ATIK ETID 15
KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl
Toujou fè òganizasyon Jewova a konfyans
“Sonje moun k ap dirije nou yo, moun ki fè nou konnen pawòl Bondye a.” — EBRE 13:7.
PWEN KLE
Sa w bezwen fè pou w toujou gen respè pou òganizasyon Jewova a e pou w toujou fè l konfyans.
1. Ki jan pèp Jewova a te òganize nan premye syèk la?
DEPI Jewova bay pèp li a yon travay pou yo fè, li atann pou yo fè l nan lòd (1 Kor. 14:33). Pa egzanp, se volonte Bondye pou bon nouvèl la preche sou tout tè a (Mat. 24:14). Jewova met Jezi responsab travay sa a. Jezi veye pou travay la fèt nan lòd. Nan premye syèk la, lè te vin gen kongregasyon ki tabli divès kote, yo te nome ansyen pou bay direksyon e pou pran latèt (Tra. 14:23). Nan Jerizalèm, te gen kolèj santral la, ki te gen ladan l apot yo ak ansyen yo, ki te pran yon seri desizyon yo te atann pou tout kongregasyon yo aplike (Tra. 15:2; 16:4). Lefètke frè ak sè yo te obeyi enstriksyon yo te resevwa yo, “kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e [...] yo te vin gen plis moun”. — Tra. 16:5.
2. Depi 1919, ki jan Jewova gide pèp li a e l ba yo manje nan domèn espirityèl?
2 Jewova kontinye òganize pèp li a jis jodi a. Depi 1919, Jezi ap sèvi ak yon ti gwoup gason Bondye chwazi pou al nan syèl pou yo òganize travay predikasyon an e pou yo bay disip li yo enstriksyon ki soti nan Pawòl Bondye a nan bon momana (Lik 12:42). Li klè, Jewova beni travay gwoup moun sa yo ap fè a. — Eza. 60:22; 65:13, 14.
3-4. a) Bay yon egzanp ki montre ki jan nou jwenn byenfè lefètke nou òganize. b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?
3 Si nou pa t òganize, nou pa t ap ka fè travay Jezi ban nou fè a (Mat. 28:19, 20). Pa egzanp, ann sipoze chak kongregasyon pa t gen tèritwa pa yo, tout moun t ap ka preche kèlkeswa kote yo vle. Gen kèk tèritwa, anpil pwoklamatè t ap preche ladan yo toutan, alòske, gen lòt yo te gendwa pa preche nan yo ditou. Èske w sonje kèk lòt fason w jwenn byenfè lefètke nou òganize?
4 Menm jan Jezi te òganize disip li yo pandan l te sou tè a, se konsa l kontinye òganize pèp Bondye a jodi a. Nan atik sa a, nou pral egzamine egzanp Jezi bay la ak fason òganizasyon nou an suiv egzanp sa a. Epitou, nou pral pale sou fason nou ka montre nou fè òganizasyon Jewova a konfyans.
ÒGANIZASYON NOU AN SUIV EGZANP JEZI
5. Bay youn nan fason nou suiv egzanp Jezi. (Jan 8:28).
5 Jezi te aprann konn sa pou l fè ak sa pou l di nan men Papa l ki nan syèl la. Òganizasyon Jewova a suiv egzanp Jezi lè l sèvi ak Pawòl Bondye a pou l ede nou konn sa ki bon ak sa ki mal, e pou l ban nou direksyon nan lavi nou. (Li Jan 8:28; 2 Tim. 3:16, 17.) Souvan, nou jwenn rapèl pou nou li Pawòl Bondye a e pou n aplike l. Ki byenfè nou jwenn lè nou suiv konsèy sa a?
6. Ki gwo byenfè nou jwenn lè n sèvi ak piblikasyon nou yo pou n etidye Bib la?
6 Nou jwenn anpil byenfè lè n sèvi ak piblikasyon nou yo pou n etidye Bib la. Pa egzanp, sa pèmèt nou konpare sa Bib la anseye yo ak enstriksyon òganizasyon an ban nou. Lè nou wè se nan Bib la enstriksyon nou resevwa yo soti, sa fè nou gen plis konfyans nan òganizasyon Jewova a. — Wom. 12:2.
7. Ki mesaj Jezi te preche, e ki jan òganizasyon Jewova a suiv egzanp li?
7 Jezi te preche “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 4:43, 44.) Epitou, Jezi te bay disip li yo lòd pou yo preche konsènan Wayòm nan (Lik 9:1, 2; 10:8, 9). Jodi a, tout moun ki fè pati òganizasyon Jewova a preche mesaj Wayòm nan kèlkeswa kote y ap viv oswa kèlkeswa kantite responsablite yo genyen.
