jòb, te sèvi ak yon rezònman konsa lè l t ap pale ak Jòb. Elifaz te di: “Èske lòm ka pwòp nan je Bondye?” Apre sa, men sa l te di konsènan Bondye: “Gade! Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans, menm syèl la pa pwòp nan je l.” ​(Jòb 15:14, 15). Sa se manti kri! Sonje se Satan ki vle nou panse konsa. Li konnen, si n kontinye panse konsa, n ap pèdi esperans nou genyen an. Donk, nou pa dwe kwè nan manti sa yo, okontrè, nou dwe konsantre sou pwomès Jewova yo. Nou pa dwe janm gen dout Jewova vle nou viv pou toutan e l ap ede n reyalize objektif sa a. — 1 Tim. 2:3, 4.

KENBE ESPERANS OU GENYEN AN FÈM

11. Poukisa n bezwen gen pasyans pandan n ap tann sa n espere yo reyalize?

11 Li pa toujou fasil pou n kenbe esperans nou genyen an fèm. Nou ka vin pèdi pasyans pandan n ap tann Bondye. Sepandan, Jewova ap toujou la, e fason l konsidere tan pa menm jan ak fason n konsidere tan (2 Pyè 3:8, 9). L ap reyalize objektif li pi bon fason an, men l gendwa pa aji nan lè n t ap atann nan. Ki sa k ka ede n kontinye kenbe esperans nou genyen an fèm pandan n ap tann avèk pasyans pou Bondye reyalize pwomès li fè yo? — Jak 5:7, 8.

12. Selon Ebre 11:1, 6, ki rapò ki genyen ant esperans ak lafwa?

12 N ap kenbe esperans nou genyen an fèm si n ret pwòch ak Jewova, li menm k ap fè sa n espere yo reyalize. Anfèt, Bib la montre pou n gen esperans nou dwe gen lafwa Jewova egziste e li se Sila a ki “rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”. (Li Ebre 11:1, 6.) Plis Jewova reyèl pou nou, se plis n ap gen konfyans l ap fè tout sa l pwomèt yo. Ann egzamine kèk fason pou n vin gen pi bon relasyon ak Jewova, e konsa, n ap kenbe esperans nou genyen an fèm.

Lapriyè ak meditasyon ap ede n kenbe esperans nou genyen an fèm. (Gade paragraf 13-15.)b

13. Ki jan n ka vin pwòch ak Bondye?

13 Priye Jewova, epi li Pawòl li a. Byenke n pa ka wè Jewova, nou ka vin pwòch avè l. Nou ka priye l, paske nou gen konfyans l ap koute n (Jer. 29:11, 12). Nou kapab koute Bondye lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo. Pandan n ap li Bib la, lè n wè jan Jewova te pran swen moun ki te fidèl avè l nan tan lontan, esperans nou an ap vin pi djanm. Tout bagay ki nan Pawòl Bondye a, “yo te ekri yo pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. — Wom. 15:4.

14. Poukisa li bon pou n reflechi sou sa Jewova te fè pou lòt moun?

14 Medite sou fason Jewova te kenbe pwomès li. Reflechi sou sa Bondye te fè pou Abraram ak Sara. Yo te rive nan yon laj kote yo pa t ka fè pitit. Epoutan, Bondye te pwomèt yo yo t ap vin gen yon pitit (Jen. 18:10). Ki jan Abraram te reyaji? Men sa Bib la di: “Abraram te gen lafwa [...], sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon.” ​(Wom. 4:18). Menm lè Abraram pa t konnen ki jan pwomès Bondye te fè l la t apral reyalize, li te gen konfyans Jewova t ap reyalize pwomès Li fè a. Mesye sa a pa t gen lafwa pou granmesi (Wom. 4:19-21). Istwa konsa aprann nou pou n toujou konte sou Jewova pou l reyalize pwomès li, menm lè sa ta parèt enposib.

15. Poukisa n bezwen reflechi sou sa Bondye fè pou nou?

15 Reflechi sou sa Jewova fè pou ou. Panse ak fason pwomès ki nan Pawòl Bondye a deja reyalize nan ka pa w. Pa egzanp, Jezi te pwomèt Papa l ap ba w sa w bezwen pou w viv (Mat. 6:32, 33). Jezi ban w asirans tou Jewova ap ba w lespri sen lè w mande l li (Lik 11:13). Jewova kenbe pwomès sa yo. Petèt ou kapab panse ak lòt pwomès li reyalize nan ka pa w. Pa egzanp, li pwomèt l ap padone w, l ap konsole w, e l ap fè w jwenn sa w bezwen pou w ret pwòch avè l (Mat. 6:14; 24:45; 2 Kor. 1:3). Lè w medite sou sa Bondye deja fè pou ou, esperans ou genyen sou sa l pral fè pou ou alavni yo ap vin solid.

REJWI NAN ESPERANS LAN

16. Sa k fè esperans se yon kado ki gen anpil valè?

16 Esperans nou genyen pou n gen lavi ki pap janm fini an se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou. Nou gen yon bèl avni k ap tann nou, e n kapab gen asirans sa n espere yo ap reyalize. Esperans lan tankou yon lank batiman pou nou, li ede n rete djanm pou n ka andire eprèv, pou n kenbe fèm devan pèsekisyon, e menm devan lanmò. Li tankou yon kas pou nou, li pwoteje panse n pou n vire do bay sa ki mal e pou n ret atache ak sa ki byen. Esperans nou an ki baze sou Bib la fè n vin pi pwòch ak Bondye e l fè nou wè jis nan ki pwen Bondye renmen nou. Nou jwenn anpil byenfè pandan n ap kontinye kenbe esperans nou genyen an fèm.

17. Sa k fè esperans nou genyen an bay kè kontan?

17 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te ankouraje yo pou yo “rejwi nan esperans lan”. (Wom. 12:12.) Pòl te kapab rejwi paske l te gen asirans, si l te ret fidèl, li t ap gen lavi ki pap janm fini an nan syèl la. Nou menm tou nou kapab rejwi nan esperans nou genyen an, paske nou gen asirans Jewova ap kenbe pwomès li fè yo. Jan youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri, “byennere moun [...] ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la, [...] Sila a ki toujou ret fidèl la”. — Sòm 146:5, 6.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa n kapab gen konfyans sa n espere yo ap reyalize?

  • Nan ki sans esperans nou genyen an tankou yon lank batiman e l tankou yon kas?

  • Ki sa k ap ede n kenbe esperans nou genyen an fèm?

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

a Jewova ban nou yon bèl esperans pou lavni. Esperans sa a ankouraje n e l ede n pou n pa konsantre sou pwoblèm ki gen kounye a. Li ban n fòs pou n ret fidèl kèlkeswa difikilte nou jwenn. E li kapab pwoteje n pou n pa kite yon seri vye panse kòwonp lespri nou. Jan nou pral wè nan atik sa a, sa yo se bonjan rezon pou n kenbe esperans nou genyen antanke kretyen an fèm.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda e yon lank batiman fè yon bato ret anplas, esperans nou genyen an pwoteje panse nou e li pèmèt nou rete djanm lè n nan eprèv. Yon sè k ap priye Jewova ak tout kè l. Yon frè k ap medite sou fason Bondye te kenbe pwomès Li te fè Abraram nan. Yon lòt frè k ap reflechi sou fason Bondye te beni l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje