ATIK ETID 18
KANTIK 1 Kalite Jewova yo
Ann fè “Jij tout tè a” ki gen mizèrikòd konfyans!
“Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis?”— JEN. 18:25.
PWEN KLE
Pou n ka pi byen konprann mizèrikòd ak jistis Jewova anrapò ak rezirèksyon moun ki enjis yo.
1. Ki leson Jewova te aprann Abraram ki te konsole l?
SE TE yon konvèsasyon Abraram pa t janm bliye. Bondye te sèvi ak yon zanj pou l fè Abraram konnen Li pral detwi vil Sodòm ak Gomò. Mesye fidèl sa a te santi l boulvèse. Men sa l te mande Bondye: “Èske toutbonvre w ap detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan? [...] Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis?” Avèk pasyans, Jewova te aprann zanmi l lan li renmen anpil yon leson k ap itil nou tout e k ap konsole nou: Bondye pap janm detwi moun ki jis. — Jen. 18:23-33.
2. Ki sa k fè nou gen asirans lè Jewova ap jije moun li toujou fè sa avèk jistis ak mizèrikòd?
2 Ki jan n ka sèten lè Jewova ap jije moun li toujou fè sa avèk jistis ak mizèrikòd? Paske nou konnen Jewova “wè sa k nan kè yon moun”. (1 Sam. 16:7.) Anfèt, li konnen sa k nan “kè chak moun”. (1 Wa 8:39; 1 Kwo. 28:9.) Sa a se yon gwo verite. Jewova tèlman gen sajès, nou ka pa toujou fin konprann rezon ki fè l pran yon seri desizyon. Men sa apot Pòl te di anrapò ak Jewova Dye: “Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo!” — Wom. 11:33.
3-4. Ki sa nou ka ap mande tèt nou pafwa, e ki sa n ap egzamine nan atik sa a? (Jan 5:28, 29).
3 Men, pafwa nou ka gen kesyon ki sanble ak kesyon Abraram te poze yo. Nou ka menm ap mande tèt nou: ‘Èske gen espwa pou yon seri moun Jewova te detwi resisite, pa egzanp moun Sodòm ak Gomò yo? Èske gen ladan yo ki ka pami “moun ki enjis” k ap resisite yo?’ — Tra. 24:15.
4 Ann fè yon ti pale sou sa nou konprann anrapò ak rezirèksyon an. Sa pa gen lontan, nou te vin pi byen konprann sa Bib la di konsènan moun k ap “resisite pou yo jwenn lavi” ak moun k ap “resisite pou jijman”a. (Li Jan 5:28, 29.) Konpreyansyon sa a te pèmèt nou fè lòt ajisteman, e nou pral pale sou yo nan atik sa a ak nan atik ki vin annapre a. Anrapò ak jijman Jewova yo ki jis, toudabò n ap egzamine sa nou pa konnen, apre sa n ap egzamine sa nou konnen.
SA NOU PA KONNEN
5. Anvan sa, ki sa n te di nan piblikasyon nou yo konsènan moun ki te detwi nan vil Sodòm ak Gomò yo?
5 Anvan sa, piblikasyon nou yo te pale sou sa k pral rive moun Jewova jije kòm moun ki enjis yo. Nou te di pap gen rezirèksyon pou moun Jewova detwi, pa egzanp moun Sodòm ak Gomò yo. Men, apre esklav fidèl la te fin priye Jewova anpil sou kesyon an e yo te byen egzamine l, yo te vin wè nou pa ka di sa vre.
6. Bay kèk egzanp ki montre Jewova te jije yon seri moun ki enjis, men, ki sa Bib la pa fè konnen?
6 Ann pran kèk lòt egzanp. Gen plizyè istwa nan Bib la ki fè konnen Jewova te detwi yon seri moun ki enjis, pa egzanp pakèt moun ki te mouri nan delij la, oswa sèt nasyon nan Peyi Bondye te pwomèt la li te bay pèp li a lòd pou detwi yo, oubyen 185000 sòlda peyi Asiri yon zanj Jewova te detwi nan yon sèl nuit (Jen. 7:23; Det. 7:1-3; Eza. 37:36, 37). Nan istwa sa yo, èske Bib la fè konnen aklè Jewova te kondane tout moun sa yo pou yo detwi pou toutan, san pa gen okenn espwa pou yo resisite? Non, Bib la pa fè konn sa. Sa k fè nou ka di sa?