8. Ki privilèj nou genyen?
8 Nou konsidere se yon privilèj pou nou fè lòt moun konnen verite sou Wayòm Bondye a. Se pa tout moun ki gen privilèj sa a. Pa egzanp, lè Jezi te sou tè a, li pa t kite espri mechan yo bay temwayaj sou li (Lik 4:41). Jodi a, anvan yon moun patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak pèp Jewova a, li dwe kalifye pou l gen privilèj sa a. Nou montre jan nou apresye privilèj nou genyen pou nou preche a lè nou bay temwayaj kèlkeswa kote a ak nenpòt lè nou kapab fè sa. Menm jan ak Jezi, objektif nou se plante epi wouze semans verite sou Wayòm nan nan kè moun yo. — Mat. 13:3, 23; 1 Kor. 3:6.
9. Ki jan òganizasyon an fè moun konnen non Bondye?
9 Jezi te fè konnen non Bondye. Jezi te priye Papa l ki nan syèl la. Li te di: “Mwen fè […] konnen non w.” (Jan 17:26). Menm jan ak Jezi, òganizasyon Jewova a fè tout sa k posib pou l ede lòt moun konnen non Bondye. Labib — Tradiksyon monn nouvo a jwe yon gwo wòl nan sa lefètke l remete non Bondye nan plas li dwe ye a. Tradiksyon Labib sa a disponib kounye a ann antye oswa an pati nan plis pase 270 lang. Nan Apendis A4 ak A5 nan tradiksyon sa a, w ap jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè yo remete non Bondye nan plas li nan Bib la. Apendis C ki nan Bib etid la (fransè) bay plis prèv ki montre non Bondye dwe parèt 237 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo.
10. Ki sa w aprann nan pawòl yon dam k ap viv nan peyi Myanma di?
10 Menm jan ak Jezi, nou vle ede pi plis moun posib vin konnen non Bondye. Gen yon dam nan peyi Myanma ki gen 67 an ki te tonbe kriye lè li te aprann Bondye gen yon non, e l te di: “Se premye fwa nan lavi m mwen te tande non Bondye se Jewova. [...] Ou aprann mwen bagay ki pi enpòtan an, yon bagay mwen te ka pa janm konnen.” Jan eksperyans sa a montre, lè moun ki sensè yo aprann konnen non Bondye, sa kapab gen gwo efè sou yo.
ANNOU KONTINYE FÈ ÒGANIZASYON NOU AN KONFYANS
11. Ki jan ansyen yo kapab montre yo fè òganizasyon Jewova a konfyans? (Gade foto a tou.)
11 Ki fason ansyen yo kapab montre yo fè òganizasyon Bondye a konfyans? Lè ansyen yo resevwa enstriksyon, yo bezwen byen li yo e yo bezwen fè tout sa yo kapab pou yo aplike yo. Pa egzanp, yo resevwa enstriksyon nonsèlman sou fason pou yo fè patisipasyon nan reyinyon yo ak fason pou yo priye nan kongregasyon an, men tou, sou fason pou yo pran swen mouton Kris yo. Lè ansyen yo suiv enstriksyon òganizasyon an bay, frè ak sè yo santi Jewova renmen yo e l ap pran swen yo.
Ansyen yo ede n gen konfyans nan enstriksyon òganizasyon Jewova a bay. (Gade paragraf 11.)b
12. a) Poukisa nou bezwen kolabore ak moun k ap dirije nou yo? (Ebre 13:7, 17). b) Poukisa nou bezwen konsantre sou bèl kalite moun k ap dirije nou yo genyen?
12 Lè ansyen yo ban nou enstriksyon, nou dwe suiv enstriksyon sa yo ak tout kè nou. Lè n fè sa, n ap fè l pi fasil pou yo fè travay yo. Labib ankouraje nou pou n obeyi moun k ap dirije nou yo e pou n soumèt devan yo. (Li Ebre 13:7, 17.) Pafwa sa kapab difisil. Sa k fè sa? Paske mesye sa yo pa pafè. Sepandan, si nou konsantre sou defo yo olye n konsantre sou bèl kalite yo genyen, se kòmsi n ap ede ènmi nou yo. Nan ki sans? N ap vin pèdi konfyans nan òganizasyon Bondye a, e se sa moun ki opoze avè n yo ta renmen. Ki sa n ka fè pou n rekonèt manti ènmi nou yo ap fè e pou n pa aksepte yo?
PA KITE MOUN FÈ W PÈDI KONFYANS NAN ÒGANIZASYON AN
13. Ki jan ènmi Bondye yo eseye lage vèni sou òganizasyon l lan?
13 Moun ki opoze ak Bondye ap eseye fè moun wè bon bagay ki gen nan òganizasyon l lan pa bon. Pa egzanp, nan Bib la, nou aprann Jewova vle pou moun k ap adore l yo pwòp nan domèn fizik, pou yo gen bon konduit e pou yo adore l fason li aksepte a. Nenpòt moun k ap pratike sa ki mal e ki pa vle chanje konpòtman, Li mande pou yo retire l nan kongregasyon an (1 Kor. 5:11-13; 6:9, 10). Nou obeyi kòmandman sa a ki nan Bib la. Men, moun ki opoze ak nou yo chèche sèvi ak sa kont nou lè yo akize nou kòmkwa nou se moun ki pa aksepte moun ki pa aji menm jan ak nou, ki renmen jije moun e ki pa gen lanmou.
