ATIK ETID 9
KANTIK 75 “Men mwen! Voye m”
Èske w pare pou w vwe Jewova lavi w?
“Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen?” — SÒM 116:12.
PWEN KLE
Atik sa a kapab ede w vin gen yon relasyon sere ak Jewova, konsa w ap vle vwe l lavi w epi batize.
1-2. Ki sa yon moun dwe fè anvan l batize?
PANDAN senk ane ki sot pase yo, gen plis pase yon milyon moun ki batize antanke Temwen Jewova. Anpil nan moun sa yo menm jan ak Timote, yon disip nan premye syèk la ki te aprann laverite “depi [l te] toupiti”. (2 Tim. 3:14, 15.) Gen lòt ki aprann konnen Jewova lè yo vin gran, e genyen ki aprann konnen l nan vyeyès yo. Sa gen kèk ane, te gen yon dam ki te etidye Labib ak Temwen Jewova yo ki te batize lè l te gen 97 an!
2 Si w se yon etidyan Labib oswa si paran w leve w nan laverite èske w konn reflechi ak batèm? Se yon bèl objektif ou kapab genyen! Men, anvan w batize w ap bezwen vwe Jewova lavi w. Atik sa a pral esplike ki sa vwe Bondye lavi w vle di. Epitou, l ap ede w wè poukisa w pa bezwen pè pou w vwe Bondye lavi w e pou w batize lè w pare pou w fè sa.
KI SA MO VWE A VLE DI?
3. Bay kèk egzanp moun Bib la pale de yo ki te apa pou Jewova.
3 Nan Bib la, mo vwe a vle di mete apa pou yon sèvis sakre. Izrayelit yo se te yon nasyon ki te apa pou Jewova. Men, gen moun nan nasyon sa a ki te apa pou Jewova yon fason espesyal. Pa egzanp, devan gwo mouchwa espesyal Arawon te gen nan tèt li a, te gen plak annò byen klere ki sakre a “ki [te] montre Bondye [te] mete Arawon apa”. Plak annò sa a te montre Bondye te chwazi l pou l sèvi yon fason espesyal, sa vle di antanke gran prèt nasyon Izrayèl la (Lev. 8:9). Nazireyen yo te apa pou Jewova yon fason espesyal tou. Mo “Nazireyen” an sot nan mo ebre nazir ki vle di “moun yo met apa” oswa “moun yo vwe”. Nazireyen yo te dwe obeyi kòmandman espesyal Bondye te fè ekri pou yo nan Lwa Moyiz la. — Nonb 6:2-8.
4. a) Lè w vwe Jewova lavi w, ki sa k vin pi enpòtan pou ou? b) Ki sa “nye” tèt ou vle di? (Gade foto a tou.)
4 Lè w vwe Jewova lavi w, ou chwazi vin yon disip Jezi Kris e w chwazi pou volonte Bondye vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w. Ki sa vwe Jewova lavi w ap mande pou w fè? Jezi te di: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li.” (Mat. 16:24). Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “se pou l nye tèt li” pou li a kapab vle di tou “li pap viv pou tèt li ankò”. Antanke yon sèvitè Jewova ki vwe l lavi w, w ap bezwen vire do bay kèlkeswa bagay ki anpeche w fè volonte l (2 Kor. 5:14, 15). Sa gen ladan l kouri pou “zèv lachè yo”, pa egzanp imoralite seksyèl (Gal. 5:19-21; 1 Kor. 6:18). Lè w obeyi kòmandman sa yo, èske sa ap fè lavi w difisil? Ou pap wè l konsa si w renmen Jewova e si w gen konviksyon lwa l bay yo se pou byen w (Sòm 119:97; Eza. 48:17, 18). Men sa yon frè ki rele Nicholas di: “Ou kapab wè prensip Jewova yo tankou pòt yon prizon ki anpeche w fè sa w vle oswa tankou pòt yon kaj lyon ki pwoteje w kont danje.”
Èske w wè prensip Jewova yo tankou pòt yon prizon ki anpeche w fè sa w vle oswa tankou pòt yon kaj lyon ki pwoteje w kont danje? (Gade paragraf 4.)
5. a) Ki jan yon moun vwe Jewova lavi l? b) Ki diferans ki genyen ant ve ak batèm? (Gade foto a tou.)
5 Ki jan yon moun vwe Jewova lavi l? Li fè yon priyè pou l pwomèt Jewova se li menm sèl l ap adore e l ap bay volonte L premye plas nan lavi l. Epi, li pwomèt Jewova l ap kontinye renmen l ‘ak tout kè l, ak tout nanm li, ak tout lespri l e ak tout fòs li’. (Mak 12:30.) Lè moun nan fè pwomès sa a, se li menm ak Jewova sèlman ki konnen. Alòske, lè l ap batize, gen lòt moun ki la. Yo ka wè li te vwe Jewova lavi l. Ve l fè a se yon pwomès ki sakre, e Jewova atann pou l kenbe pwomès sa a, e moun nan vle fè sa tou. — Ekl. 5:4, 5.