7. Ki sa nou pa konnen anrapò ak moun ki te detwi nan delij la oswa moun ki te detwi lè Izrayelit yo te pran peyi Kanaran? (Gade foto a.)
7 Nou pa konn ki jan Jewova te jije chak moun sa yo, ni nou pa konnen si moun ki te mouri yo te gen posiblite pou yo te aprann konnen Jewova e pou yo te repanti. Anrapò ak epòk delij la, Bib la di Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Men li pa di pandan Noye t ap konstwi yon kokennchenn lach, li te chèche preche chak moun sou tè a tou. Menm jan an tou, anrapò ak moun nan peyi Kanaran yo, nou pa konnen si tout moun sa yo ki te mechan te gen posiblite aprann konnen Jewova pou yo te chanje fason yo t ap aji.
Noye ak fanmi l k ap konstwi lach la ki te gwo anpil. Nou pa konnen si Noye te fè yon kanpay predikasyon nan moman yo t ap fè konstriksyon an pou l te avèti tout moun sou tè a anvan delij la. (Gade paragraf 7.)
8. Ki sa nou pa konnen konsènan moun Sodòm ak Gomò yo?
8 Ki sa n kapab di konsènan moun Sodòm ak Gomò yo? Te gen yon mesye ki te jis ki te rele Lòt ki t ap viv nan mitan yo. Men, èske nou konnen si Lòt te preche yo tout? Non. Se vre yo te mechan, men, èske yo tout te konnen sa ki byen ak sa ki mal? N ap sonje gen yon pakèt gason nan vil sa a ki te vle vyole vizitè ki te vin lakay Lòt yo. Bib la fè konnen te gen “timoun kou granmoun” nan foul moun sa a (Jen. 19:4; 2 Pyè 2:7). Èske nou vrèman konnen si Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd la, te deside okenn nan moun sa yo pap resisite? Non, nou pa ka di sa. Men, yon bagay ki sèten, pa t menm gen dis moun ki jis nan vil sa a (Jen. 18:32). Donk, yo pa t jis, e Jewova te gen rezon fè yo peye pou sa yo te fè. Bon, èske nou ka di aklè pa gen youn nan yo k ap leve lè “rezirèksyon [...] moun ki enjis” yo? Non, nou pa ka di sa!
9. Ki sa nou pa konnen anrapò ak Salomon?
9 Yon lòt bò, nou li istwa yon seri moun Bib la fè konnen ki te jis, men ki te vin enjis. Wa Salomon se youn nan yo. Li te konnen Jewova, li te konnen fason li dwe adore l, e Jewova te beni l anpil. Men, rive yon lè, Salomon te vin ap adore fo dye. Peche l te fè yo te fè Jewova fache anpil e sa te fè nasyon an soufri pandan plizyè syèk. Se vre Bib la di Salomon “al repoze bò kot zansèt li yo”, e pami zansèt sa yo gen yon seri mesye fidèl, tankou wa David (1 Wa 11:5-9, 43; 2 Wa 23:13). Men, lefètke Bib la di sa, èske se yon garanti Salomon ap resisite? Bib la pa di anyen sou sa. Sepandan, gen moun ki kapab di “yon moun ki mouri peye pou peche l”. (Wom. 6:7.) Se vre, men sa pa vle di tout moun ki mouri ap resisite kòmsi se yon dwa yo genyen pou yo gen lavi ankò. Rezirèksyon an se yon kado Bondye ki gen lanmou an bay. Se moun li vle bay posiblite pou sèvi l pou toutan li bay kado sa a (Jòb 14:13, 14; Jan 6:44). Èske Salomon ap jwenn kado sa a? Se Jewova ki konn repons lan. Nou pa konnen. Men, sa nou konnen, Jewova ap fè sa ki jis.
SA NOU KONNEN
10. Ki jan Jewova wè kesyon detwi moun nan? (Ezekyèl 33:11). (Gade foto a tou.)
10 Li Ezekyèl 33:11. Jewova ede n konprann jan l santi l lè l ap jije moun. Men sa apot Pyè te ekri lè l t ap site pawòl pwofèt Ezekyèl yo: “Jewova […] pa ta renmen pèsonn moun detwi.” (2 Pyè 3:9). Grasa verite sa a ki ankouraje nou, nou konnen Jewova pap kouri detwi yon moun pou toutan. Li gen anpil mizèrikòd, e li demontre mizèrikòd lè sa posib.
Lè moun ki enjis yo resisite, tout kalite moun pral gen posiblite aprann konnen Jewova. (Gade paragraf 10.)
