Entwodiksyon
Èske w ta renmen viv nan yon monn ki pa gen lagè ankò? Pou anpil moun, ide sa a parèt twò bèl pou l ta yon reyalite. Bib la fè konnen rezon ki fè lèzòm pa reyisi mete fen nan lagè malgre tout efò yo fè. Epitou, li esplike rezon ki fè nou ka gen asirans li posib pou gen lapè nan monn nan, e talè konsa, sa pral vin yon reyalite.
Nan peryodik sa a, ekspresyon “lagè” ak “konfli” fè referans ak gwoup moun ak zam k ap goumen youn ak lòt pou rezon politik. Yo chanje kèk nan non moun yo site yo.