BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 janvye p. 19
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Li te anonse “bon nouvèl konsènan Jezi a”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Ann manifeste lespri pyonye
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fè konvèsasyon an yon fason ki natirèl
    Renmen moun, epi fè disip
  • “ Kouman m ta janm fè kapab, si yon moun pa gide m ?”
    Ministè Wayòm nan — 2000
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 janvye p. 19
Filip ki chita nan yon charyo kat wou ansanm ak yon mesye ki moun Etyopi e k ap esplike l Ekriti yo pandan yon lòt mesye ap dirije cheval k ap rale charyo a.

Èske w te konnen?

Nan ki kalite charyo Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an te ye lè Filip te vin kote l la?

NAN lang orijinal la, mo lè yo tradui l yo mete “charyo” pou li nan Tradiksyon monn nouvo a ka fè referans ak divès kalite charyo (Tra. 8:​28, 29, 38). Sepandan, sanble charyo Etyopyen an te ladan l lan te pi gwo pase yon senp charyo yo te konn itilize nan lame oswa yon charyo pou moun fè kous. Ann wè kèk rezon ki fè n di sa.

Etyopyen an se te yon gwo otorite ki t ap fè yon vwayaj byen long. Se te yon mesye “ki te gen gwo pozisyon sou Kandas, rèn peyi Etyopi. Se li ki te responsab tout trezò rèn nan”. (Tra. 8:27.) Etyopi nan tan lontan an te gen ladan l peyi ki rele Soudan jodi a ak pati ki nan dènye pwent sid peyi Ejip jodi a. Byenke mesye a ka pa t monte menm charyo a pandan tout vwayaj la, li dwe te gen plizyè bagay li te bezwen pou vwayaj byen long li t ap fè a. Nan premye syèk epòk nou an, pami charyo yo te konn itilize pou pot pasaje, te gen charyo ki te kouvri ki te gen kat wou. Selon yon kòmantè yo fè sou liv Travay la, “yon charyo konsa te pèmèt moun yo pote plis bagay, yo te vwayaje pi alèz, e petèt sa te pèmèt yo vwayaje sou yon distans ki pi long”. — Acts: An Exegetical Commentary.

Etyopyen an t ap li lè Filip te vin kote l la. Istwa a fè konnen “Filip kouri al bò charyo a, e li tande [mesye ki te gen gwo pozisyon an] k ap li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a”. (Tra. 8:30.) Charyo pou moun vwayaje yo pa t fèt pou kouri vit. Nonsèlman vitès charyo a t ap kouri a te pèmèt mesye a li, men tou, sa te pèmèt Filip rive jwenn charyo a pandan l apye.

Etyopyen an te “sipliye Filip pou l monte vin chita bò kote l”. (Tra. 8:31.) Nan yon charyo pou moun fè kous, moun ki t ap kondui l yo te konn kanpe. Sepandan, nan yon charyo pou moun vwayaje, te gen ase plas pou mesye ki te nan gwo pozisyon an ak Filip chita.

Ann amoni ak istwa Bondye te fè ekri nou jwenn nan chapit 8 liv Travay la ak prèv listwa rapòte, sa pa gen lontan piblikasyon nou yo montre Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an te nan yon charyo ki pi gwo pase yon senp charyo yo te konn itilize nan lame oswa yon charyo pou moun fè kous.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje