Lèzòm pa ka mete fen nan lagè
Fason lagè ak vyolans pral fini
Bib la fè konnen se Bondye ki pral fè “pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”, se pa lèzòm ki pral fè sa. — Sòm 46:9.
BONDYE PRAL ELIMINE GOUVÈNMAN LÈZÒM YO
Bondye pral elimine gouvènman lèzòm yo pa mwayen gè Bib la rele lagè Amagedona an (Revelasyon 16:16). Nan moman sa a, “wa ki sou tout tè a” pral rasanble pou “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Revelasyon 16:14.) Amagedon se lagè Bondye pral fè pou l met fen nan tout gè.
Bondye pral ranplase gouvènman lèzòm yo ak Wayòm li an, oswa gouvènman l lan, ki pral dirije detan l nan syèl la e ki pap janm detwi (Dànyèl 2:44). Bondye chwazi Jezi Kris, Pitit Gason l lan, antanke Wa nan Wayòm nan (Ezayi 9:6, 7; Matye 28:18). Gouvènman sa a se Wayòmb Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou li a (Matye 6:9, 10). Tout moun sou tè a pral vin anba dominasyon yon sèl gouvènman ki gen Jezi kòm Dirijan.
Kontrèman ak dirijan lèzòm yo, Jezi pap itilize otorite l nan avantaj pa l. Piske li jis e li pa gen patipri, pèsonn pap bezwen enkyete yo pou yo pa neglije yo akoz ras yo, nasyonalite yo, oswa kote yo soti (Ezayi 11:3, 4). Epitou, moun yo pap gen pou yo goumen pou yo defann dwa yo ankò. Sa k fè n di sa? Paske Jezi pral veye sou byennèt chak moun. “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. [...] L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12-14.
Wayòm Bondye a pral retire zam ki lakòz lanmò sou tè a (Miche 4:3). Epitou, li pral detwi moun ki mechan ki refize sispann goumen oswa ki anpeche lòt moun gen lapè (Sòm 37:9, 10). Tout gason, tout fi ak tout timoun ap santi yo an sekirite kèlkeswa kote y ale sou tè a. — Ezekyèl 34:28.
Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, tout moun pral gen pi bèl vi ki te ka genyen an. Li pral elimine pwoblèm ki lakòz moun ap goumen yo, tankou lamizè, grangou, ak pwoblèm kay. Tout moun pral gen manje agogo, manje ki bon pou sante yo, e yo pral viv alèz nan bèl kay yo. — Sòm 72:16; Ezayi 65:21-23.
Anba dominasyon Wayòm Bondye a, move efè lagè lakòz yo pral disparèt. Nonsèlman sa gen ladan l blese fizik moun pran nan lagè, sa gen ladan l tou soufrans mantal ak emosyonèl moun genyen akoz bagay terib ki pase nan lagè. Menm moun ki te mouri yo pral resisite pou yo viv sou tè a (Ezayi 25:8; 26:19; 35:5, 6). Fanmi yo pral reyini ansanm ankò e move souvni moun genyen akoz lagè pral fè pati “ansyen bagay [ki gen pou] disparèt” yo. — Revelasyon 21:4.
BONDYE PRAL ELIMINE PECHE
Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, tout moun pral adore Jewovac, sèl vrè Dye a, “Bondye lanmou an, Bondye lapè a”. (2 Korentyen 13:11.) Moun pral aprann fason pou yo viv ansanm nan lapè (Ezayi 2:3, 4; 11:9). Tout moun ki viv ann amoni ak sa yo aprann yo pral libere anba move konsekans peche pote. — Women 8:20, 21.
BONDYE PRAL ELIMINE SATAN AK DEMON L YO
Wayòm Bondye a pral detwi sila yo ki lakòz gen lagè, anpalan de Satan ak demon l yo (Revelasyon 20:1-3, 10). Lè yo pap enfliyanse moun ankò, “lapè ap blayi tout kote”. — Sòm 72:7.
Ou mèt gen asirans pwomès Bondye fè pou l elimine lagè ak vyolans lan pral reyalize. Li gen kapasite ak anvi pou l elimine lagè.
Bondye gen sajès ak pouvwa ki nesesè pou l met fen nan lagè ak vyolans (Jòb 9:4). Pa gen anyen ki enposib pou l fè. — Jòb 42:2.
Bondye rayi wè lè moun ap soufri (Ezayi 63:9). Epitou, li “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.
Bondye toujou kenbe pwomès li, li pa ka bay manti. — Ezayi 55:10, 11; Tit 1:2.
Alavni, Bondye pral fè gen vrè lapè a, yon lapè k ap la pou toutan.
Bondye pral elimine lagè
a Li atik ki gen tit “Ki sa lagè Amagedon an ye?” sou jw.org.
b Gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye? sou jw.org.