14. Ki kote manti y ap bay sou òganizasyon an soti?
14 Chèche konprann kiyès ki dèyè atak sa yo. Satan Ledyab ap ankouraje moun bay manti sou òganizasyon an. Li se “papa manti”. (Jan 8:44; Jen. 3:1-5.) Donk, nou ta dwe atann Satan ap sèvi ak ènmi nou yo pou bay manti sou òganizasyon Jewova a. Sa te rive nan premye syèk la.
15. Ki sa chèf relijye yo te fè Jezi ak disip li yo?
15 Nan premye syèk la, byenke Jezi, Pitit Bondye a, te pafè e li te fè gwo mirak, Satan te sèvi ak plizyè moun pou gaye anpil manti sou li. Pa egzanp, chèf relijye yo te fè moun yo konnen se grasa “chèf demon yo” Jezi ap chase demon (Mak 3:22). Lè yo t ap jije Jezi, chèf relijye yo te akize l kòmkwa li fè blasfèm e yo t ap pouse foul moun yo mande pou yo touye l (Mat. 27:20). Annapre, pandan disip Kris yo t ap preche bon nouvèl la, moun ki te opoze ak yo te ‘monte tèt moun yo’ pou yo pèsekite kretyen sa yo (Tra. 14:2, 19). Konsènan Travay 14:2, men sa Toudegad 1ye desanm 1998 (fransè) esplike: “Nonsèlman juif ki te opozan yo pa t aksepte mesaj la, men tou yo te bay anpil manti pou yo ka monte tèt moun lòt nasyon yo kont kretyen yo.”
16. Ki sa nou bezwen sonje si n tande y ap bay manti sou òganizasyon an?
16 Satan pa t sispann bay manti nan premye syèk la. Jodi a, li kontinye “ap twonpe lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Si w tande y ap di move bagay sou òganizasyon an oswa sou frè k ap dirije yo, sonje ki jan ènmi Bondye yo te aji ak Jezi ak disip yo nan premye syèk la. Jodi a, yo pèsekite pèp Jewova a, e yo pale yo mal egzakteman jan Bib la te anonse sa (Mat. 5:11, 12). Nou pap pran nan manti sa yo si n sonje kiyès k ap pouse moun bay yo e si nou aji vit pou nou pwoteje tèt nou. Ki sa n bezwen fè?
17. Ki sa nou ka fè pou n pa pran nan lejann y ap rakonte yo? (2 Timote 1:13). (Gade kare ki gen tit “Fason pou n reyaji lè n tande yon seri pawòl ki pa laverite”.)
17 Pa koute lejann moun ap rakonte. Apot Pòl te bay bonjan enstriksyon sou sa pou n fè si n tande moun ap rakonte yon seri lejann. Li te di Timote pou l “bay kèk moun enstriksyon pou yo pa [...] okipe lejann”, e pou yo “rejte lejann ki dezonore Bondye”. (1 Tim. 1:3, 4; 4:7.) Yon timoun piti ka ranmase yon bagay atè mete nan bouch li san l pa konprann. Men, yon moun ki gen matirite, ki byen konnen danje ki gen nan sa pa t ap janm fè sa. Nou pa koute lejann y ap rakonte yo paske nou konnen ki kote manti sa yo soti. Okontrè, sèl sa nou koute se “pawòl ki pwofitab” yo, pawòl ki verite. — Li 2 Timote 1:13.
18. Ki jan nou ka montre nou fè òganizasyon Jewova a konfyans?
18 Nou sot egzamine sèlman twa nan plizyè fason òganizasyon Bondye a imite Jezi. Pandan w ap etidye Bib la, chèche wè lòt fason òganizasyon an suiv egzanp Jezi. Ede lòt moun nan kongregasyon w vin gen plis konfyans nan òganizasyon an. Epi, kontinye montre konfyans ou gen nan òganizasyon an lè w sèvi Jewova fidèlman e lè w rete pwòch ak òganizasyon sa a l ap itilize pou fè volonte l (Sòm 37:28). Annou kontinye gen rekonesans pou privilèj nou genyen pou n fè pati pèp Jewova a ki gen lanmou e ki fidèl.
KI REPONS NOU TA BAY?
Ki fason pèp Bondye a imite Jezi?
Ki jan nou ka kontinye montre nou fè òganizasyon Jewova a konfyans?
Ki sa nou dwe fè si nou wè y ap bay manti sou òganizasyon an?
KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay
a Gade kare ki gen tit “Poukisa nou di 1919?” ki nan liv Jewova retabli vrè adorasyon an!, paj 102-103.
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre ansyen yo fin pale ansanm sou dispozisyon ki pran pou bay temwayaj an piblik, gen yon siveyan gwoup k ap fè pwoklamatè yo konnen pou yo bay mi an do lè yo kanpe.