11. Kiyès ki pap resisite, e kòman nou fè konn sa?
11 Ki sa nou konnen konsènan moun ki pap resisite yo? Bib la bay kèk egzanp sèlmanb. Jezi te fè konnen Jida Iskaryòt pap resisite. (Mak 14:21; gade Jan 17:12 tou.) Jida te byen konnen se kont Jewova Dye ak Pitit Li a li t ap aji, men l te fè sa kanmenm. (Gade Mak 3:29.) Konsa tou, Jezi te di kèk nan chèf relijye ki te opoze avè l yo pap resisite (Mat. 23:33; gade Jan 19:11)c. E apot Pòl te fè konnen aposta ki pa repanti yo pap resisite. — Ebre 6:4-8; 10:29.
12. Ki sa nou konnen anrapò ak mizèrikòd Jewova? Bay kèk egzanp.
12 Sepandan, ki sa nou konnen anrapò ak mizèrikòd Jewova? Ki jan Jewova te montre li “pa ta renmen pèsonn moun detwi”? Ann wè fason Jewova te demontre mizèrikòd pou yon seri moun ki te fè peche grav. Wa David te fè yon seri peche grav, sa gen ladan l adiltè ak zak asasinay. Men, David te repanti. Se sa k fè Jewova te fè l mizèrikòd, li te padone l (2 Sam. 12:1-13). Wa Manase te mechan anpil, li te pase prèske tout vi l ap fè mechanste. Menm nan sitiyasyon sa a ki te grav anpil, Jewova te fè mesye sa a mizèrikòd e l te padone l, paske l te repanti (2 Kwo. 33:9-16). Egzanp sa yo fè n sonje Jewova demontre mizèrikòd depi l wè gen yon rezon pou sa. Jewova ap resisite moun sa yo paske yo te rekonèt yo te fè yon seri peche grav e yo te repanti.
13. a) Poukisa Jewova te fè moun Niniv yo mizèrikòd? b) Ki sa Jezi te di annapre konsènan moun Niniv yo?
13 Nou konnen tou Jewova te fè moun Niniv yo mizèrikòd. Li te di Jonas: “Mwen wè move bagay y ap fè yo.” Men, lè yo te repanti, Jewova te kontan padone yo. Li te gen plis mizèrikòd lontan pase Jonas. Pwofèt Jonas te fache, e Bondye te oblije fè l sonje moun Niniv yo “pa [t] menm konn sa ki byen ak sa ki mal”. (Jon. 1:1, 2; 3:10; 4:9-11.) Annapre, Jezi te sèvi ak egzanp sa a pou montre Jewova gen jistis ak mizèrikòd. Jezi te di moun Niniv yo ki te repanti ap “leve lè jijman an”. — Mat. 12:41.
14. Ki sa “resisite pou jijman” pral vle di pou moun Niniv yo?
14 Lè Jezi te di moun Niniv yo ap “leve lè jijman an”, ki sa l te vle di? Jezi te fè konnen ap gen moun k ap “resisite pou jijman”. (Jan 5:29.) Li t ap pale konsènan Rèy mil an an, kote “ni [...] moun ki jis ni [...] moun ki enjis” ap resisite (Tra. 24:15). Moun ki enjis yo pral “resisite pou jijman”. Sa vle di, lè moun sa yo resisite, Jewova ak Jezi pral gade pou yo wè si y ap obeyi e si y ap aplike sa y ap aprann yo. Apre yon moun Niniv fin resisite, si l refize adore Jewova, Li pap kite l kontinye viv (Eza. 65:20). Men, tout moun ki chwazi adore Jewova fidèlman ap gen posiblite viv pou toutan! — Dàn. 12:2.
15. a) Poukisa nou pa dwe di pa gen okenn moun ki te detwi nan vil Sodòm ak Gomò k ap resisite? b) Ki jan nou ka konprann pawòl ki nan Jid 7 yo? (Gade kare ki gen tit “Ki sa Jid te vle di?”)
