BYOGRAFI
Mwen te wè jan moun k ap sèvi Jewova yo gen lafwa
PETÈT ou sonje yon seri konvèsasyon ou te genyen ki te gen anpil enpòtans pou ou. Pou mwen menm, se te yon konvèsasyon mwen te genyen ak yon zanmi sa gen anviwon senkant an pandan n te chita bò kot yon boukan dife nan peyi Kenya. Po nou te vin fonse akoz nou te fè plizyè mwa ap vwayaje, e pandan nou t ap fè yon ti pale sou yon fim ki gen rapò ak relijyon, zanmi m nan te di: “Fim nan bay manti sou Bib la.”
Mwen te ri, paske m pa t panse zanmi m nan te enterese nan relijyon. Mwen te mande l: “Ki sa w konn sou Bib la?” Li pa t kouri reponn. Finalman, li te di m manman l se Temwen Jewova, e manman l te aprann li kèk bagay. Kòm mwen te vle konn plis, m te mande l esplike m plis bagay.
Nou te pase yon bon pati nan nuit lan ap pale sou sa. Zanmi m nan te di m Bib la fè konnen se Satan ki chèf monn nan (Jan 14:30). Petèt ou menm ou te toujou konn sa, men mwen menm, mwen potko konn sa e sa te boulvèse lespri m. M te toujou tande gen yon Dye ki bon e ki jis k ap dirije monn nan. Men, sa pa t fè sans pou mwen akoz sa m te wè k ap pase. Byenke m te gen sèlman 26 an, mwen te wè anpil bagay ki te deranje m.
Papa m te yon pilòt nan lame ameriken. Donk, lè m te timoun, mwen te byen konnen li te vrèman posib pou gen yon gè nikleyè. Lame a te ka lage yon bonm nenpòt lè. Gè Vyetnam nan te fèt pandan m te nan lekòl segondè nan Kalifòni. Mwen te konn patisipe nan manifestasyon etidyan yo. Lapolis te konn kouri dèyè n ak baton, e nou te konn kouri akoz gaz lakrimojèn ki te anpeche n respire e ki te anpeche n wè klè. Se te yon epòk ki te gen boulvès ak rebelyon. Yo te konn asasinen lidè politik e moun yo te konn fè manifestasyon ak gwo dezòd. Tout moun t ap bay ide pa yo sou sa k ta dwe fèt. Tout bagay te tèt anba.
Soti Lonn rive ann Afrik Santral.
An 1970 mwen te kòmanse travay sou kot nò Alaska e m t ap touche anpil lajan. Annapre mwen te vwayaje al Lonn, m t achte yon motosiklèt e m t al nan direksyon Sid san m pa t konn kote m prale. Plizyè mwa annapre m te rive ann Afrik. Pandan m sou wout m te rankontre yon seri moun men jan avè m ki te vle kite zòn yo te ye a pou yo te ka chape anba sitiyasyon ki t ap ba yo pwoblèm.
Donk, akoz sa m te wè ak sa m te tande, ansèyman ki nan Bib la ki fè konnen gen yon espri mechan ki gen kontwòl sa k ap pase nan monn nan te gen sans pou mwen. Men, e Bondye li menm, ki sa l ap regle? Mwen te vle konnen.
Nan mwa ki te vin annapre yo, mwen te jwenn repons lan. E rive yon lè, mwen te vin konnen anpil gason ak fi ki te montre yo fidèl ak sèl vrè Dye a nan tout kalite sitiyasyon, e m te vin renmen moun sa yo.
ILANN DINÒ, “PEYI BONM AK KATOUCH”
Lè m te retounen Lonn, mwen te pran kontak ak manman zanmi m nan, e l te ban m yon Bib. Annapre, lè m t al Amstèdam, nan Peyiba, te gen yon Temwen ki te wè m ap li Bib la anba yon limyè nan lari e l te ede m aprann plis. Apre sa, mwen t al Diblen, nan peyi Ilann, e m te jwenn biwo filyal Temwen Jewova yo. M te frape nan pòt devan an, e se la m te rankontre Arthur Matthews, yon frè ki gen sajès ak eksperyans. M te mande l etidye Bib la avè m e l te dakò.