Lè w vwe Jewova lavi w, ou pwomèt li se li menm sèl w ap adore e w ap met volonte l nan premye plas nan lavi w. (Gade paragraf 5.)
POUKISA W BEZWEN VWE JEWOVA LAVI W?
6. Ki sa k pouse yon moun vwe Jewova lavi l?
6 Pi gwo rezon ki fè w vwe Jewova lavi w se paske w renmen l. Lanmou w gen pou li a pa baze sou santiman sèlman. Okontrè, li baze sou “konesans egzak” ak sou “konpreyansyon lespri Bondye bay”, sa vle di yon seri bagay ou aprann sou Jewova ki fè w vin pi renmen l (Kol. 1:9). Etid ou fè nan Bib la fè w gen konviksyon 1) Jewova egziste toutbon, 2) Bib la se Pawòl li, e 3) li sèvi ak òganizasyon l lan pou fè volonte l.
7. Ki sa nou bezwen fè anvan nou vwe Bondye lavi nou?
7 Moun ki vwe Jewova lavi yo bezwen konnen ansèyman de baz ki nan Pawòl Bondye a e yo dwe viv ann amoni ak prensip ki ladan l yo. Yo fè tout sa yo kapab pou yo pale sou lafwa yo ak lòt moun (Mat. 28:19, 20). Yo vin pi renmen Jewova, e se li menm sèl yo vle adore. Èske se pa sa w vle? Si w renmen Jewova ak tout kè w, ou pap vwe l lavi w epi w batize jis pou w fè moun k ap etidye Labib avè w la oswa paran w plezi, oubyen paske w vle fè menm jan ak zanmi w yo.
8. Lè w gen rekonesans, ki jan sa pouse w pran desizyon pou w vwe Jewova lavi w? (Sòm 116:12-14).
8 Lè w reflechi sou tout sa Jewova fè pou ou, w ap twouve se nòmal pou w deside vwe l lavi w. (Li Sòm 116:12-14.) Bib la gen rezon di Jewova se Sila a ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Pi gwo kado li ban nou se sakrifis Jezi, Pitit Gason l lan. Fè yon ti reflechi. Ranson an fè l vin posib pou w gen yon relasyon sere ak Jewova. E li ba w posiblite pou w viv pou toutan (1 Jan 4:9, 10, 19). Lè w vwe Jewova lavi w se yon fason pou w montre jan w gen rekonesans pou pi gwo prèv lanmou li demontre a, san wete tout lòt benediksyon Jewova ba ou (Det. 16:17; 2 Kor. 5:15). Nan leson 46 liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, nan pwen 4 la ki gen yon videyo twa minit ki gen tit Prezante kado n bay Bondye, n ap jwenn yon seri bagay nou kapab montre nou gen rekonesans pou yo.
ÈSKE W PARE POU W VWE JEWOVA LAVI W E POU W BATIZE?
9. Poukisa yon moun pa dwe ap gade sou moun pou l vwe Jewova lavi l?
9 Ou ka santi w poko pare pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize. Petèt, ou bezwen kontinye fè chanjman nan lavi w pou l ann amoni ak prensip Jewova yo, oswa petèt ou bezwen plis tan pou w fòtifye lafwa w (Kol. 2:6, 7). Gen etidyan ki pwogrese pi vit pase yon lòt, e se pa tout jèn ki pare pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize nan menm laj. Chèche wè ki pwogrè w fè selon sitiyasyon w e pa konpare tèt ou ak lòt moun. — Gal. 6:4, 5.
10. Ki sa w ka fè si w rann ou kont ou poko pare pou w vwe Jewova lavi w e pou w batize? (Epitou, gade kare ki gen tit “Pou moun ki leve nan laverite”.)
10 Menmsi w rann ou kont ou poko pare pou w vwe Jewova lavi w, kontinye chèche gen objektif sa a. Priye Jewova pou l beni efò w ap fè pou w fè kèlkeswa chanjman ki nesesè (Flp. 2:13; 3:16). Ou mèt gen konfyans l ap tande priyè w e l ap reponn. — 1 Jan 5:14.
REZON KI FÈ KÈK MOUN AP RALE KÒ YO DÈYÈ
11. Ki jan Jewova ap ede n ret fidèl avè l?
11 Gen kèk moun ki pare pou yo vwe Jewova lavi yo e pou yo batize ki kontinye ap rale kò yo dèyè. Yo ka di tèt yo: ‘E si apre sa mwen fè yon peche grav epi yo eskominye m?’ Si se sa k fè w pè, ou mèt gen konfyans Jewova ap ba w tout sa w bezwen pou w “mache yon fason ki diy devan [l], yon fason pou [w] fè l plezi nèt”. (Kol. 1:10.) Epitou, l ap ba w fòs pou w fè sa ki dwat. Fason li deja ede anpil lòt moun montre li kapab fè sa (1 Kor. 10:13). Se youn nan rezon ki fè pa gen anpil moun ki eskominye nan kongregasyon an. Jewova ede pèp li a ret fidèl.