15 Lè Jezi t ap pale konsènan moun Sodòm ak Gomò yo, li te di sa t ap pi fasil pou yo nan “Jou Jijman an” pase pou moun ki pa t koute l e ki pa t aksepte ansèyman l yo (Mat. 10:14, 15; 11:23, 24; Lik 10:12). Ki sa l te vle di? Nou ka panse sa Jezi t ap di yo pa t literal e l te jis egzajere sa l t ap di yo pou l te bay yon egzanp. Men, sanble sa l t ap di yo te gen yon sans literal. Lè l te di moun Niniv yo t ap “leve lè jijman an”, li te di sa nan yon sans literal. E nan toule de ka sa yo, se sèten li t ap pale konsènan menm “Jou Jijman” an. Menm jan ak moun Niniv yo, moun Sodòm ak Gomò yo te fè yon seri bagay ki mal, men, moun Niniv yo te gen posiblite pou yo repanti. Epitou, sonje Jezi te di se “moun ki te pratike sa ki mal” k ap “resisite pou jijman” an (Jan 5:29). Sanble gen espwa pou moun Sodòm ak Gomò yo. Li posib pou omwen kèk nan yo resisite, e petèt n ap gen posiblite aprann yo konnen Jewova ak Jezi Kris.
16. Ki sa nou konnen anrapò ak fason Jewova pral deside kiyès k ap resisite? (Jeremi 17:10).
16 Li Jeremi 17:10. Vèsè sa a ede n wè kèk bagay nou konnen. Nou konnen Jewova toujou “egzamine kè”, li “egzamine panse ki pi pwofon yo”. Anrapò ak rezirèksyon ki pral fèt la, li pral “bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo”, jan l te toujou fè sa. Jewova ap montre l fèm lè sa nesesè. Men, l ap demontre mizèrikòd lè sa posib. Donk, nou pa ta dwe janm di yon moun pap resisite, amwenske nou konnen Bib la di sa!
“JIJ TOUT TÈ A” PRAL “FÈ SA KI JIS”
17. Ki sa k pral rive moun ki mouri yo?
17 Depi lè Adan ak Èv te suiv Satan e yo te fè rebèl ak Jewova Dye, gen plizyè milya moun ki mouri. “Lanmò” se yon “ènmi” ki terib anpil (1 Kor. 15:26)! Ki sa k pral rive tout moun sa yo? Gen yon ti kantite disip Kris ki fidèl, 144000 antou, ki gen pou resisite pou yo viv nan syèl, e yo pap ka mouri (Rev. 14:1). Gen yon pakèt gason ak fi ki te fidèl ki te renmen Jewova ki pral pami “moun ki jis” k ap resisite yo, e yo pral viv pou toutan sou tè a si yo kontinye fè sa ki jis pandan Rèy mil an Kris la e pandan dènye eprèv la (Dàn. 12:13; Ebre 12:1). Epitou, pandan Rèy mil an an, “moun ki enjis” yo, sa gen ladan l moun ki pa t janm sèvi Jewova oubyen menm ki te “pratike sa ki mal”, pral gen posiblite pou yo chanje fason yo aji e pou yo fidèl ak Jewova (Lik 23:42, 43). Men, gen yon seri moun ki te tèlman mechan, ki te tèlman deside fè rebèl ak Jewova e ki te tèlman opoze ak objektif li, Jewova deside yo pap janm resisite. — Lik 12:4, 5.
18-19. a) Poukisa nou kapab fè Jewova konfyans anrapò ak fason li pral jije moun ki mouri yo? (Ezayi 55:8, 9). b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?
18 Èske nou gen bonjan rezon pou n kwè lè Jewova ap jije moun li toujou pran bon desizyon an? Wi! Abraram te byen konprann Jewova se “Jij tout tè a”, yon Jij ki pafè, ki toujou aji avèk sajès e ki gen mizèrikòd. Jewova bay Pitit Gason l lan fòmasyon e l ba l responsablite pou l jije tout moun (Jan 5:22). Ni Papa a ni Pitit la kapab li sa k nan kè chak moun (Mat. 9:4). Donk, lè y ap jije chak moun, y ap toujou “fè sa ki jis”!
19 Ann pran detèminasyon pou n fè Jewova konfyans e pou n fè tout desizyon l pran konfyans. Nou rekonèt nou pa gen kapasite pou n jije, men, li menm, li gen kapasite sa a! (Li Ezayi 55:8, 9.) Donk, n ap kite tout jijman an nan men l ak nan men Pitit li a, Wa ki toujou demontre jistis ak mizèrikòd menm jan ak Papa l la, paske nou fè yo konfyans (Eza. 11:3, 4). Men, ki sa nou ka di anrapò ak fason Jewova ak Jezi pral jije moun yo pandan gwo tribilasyon an? Ki sa nou pa konnen? E ki sa nou konnen? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.
KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun
b Anrapò ak Adan, Èv ak Kayen, gade Toudegad 1ye janvye 2013, paj 12, nòt.