Mwen te pran etid la oserye e m te kontan li yon seri liv ak volim relye Temwen yo te pibliye. Nòmalman, mwen te li Bib la tou. Sa te vrèman enteresan! Nan reyinyon kongregasyon an, mwen te wè menm timoun te konn repons kesyon yon seri mesye save ap poze depi plizyè santèn ane: ‘Poukisa gen mechanste? Kiyès Bondye ye? Ki sa k rive lè yon moun mouri?’ Tout zanmi m yo se te Temwen. Se te nòmal paske m pa t konn okenn lòt moun nan peyi a. Yo te ede m pou m vin renmen Jewova e pou m vle fè volonte l.
Mwen menm ansanm ak Nigel ak Denis.
Mwen te batize nan ane 1972. Yon ane annapre, mwen te pran sèvis pyonye e m t al nan yon ti kongregasyon nan vil Newry nan nò peyi Ilann. Mwen te lwe yon kay nan yon zòn izole ki gen mòn, te gen bèf nan yon savann ki te toupre a, e m te konn repete diskou m yo devan yo. Se kòmsi yo t ap byen koute m pandan yo t ap brase bouch yo. Yo pa t ka ban m konsèy, men, sa te ede m aprann kòman pou m gade oditwa a lè m ap bay diskou. An 1974, yo te nome m pyonye spesyal, Nigel Pitt te vin jwenn mwen kòm patnè nan sèvis la e nou te vin bon zanmi.
Nan epòk sa a, te gen anpil vyolans nan Ilann dinò. Se sa k fè yo te konn rele Ilann dinò “peyi bonm ak katouch”. Souvan, moun te konn goumen nan lari, yo te konn tire moun e yo te konn met bonm nan machin. Byen souvan, se te kesyon politik ak relijyon ki te konn lakòz pwoblèm sa yo. Sepandan, ni Potestan ni Katolik te rekonèt Temwen yo pa t nan politik, se sa k fè nou te kapab preche alèz san pwoblèm. Souvan, moun yo te konnen ki lè ak ki kote ki t ap gen vyolans, e yo te konn avèti nou pou n te ka evite zòn ki gen danje.
Sepandan, te toujou konn gen danje. Yon jou, Denis Carrigan, ki te pyonye tou, t al preche avè m nan yon vil ki toupre ki pa t gen Temwen Jewova, e n te deja al nan vil sa a yon fwa. Gen yon dam ki te akize nou kòmkwa nou se sòlda britanik yo voye kòm espyon, petèt paske li te wè ilandè pa t lang nou. Akizasyon sa a te fè nou pè. Yo te ka touye yon moun oswa tire l nan jenou senpleman paske moun sa a te byen aji ak sòlda yo. Pandan nou te kanpe deyò, nou te frèt e nou t ap tann bis, nou te wè yon machin ki te vin kanpe devan ti restoran kote dam nan te akize nou an. Dam nan te soti deyò, l al pale ak de mesye ki te nan machin nan e l te lonje dwèt sou nou. Lè sa a, mesye yo te kondui machin nan tou dousman vin kote nou, e yo te poze n kèk kesyon sou lè bis la abitye pase. Kou bis la te rive, yo te pale ak chofè a, men, nou pa t ka tande sa yo t ap di. Piske pa t gen lòt moun nan bis la, nou te sèten yo te fè konplo pou fè nou mechanste lè bis la fin kite vil la. Men, se pa t sa k te rive. Lè m te desann bis la, mwen te mande chofè a: “Èske se sou nou mesye yo t ap poze kesyon?” Li te reponn: “Mwen konnen kiyès nou ye, e m te di yo sa. Pa enkyete n, nou an sekirite”.
Jou maryaj nou, an mas 1977.
An 1976, nan yon asanble distria ki te fèt Diblen, mwen te rankontre Pauline Lomax, yon pyonye spesyal ki te soti Angletè. Se te yon sè ki renmen Jewova, ki gen imilite e ki renmen moun. Li menm ak Ray, frè l la, te leve nan laverite. Ennan annapre, mwen menm ak Pauline te marye e nou te kontinye sèvi kòm pyonye spesyal nan vil Balimena, ann Ilann dinò.