12. Ki jan w ka evite fè peche ki grav?
12 Akoz enpèfeksyon, tout moun gen tandans fè sa ki mal (Jak 1:14). Sepandan, lè w jwenn yon tantasyon ou dwe chwazi sa w ap fè. Anfèt, se ou menm finalman ki gen kontwòl sou fason w ap viv. Gen moun ki fè konnen nou pa ka gen kontwòl sou fason n ap viv ak sa n ap fè. Men, se pa vre. Ou kapab aprann gen kontwòl sou move dezi ou genyen. E menmsi w ta jwenn tantasyon, ou kapab chwazi pa fè sa ki mal. Yon bagay k ap ede w se priye Jewova chak jou. Chèche gen yon bon pwogram pou w etidye Pawòl Bondye a pèsonèlman. Asiste reyinyon yo. Pataje sa w aprann yo ak lòt moun. Lè w fè tout sa regilyèman, w ap gen fòs pou w viv ann amoni ak ve ou te fè a. E pa janm bliye Jewova ap ede w fè sa. — Gal. 5:16.
13. Ki bon egzanp Jozèf kite pou nou?
13 W ap twouve l pi fasil pou w viv ann amoni ak ve w te fè a si w deja deside sa w ap fè si w jwenn tantasyon. Bib la fè nou konnen gen anpil moun ki te fè sa vre, malgre yo menm tou yo pa t pafè. Pa egzanp, madan Potifa pa t sispann chèche sedui Jozèf. Men, Jozèf pa t gen okenn dout sou sa l dwe fè. Bib la fè nou konnen li “pa t dakò”, e li te di: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” (Jen. 39:8-10). Li klè, Jozèf te konnen ki jan l t ap aji menm anvan madanm nan te eseye tante l. Sa te fè l pi fasil pou li lè l te jwenn tantasyon an.
14. Ki jan n ka aprann di non lè n jwenn tantasyon pou n fè sa ki mal?
14 Ki jan w ka montre ou pran menm detèminasyon ak Jozèf? Depi kounye a, ou kapab deside ki sa w ap fè si w jwenn yon tantasyon. Aprann di non tousuit pou bagay Jewova rayi, pa menm ret ap panse ak yo (Sòm 97:10; 119:165). Konsa, ou pap peche lè w jwenn tantasyon. W ap deja konnen fason w ap aji. W ap deja pran desizyon w.
15. Ki jan yon moun kapab montre l ap “chèche [Jewova] toutbonvre”? (Ebre 11:6).
15 Petèt ou konnen ou jwenn laverite e w vle sèvi Jewova ak tout kè w, men, gen yon bagay ki kontinye anpeche w vwe Jewova lavi w epi batize. Ou kapab suiv egzanp wa David. Ou kapab sipliye Jewova, ou kapab di l: “Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m. Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo. Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen, epi gide m nan chemen letènite a.” (Sòm 139:23, 24). Priyè konsa montre ou vle Jewova ede w e w ap fè efò pou w vwe l lavi w e pou w batize. Jewova beni “moun k ap chèche l toutbonvre”. — Li Ebre 11:6.
KONTINYE PWOCHE BÒ KOTE JEWOVA
16-17. Ki jan Jewova rale moun ki leve nan laverite yo vin jwenn li? (Jan 6:44).
16 Jezi te di se Jewova ki rale disip li yo vin jwenn li. (Li Jan 6:44.) Reflechi sou jan pawòl sa yo bèl ak sa sa vle di pou ou. Jewova wè yon bon bagay lakay chak moun li rale vin jwenn li. Li wè chak moun kòm “byen espesyal pa l” oswa “yon byen ki gen anpil valè pou li”. (Det. 7:6; nòt.) Se konsa l wè w tou.
17 Petèt ou se yon jèn ki leve nan laverite. Ou ka santi se paran w k ap pouse w sèvi Jewova, se pa Jewova ki rale w vin jwenn li. Sepandan, men sa Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8; 1 Kwo. 28:9). Lè w pran desizyon pou w pwoche bò kote Jewova, li menm tou li pwoche bò kote w. Jewova pa jis wè w fè pati yon fanmi. Li rale chak moun, san wete chak moun ki leve nan laverite. Lè yon moun konsa pran desizyon pou l pwoche bò kote Jewova, Li fè sa tou, jan sa parèt nan Jak 4:8. — Konpare ak 2 Tesalonisyen 2:13.
18. Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a? (Sòm 40:8).
18 Lè w vwe Jewova lavi w e w batize, ou montre w gen menm mantalite ak Jezi. Li te dispoze fè kèlkeswa sa Papa l te mande l fè. (Li Sòm 40:8; Ebre 10:7.) Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa k ap ede w kontinye sèvi Jewova fidèlman apre w fin batize.
KI REPONS NOU TA BAY?
Ki sa vwe Jewova lavi w vle di?
Lè w gen rekonesans, ki jan sa ap ede w pou w vwe Jewova lavi w?
Ki sa k ap ede w pou w pa fè peche ki grav?
KANTIK 38 L ap fè w vin djanm