BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 me p. 32
  • Fason pou n andire enjistis yo fè nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n andire enjistis yo fè nou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • “Jij tout tè a” toujou fè sa ki jis
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • ‘Ki jan m ta ka fè yon gwo bagay mal konsa?’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Jewova ap ede w reyisi nan sa w ap fè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Yon esklav ki te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 me p. 32

KÈK IDE SOU SA W KA ETIDYE

Fason pou n andire enjistis yo fè nou

Li Jenèz 37:​23-28; 39:​17-23 pou n aprann yon leson nan fason Jozèf te andire enjistis yo te fè l.

Egzamine kontèks la. Poukisa yo te mal aji ak Jozèf (Jen. 37:​3-11; 39:​1, 6-10)? Pandan konbyen tan Jozèf te oblije andire enjistis yo te fè l (Jen. 37:2; 41:46)? Nan moman sa a, ki sa Jewova te fè pou Jozèf, e ki sa L pa t fè? — Jen. 39:​2, 21; w23.01 17 § 13.

Fouye plis. Bib la pa di Jozèf te defann tèt li lè madan Potifa te lage fo akizasyon sou do l. Ki jan vèsè ki vin annapre yo ka ede n reflechi sou rezon ki fè Jozèf te ka chwazi pa di anyen oswa sou rezon ki fè nou pa bezwen atann n ap jwenn tout detay sou sa (Pwo. 20:2; Jan 21:25; Tra. 21:37)? Ki kalite petèt ki te ede Jozèf andire enjistis yo te fè l? — Miche 7:7; Lik 14:11; Jak 1:​2, 3.

Ki leson nou aprann? Mande tèt ou:

  • ‘Antanke disip Jezi, ki enjistis mwen ka atann y ap fè m?’ (Lik 21:​12, 16, 17; Ebre 10:​33, 34).

  • ‘Ki sa m ka fè depi kounye a pou m ka andire lè yo fè m enjistis?’ (Sòm 62:​7, 8; 105:​17-19; w19.07 2-7).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje