ATIK ETID 11
KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun
Ann imite Jezi ki te chofe nan travay predikasyon an
“Seyè a [...] voye yo de pa de devan l nan chak vil ak chak kote li t ap gen pou l ale.” — LIK 10:1.
PWEN KLE
Kat fason nou ka imite Jezi lè n chofe nan travay predikasyon an.
1. Bay youn nan bagay ki montre diferans ki genyen ant sèvitè Jewova yo ak lòt moun ki di yo se kretyen.
YOUN nan bagay ki montre diferans ki genyen ant sèvitè Jewova yo ak lòt moun ki di yo se kretyen se lefètke nou preche e n chofea nan travay predikasyon an (Tit 2:14). Sepandan, gendelè ou ka twouve l difisil pou w kontan al preche. Petèt, ou ka santi w menm jan ak yon ansyen k ap travay di nan kongregasyon l ki te di: “Pafwa, m jis pa anvi al preche.”
2. Ki sa k ka fè pafwa li pa fasil pou n kontinye chofe nan travay predikasyon an?
2 Nou ka santi n pi kontan lè n ap patisipe nan lòt fòm sèvis sakre n ap bay Jewova pase lè n ap patisipe nan travay predikasyon an. Sa k fè sa? Nou ka wè rezilta yo tousuit e n ka santi nou reyalize yon bagay lè n ap patisipe nan travay konstriksyon ak antretyen lokal òganizasyon an genyen yo, lè n ap ede lè gen katastwòf oswa lè n ap ankouraje frè n ak sè n yo. Nou renmen bèl anbyans lanmou ak lapè ki genyen lè n ap travay ansanm ak frè n ak sè n yo, e nou konnen yo apresye sa n fè pou yo. Yon lòt bò, nou ka gen anpil ane depi n ap preche nan menm tèritwa a e nou pa vrèman jwenn bon rezilta. Oubyen nou ka rankontre moun ki pa aksepte mesaj n ap preche a. Epitou, nou konnen toutpandan lafen an ap vin pi pre, nou ka jwenn plis moun ki pa renmen mesaj n ap preche a (Mat. 10:22). Ki sa k ka ede n vin pi chofe toujou nan travay predikasyon an?
3. Ki jan Lik 13:6-9 montre Jezi te chofe nan travay predikasyon an?
3 Nou ka aprann fason pou n vin chofe nan travay predikasyon an lè n egzamine egzanp Jezi. Lè Jezi te sou tè a, li pa t janm sispann fè efò pou l preche lòt moun. Anfèt, plis tan t ap pase, li te ogmante aktivite l. (Li Lik 13:6-9.) Menm jan moun ki t ap pran swen jaden rezen an te pase twazan ap pran swen yon pye fig frans ki pa t bay okenn fwi, Jezi te pase anviwon twazan ap preche Juif yo, e pifò ladan yo pa t enterese nan mesaj li a. Sepandan, menm jan moun ki t ap pran swen jaden rezen an te kontinye gen espwa pye fig frans la t ap bay fwi, se konsa tou Jezi pa t dekouraje ak moun yo oswa ralanti nan travay predikasyon an. Okontrè, li te fè plis efò pou l te eseye touche kè yo.
4. Bay kat bagay nou pral aprann nan egzanp Jezi.
4 Nan atik sa a, nou pral wè fason Jezi te montre l chofe nan travay predikasyon an, sitou nan sis dènye mwa li te pase ap preche a. Lè n aprann sa Jezi te anseye e nou suiv egzanp li, sa ap ede n kontinye chofe nan travay predikasyon an jodi a. Ann egzamine egzanp Jezi nan kat domèn: 1) Li te ret konsantre sou fè volonte Jewova, 2) li te bay pwofesi ki nan Bib la anpil enpòtans, 3) li te konte sou Jewova pou ede l, e 4) li te kontinye ret pozitif paske l te kwè gen moun ki t ap vle koute l.
LI TE RET KONSANTRE SOU FÈ VOLONTE JEWOVA
5. Ki jan Jezi te montre li te konsantre sou fè volonte Bondye?
5 Jezi te chofe pou l preche “bon nouvèl Wayòm” nan paske l te konnen se travay sa a Bondye te vle l fè (Lik 4:43). Jezi te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l. Menm nan fen sèvis li sou tè a, li te vwayaje “sot nan yon vil al nan yon lòt vil, sot nan yon bouk al nan yon lòt” pou l te anseye lòt moun (Lik 13:22). Epitou, li te bay lòt disip fòmasyon pou yo preche menm jan avè l. — Lik 10:1.