Pandan yon tan, nou te nan sèvis sikonskripsyon, e nou te sèvi frè nou yo nan Bèlfas, nan Lonndonnderi ak nan lòt zòn ki te gen danje. Lafwa frè n ak sè n yo te genyen te ankouraje n anpil, yo te abandone kwayans, prejije ak lahèn yo te genyen ki te anrasinen byen fon lakay yo pou yo te ka vin sèvi Jewova. Jewova te beni yo anpil e l te pwoteje yo!
Mwen te fè dizan ap viv nan peyi Ilann. Annapre, an 1981, yo te envite n nan 72yèm klas Lekòl Galaad. Apre gradyasyon an, yo te voye n Syera Leyòn, ann Afrik delwès.
FRÈ NAN SYERA LEYÒN YO TE GEN LAFWA MALGRE YO TE PÒV
Nou te nan yon kay misyonè ansanm ak 11 frè ak sè ki te vrèman debyen. Nou te gen yon kizin, twa twalèt, de douch, yon telefòn, yon machin pou fè lesiv ak yon machin pou seche rad. Te konn gen blakawout souvan e sanzatann. Rat te anvayi plafon kay la, e te gen kobra nan sousòl la.
Nou t ap travèse yon rivyè pou n t al nan yon kongrè ki t ap fèt toupre a nan peyi Gine.
Malgre sitiyasyon an pa t fasil, nou te jwenn anpil kè kontan nan travay predikasyon an. Moun yo te respekte Bib la e yo te pran san yo pou yo koute. Anpil moun te etidye Labib e yo te aksepte laverite. Moun yo te rele m “mesye Robert”, yo te rele Pauline “madan Robert”. Apre yon ti tan, kòm mwen te vin gen plis travay nan biwo filyal la e moun yo pa t konn wè m souvan nan tèritwa a, yo te kòmanse rele Pauline “madan Pauline” e yo te rele m “mesye Pauline”. Pauline te renmen sa!
Nou t apral preche nan Syera Leyòn.
Anpil nan frè yo te pòv, men, Jewova te toujou pran swen yo, pafwa li te fè sa fason ki estrawòdinè (Mat. 6:33). Mwen sonje yon sè ki te gen sèlman kòb pou l achte manje pou li menm ak pitit li yo pou jounen an, men, li te bay yon frè ki te malad e ki pa t gen kòb tout lajan an pou l te achte medikaman pou malarya. Pita nan menm jou sa a, yon dam te vin kot sè a sanzatann e l te peye sè a pou l penyen l. Te gen anpil sitiyasyon konsa ki te rive.
NOU TE APRANN YON LÒT KILTI NAN PEYI NIJERYA
Nou te fè nevan Syera Leyòn. Apre sa, yo te voye n nan Betèl Nijerya. Nou te vin ap travay nan yon gwo Betèl. Mwen t ap fè menm travay mwen te konn fè lè m te Syera Leyòn, men, se te yon gwo chanjman pou Pauline e sa pa t fasil. Li te konn pase 130 èdtan chak mwa ap preche, e li te gen anpil etid ki t ap pwogrese. Yo te voye l nan seksyon kouti, e l te konn fè jounen an ap ranje rad. Sa te pran yon ti tan pou l adapte l, men l te wè jan lòt moun te vrèman apresye travay li t ap fè a, e l te konsantre sou posiblite l te genyen pou l ankouraje lòt Betelit.
Nou pa t abitye ak kilti peyi Nijerya, e n te gen anpil bagay pou n aprann. Yon lè, yon frè te vin nan biwo m e l te prezante m yon sè ki te fèk vin nan Betèl. Pandan m t ap avanse pou m ba l lamen, sè a te bese byen ba nan pye m. Mwen te sezi! Gen de vèsè ki te vin nan lespri m: Travay 10:25, 26 ak Revelasyon 19:10. Mwen te mande tèt mwen, ‘Èske m ta dwe di l pa fè sa?’ Menm kote a, mwen te vin sonje yo te aksepte l vin nan Betèl. Donk, li konnen sa Bib la anseye.
Mwen te santi m jennen pandan rès konvèsasyon an, e annapre, m te fè kèk rechèch. Mwen te aprann sè sa a te suiv yon koutim ki te toujou la nan kèk zòn nan peyi a. Gason yo te konn suiv menm koutim nan tou. Se te yon fason yo te demontre respè. Se pa t adorasyon. Gen yon seri egzanp konsa nan Bib la (1 Sam. 24:8). Mwen te kontan m pa t di anyen ki te ka fè sè m nan jennen, piske m pa t konnen koutim sa a.