6. Ki rapò travay predikasyon an genyen ak lòt travay nou ka gen nan sèvis Jewova a? (Gade foto a tou.)
6 Jodi a tou, preche bon nouvèl la se travay ki pi enpòtan Jewova ak Jezi vle nou fè (Mat. 24:14; 28:19, 20). Travay predikasyon an gen yon rapò dirèk ak lòt asiyasyon nou gen nan sèvis Jewova a. Pa egzanp, nou patisipe nan konstriksyon òganizasyon an fè oswa nou sèvi nan Betèl pou n soutni travay k ap fèt nan tèritwa a. Nou bay frè n ak sè n yo èd apre yon katastwòf pou ede yo rekòmanse aktivite yo nan sèvis Jewova, sa gen ladan l travay predikasyon an. Lè n rekonèt enpòtans travay predikasyon an genyen e n sonje se prensipal travay Jewova vle nou fè, n ap gen plis anvi pou n patisipe regilyèman nan travay sa a. Men sa János, yon ansyen k ap viv nan peyi Ongri, di: “Mwen fè efò pou m toujou sonje pa gen okenn travay nan sèvis Jewova a ki ka ranplase travay predikasyon an. Se travay ki pi enpòtan nou gen pou nou fè.”
Jodi a, preche bon nouvèl la se travay ki pi enpòtan Jewova ak Jezi vle n fè. (Gade paragraf 6.)
7. Poukisa Jewova vle nou kontinye preche? (1 Timote 2:3, 4).
7 Nou ka vin pi chofe nan travay predikasyon an lè n wè moun yo jan Jewova wè yo. Li vle pou pi plis moun posib tande bon nouvèl la e pou yo aprann laverite. (Li 1 Timote 2:3, 4.) Se sa k fè li ban nou fòmasyon pou n ka vin pi maton nan pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Pa egzanp, bwochi Renmen moun, epi fè disip la bay bonjan konsèy ki kapab ede n kòmanse konvèsasyon pou n ka fè disip. Menmsi moun yo pa byen reyaji kounye a, yo ka gen posiblite pou yo fè sa anvan gwo tribilasyon an fini. Sa nou di yo kounye a kapab se sa ki pral pouse yo byen reyaji alavni. Men, sa ap rive fèt si nou kontinye preche.
LI TE BAY PWOFESI KI NAN BIB LA ANPIL ENPÒTANS
8. Lefètke Jezi te konnen pwofesi ki nan Bib la, ki jan sa te ede l byen sèvi ak tan l?
8 Jezi te konprann fason pwofesi nan Bib la t ap gen pou yo reyalize. Li te konnen sèvis li sou tè a t ap dire sèlman twazan edmi (Dàn. 9:26, 27). Epitou, li te konnen pwofesi yo te anonse li t ap gen pou l soufri e l t ap gen pou l mouri (Lik 18:31-34). Lefètke Jezi te konnen sa pwofesi yo te di, li te byen sèvi ak tan l. Se sa k fè li te chofe nan travay predikasyon an pou l te ka fini travay Papa l te ba l fè a.
9. Ki jan pwofesi ki nan Bib la ede n kontinye chofe nan travay predikasyon an?
9 Lè n byen konprann pwofesi ki nan Bib la, sa ka fè n chofe nan travay predikasyon an. Nou konnen pa ret anpil tan pou sistèm sa a detwi. Nou konprann evènman k ap pase jodi a ak atitid moun yo se egzakteman sa Bib la te anonse pou dènye jou yo. Nou rive konprann chirepit ki gen ant Pisans mondyal anglo-ameriken an ak Larisi ansanm ak akolit li yo ap reyalize pwofesi ki gen rapò ak wa sid la ak wa nò a “nan tan lafen an”. (Dàn. 11:40.) Epitou, nou konprann pye estati Dànyèl 2:43-45 pale de li a reprezante Pisans mondyal anglo-ameriken an. Nou gen konviksyon, jan pwofesi yo montre sa, talè konsa, nan yon tikras tan ankò, Wayòm Bondye a pral detwi gouvènman lèzòm yo. Tout pwofesi sa yo montre n ap viv nan dènye pati dènye jou yo. Donk, nou dwe pi byen sèvi ak tan nou toujou pou n preche bon nouvèl la.