Nou te rankontre anpil frè ak sè nan peyi Nijerya ki te montre yo fidèl pandan plizyè ane. Ann pran egzanp Isaiah Adagbonab. Li te aprann laverite lè l te jèn gason. Men, yon lè doktè te fè l konnen li gen lèp. Yo te voye l nan yon kote yo konn met moun ki gen lèp, e se li menm sèl ki te Temwen. Malgre l te jwenn opozisyon, li te ede plis pase 30 moun ki gen lèp aprann laverite e l te tabli yon kongregasyon kote yo te ye a.
FRÈ NAN PEYI KENYA YO TE PRAN PASYANS AVÈ M
Nan peyi Kenya, nou te rankontre yon ti rinosewòs ki pa t gen manman.
An 1996, yo te voye n nan filyal peyi Kenya. Se premye fwa m te retounen Kenya depi lè m te vizite peyi a jan m te di sa pi wo a. Nou te nan Betèl. Te gen makak ki te konn vin nan Betèl la. Yo te konn vòlè kèk nan fwi ki te nan men sè yo. Yon jou, yon sè nan Betèl la te kite fenèt li ouvri. Lè l te tounen nan chanm li, li te jwenn yon fanmi makak ki t ap manje manje yo te jwenn nan chanm nan. Li te fè yon gwo rèl e l te kouri sot deyò. Makak yo te tonbe fè bri e yo te soti nan fenèt la.
Mwen menm ak Pauline nou te nan yon kongregasyon ki pale Swahili. Apre yon ti tan, yo te ban m kondui etid liv kongregasyon an (kounye a yo rele l etid biblik kongregasyon an). Men, mwen pa t byen konn lang nan. Mwen te konn etidye sa n t apral egzamine yo davans, konsa m te ka li kesyon yo. Men, si moun nan oditwa a te fè yon kòmantè ki pa t egzakteman sa ki nan liv la, mwen pa t konprann. Sa pa t fasil ditou! Kè m te fè m mal pou frè ak sè yo. Mwen te sezi wè jan yo te aksepte dispozisyon sa a avèk pasyans ak imilite.
FRÈ OZETAZINI YO GEN ANPIL LAFWA, MENM LÈ YO NAN YON PEYI RICH
Nou te fè mwens pase ennan nan peyi Kenya. Epi, an 1997, yo te envite n vin nan Betèl Bwouklin, nan Nouyòk. Nou te vin twouve n nan yon peyi rich, sa ki ka pot pwòp pwoblèm pa l (Pwo. 30:8, 9). Men, menm nan yon peyi konsa, frè n ak sè n yo montre yo gen yon gwo lafwa. Yo sèvi ak tan yo ak sa yo posede pou yo soutni bon travay òganizasyon Jewova a ap fè, men, se pa pou yo chèche vin rich.
Pandan plizyè ane, nou te wè ki jan Temwen parèy nou te montre yo gen lafwa nan divès sitiyasyon. Nan peyi Ilann, nou te wè jan frè n ak sè n yo gen lafwa malgre te gen vyolans. Ann Afrik, nou te wè jan frè n ak sè n yo gen lafwa malgre yo pòv e y ap viv nan zòn ki izole. Ozetazini, nou te wè jan frè n ak sè n yo montre yo gen lafwa, menm lè yo nan yon peyi rich. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l ap gade moun ki montre yo renmen l nan tout kalite sitiyasyon!
Mwen menm ak Pauline nan Betèl Wòwik.
Ane yo te pase vit, “pi vit pase zegui ki nan men moun k ap fè twal”. (Jòb 7:6.) Kounye a, n ap travay ansanm ak lòt frè ak sè nan syèj mondyal la nan Wòwik, Nouyòk, e n kontan kontinye travay ansanm ak moun ki vrèman renmen youn lòt. Nou satisfè e n kontan fè sa n kapab pou n soutni Wa nou an, Kris Jezi, ki pral rekonpanse tout moun ki fidèl avè l yo talè konsa. — Mat. 25:34.
a Nan epòk sa a, yo te rele kongrè rejyonal yo asanble distri.
b Byografi Isaiah Adagbona parèt nan Toudegad 1ye avril 1998, paj 22-27 (fransè). Li mouri an 2010.