10. Ki lòt fason pwofesi ki nan Bib la ka fè n chofe nan travay predikasyon an?
10 Epitou, se pa ti anvi nou anvi pataje mesaj ki nan pwofesi ki nan Bib la ak moun yo! Men sa Carrie, yon sè k ap sèvi nan Repiblik dominikèn, di: “Bèl pwomès Jewova fè anrapò ak bèl avni li rezève pou nou an pouse m pataje laverite ak lòt moun.” Men sa l ajoute: “Lè m wè sa moun yo ap andire jodi a, m rann mwen kont pwomès sa yo se pa jis pou mwen, men, se pou yo tou.” Pwofesi ki nan Bib la montre Jewova ap ede n nan travay predikasyon an, e sa ankouraje n pou n kontinye preche. Men sa Leila k ap viv nan peyi Ongri di: “Ezayi 11:6-9 ankouraje m pou m pataje bon nouvèl la menm ak moun ki sanble pap aksepte l. Mwen konnen avèk èd Jewova nenpòt moun ka chanje.” Men sa Christopher, yon frè k ap viv nan peyi Zanbi, di: “Selon sa Mak 13:10 fè konnen, bon nouvèl la ap gaye toupatou sou tè a, e m santi se yon onè pou m patisipe nan reyalizasyon pwofesi sa a.” Ki pwofesi nan Bib la ki pouse w kontinye preche?
LI TE KONTE SOU JEWOVA POU L EDE L
11. Poukisa Jezi te bezwen konte sou Jewova pou ede l pou l te kontinye chofe nan travay predikasyon an? (Lik 12:49, 53).
11 Jezi te konte sou Jewova pou ede l pou l te ka kontinye chofe nan travay predikasyon an. Menm lè Jezi te konn pale ak moun yo ak respè, li te konnen bon nouvèl Wayòm nan t ap lakòz gwo divizyon ak gwo opozisyon. (Li Lik 12:49, 53.) Akoz travay predikasyon Jezi t ap fè a, chèf relijye yo te eseye touye l plizyè fwa (Jan 8:59; 10:31, 39). Men, Jezi te kontinye preche paske l te konnen Jewova te avè l. Men sa l te di: “Mwen pa poukont mwen, men Papa a ki voye m nan ansanm avè m. [...] Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” — Jan 8:16, 29.
12. Ki jan Jezi te prepare disip li yo pou yo kontinye preche lè yo jwenn pèsekisyon?
12 Jezi te fè disip li yo sonje yo te kapab konte sou Jewova pou ede yo. Plizyè fwa, li te ba yo asirans Jewova ap ede yo, menm lè yo jwenn pèsekisyon (Mat. 10:18-20; Lik 12:11, 12). Se sa k fè li te di yo pou yo pridan (Mat. 10:16; Lik 10:3). Li te mande yo pou yo pa fòse moun ki pa vle koute mesaj y ap preche a (Lik 10:10, 11). E li te di yo pou yo kouri al nan yon lòt zòn si yo pèsekite yo (Mat. 10:23). Menm lè Jezi te chofe nan travay predikasyon an e l te fè Jewova konfyans, li pa t konn met lavi l an danje san nesesite. — Jan 11:53, 54.
13. Sa k fè w ka gen asirans Jewova ap ede w?
13 Jodi a tou, nou bezwen èd Jewova pou n ka kontinye chofe nan travay predikasyon an, menm lè n jwenn opozisyon (Rev. 12:17). Sa k fè w ka gen asirans Jewova ap ede w? Ann egzamine priyè Jezi te fè ki nan Jan chapit 17 la. Jezi te mande Jewova pou l voye je sou apot yo, e Jewova te fè sa Jezi te mande a. Liv Travay la montre fason Jewova te ede apot yo pou yo kontinye chofe nan travay predikasyon an malgre yo te jwenn pèsekisyon. Epitou, nan priyè Jezi te fè a, li te mande Papa l pou l voye je sou moun ki t ap met lafwa yo nan mesaj apot yo t ap preche a. Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Jewova pa sispann fè sa Jezi te mande nan priyè l te fè a. L ap ede w menm jan L te ede apot yo. — Jan 17:11, 15, 20.
14. Ki jan n fè konnen n ap ka kontinye preche toutpandan n chofe nan travay sa a? (Gade foto a tou.)
14 Tank lafen an ap pwoche, menmsi l vin pi difisil pou nou preche bon nouvèl la, n ap jwenn tout èd nou bezwen (Lik 21:12-15). Menm jan ak Jezi ak disip li yo, nou kite moun yo deside si yo vle koute, oubyen si yo pa vle koute, e n evite fè diskisyon ki pa nesesè. Menm nan peyi kote yo met restriksyon sou travay n ap fè a, frè n ak sè n yo rive kontinye preche bon nouvèl la, paske yo konte sou Jewova, e yo pa konte sou pwòp fòs pa yo. Menm jan ak nan premye syèk, la Jewova ban nou lespri sen pou travay “predikasyon an ka fèt nèt” jan l vle a (2 Tim. 4:17). Si w konte sou Jewova, ou kapab gen asirans w ap ka kontinye preche e w ap ka chofe nan travay sa a.
Menm lè yo met restriksyon sou travay n ap fè a, pwoklamatè ki chofe nan travay predikasyon an chèche fason pou yo preche toutpandan y ap pran prekosyon. (Gade paragraf 14.)b
LI TE KONTINYE RET POZITIF
15. Ki sa k montre Jezi te gen konfyans travay predikasyon an t ap bay bon rezilta?
15 Jezi te kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an. Sa te ede l kontinye gen kè kontan nan sèvis li. Pa egzanp, nan fen ane 30 epòk nou an, Jezi te wè gen anpil moun ki te dispoze koute bon nouvèl la e l te konpare yo ak yon jaden ki pare pou yo rekòlte l (Jan 4:35). Anviwon ennan annapre, men sa l te di disip li yo: “Rekòt la anpil.” (Mat. 9:37, 38). Epi, annapre, men sa l te di yo ankò: “Rekòt la anpil, [...] priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Lik 10:2). Jezi te toujou gen konfyans gen moun ki t ap koute bon nouvèl la e l te rejwi lè yo te fè sa. — Lik 10:21.
16. Ki jan egzanp Jezi te bay yo montre nou ta dwe pozitif nan travay predikasyon an? (Lik 13:18-21). (Gade foto a tou.)
16 Jezi te anseye disip li yo pou yo ret pozitif nan travay predikasyon an, e sa t ap ankouraje yo pou yo kontinye chofe nan travay la. Ann egzamine de nan egzanp li te bay yo. (Li Lik 13:18-21.) Jezi te pran egzanp yon grenn moutad pou l fè konnen mesaj Wayòm nan t ap gaye yon fason estrawòdinè, e pa gen anyen ki t ap ka anpeche sa rive. Epitou, li te pran egzanp ledven pou l te montre ki jan mesaj Wayòm nan t ap gaye toupatou e sa t ap fè moun yo fè chanjman nan lavi yo, menm lè lòt moun pa t ap wè chanjman sa yo tousuit. Se sa k fè Jezi te ede disip li yo wè mesaj yo t ap preche a t ap ede anpil moun.
Menm jan ak Jezi, nou espere kèk moun ap byen reyaji lè n ap preche bon nouvèl la. (Gade paragraf 16.)
17. Ki rezon nou genyen pou n kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an?
17 Lè n reflechi ak kantite moun travay predikasyon an ede toupatou sou tè a jodi a, sa pouse n pou n kontinye chofe nan travay sa a. Chak ane, plizyè milyon moun ki enterese asiste Memoryal la e yo dakò pou n etidye Labib avè yo. Plizyè santèn milye moun batize e yo vin patisipe ansanm avè n nan travay predikasyon an. Nou pa konn konbyen moun k ap aksepte mesaj n ap preche a, men nou konnen Jewova ap rasanble yon gwo foul moun ki pral chape nan gwo tribilasyon k ap vini an (Rev. 7:9, 14). Jewova se Mèt rekòt la e li gen konfyans anpil moun ap kontinye aksepte bon nouvèl la, se sa k fè nou gen bonjan rezon pou n kontinye preche.
18. Ki sa nou vle lòt moun wè?
18 Disip Jezi yo te toujou chofe nan travay predikasyon an. Lè moun yo te wè jan apot yo te alèz pou yo pale, “yo [te] vin rann yo kont mesye sa yo te konn avèk Jezi”. (Tra. 4:13.) Lè moun yo ap gade nou nan travay predikasyon an, se pou yo wè nou menm tou nou suiv egzanp Jezi, nou chofe nan travay la.
KANTIK 58 Ann chèche moun ki renmen lapè
a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a, mo “chofe” a gen rapò ak gwo kè kontan ak devouman kretyen yo genyen pandan y ap adore Jewova.
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap preche yon mesye nan yon ponp gaz toutpandan li pridan.