BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 mas p. 20-25
  • Ann kontinye mache selon lafwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann kontinye mache selon lafwa
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ N AP CHWAZI YON TRAVAY
  • LÈ N AP CHWAZI YON MOUN POU N MARYE
  • LÈ N RESEVWA ENSTRIKSYON ÒGANIZASYON JEWOVA A BAY
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sa n ka fè pou n elimine dout nou genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Pran desizyon k ap fè Jewova plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 mas p. 20-25

ATIK ETID 12

KANTIK 119 Nou dwe gen lafwa

Ann kontinye mache selon lafwa

“N ap mache selon lafwa, nou pap mache selon sa nou wè.” — 2 KOR. 5:7.

PWEN KLE

Fason n ka kontinye mache selon lafwa lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran.

1. Sa k fè apot Pòl te ka santi l satisfè lè l t ap reflechi ak lavi l?

GEN yon lè, apot Pòl te konnen pa t ret anpil tan pou yo touye l, men li te gen tout rezon pou l te santi l satisfè ak lavi l. Men sa l te di: “Mwen kouri nan kous la jis mwen fini l, mwen rete fèm nan lafwa.” (2 Tim. 4:​6-8). Pòl te pran bonjan desizyon pou l itilize lavi l nan sèvis Jewova, e l te sèten li te fè Jewova plezi. Nou menm tou, nou vle pran bon desizyon k ap fè n jwenn favè Bondye. Ki jan n ka fè sa?

2. Ki sa mache selon lafwa vle di?

2 Men sa Pòl te di lè l t ap panse ak tèt li e ak lòt kretyen fidèl: “N ap mache selon lafwa, nou pap mache selon sa nou wè.” (2 Kor. 5:7). Ki sa Pòl te vle di? Nan Bib la, pafwa mo “mache” a vle di fason yon moun chwazi viv lavi l. Lè yon moun ap mache selon sa l wè sèlman, li pran desizyon ki baze sèlman sou sa li ka wè, sa l ka tande ak sa l santi. Yon lòt bò, lè yon moun ap mache selon lafwa, li pran desizyon ki baze sou konfyans li gen nan Jewova Dye. Aksyon l yo montre li gen konviksyon Bondye ap rekonpanse l e l ap jwenn byenfè lè l suiv konsèy Jewova ban nou nan Pawòl li a. — Sòm 119:66; Ebre 11:6.

3. Ki byenfè n ap jwenn lè n ap mache selon lafwa? (2 Korentyen 4:18).

3 Natirèlman, nou tout konn pran desizyon ki baze sou sa n wè, sa n tande ak sa n santi. Sepandan, nou ka gen pwoblèm si n konsidere sèlman sa n wè oswa sa n tande lè n ap pran desizyon enpòtan. Poukisa? Paske pafwa, sa n tande oswa sa n wè ka pa egzak. Menm lè yo egzak, si n mache sèlman selon sa nou wè, sa ka rive nou pa fè volonte Bondye oswa nou pa koute konsèy li bay (Ekl. 11:9; Mat. 24:​37-39). Sepandan, lè n ap mache selon lafwa, n ap plis ka pran desizyon “k ap fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10.) Lè n suiv konsèy Bondye bay, sa ap fè n gen lapè e n ap gen kè kontan toutbon (Sòm 16:​8, 9; Eza. 48:​17, 18). Si nou kontinye mache selon lafwa, n ap gen lavi ki pap janm fini an. — Li 2 Korentyen 4:18.

4. Ki jan yon moun ka konnen si l ap mache selon lafwa oswa selon sa l wè?

4 Ki sa k ap ede n konnen si n ap mache selon lafwa oswa selon sa nou wè? Nòmalman nou tout bezwen mande tèt nou: Ki sa k pouse n pran desizyon nou pran yo? Èske se sèlman bagay nou ka wè? Oubyen, èske n kite konfyans nou gen nan Jewova ak konsèy li bay yo gide nou? Ann wè fason nou ka kontinye mache selon lafwa nan twa domèn enpòtan: lè n ap chwazi yon travay, lè n ap chwazi yon moun pou n marye e lè n resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay. Nan chak domèn sa yo, nou pral wè ki sa nou ta dwe konsidere pou n ka pran bon desizyon.

LÈ N AP CHWAZI YON TRAVAY

5. Sou ki sa nou dwe reflechi lè n ap chwazi yon travay?

5 Nou tout bezwen pran swen tèt nou ak fanmi nou (Ekl. 7:12; 1 Tim. 5:8). Gen travay ki peye byen. Yo ka pèmèt yon moun jwenn kòb pou l sèvi chak jou e pou l fè ekonomi. Gen lòt travay ki peye mwens e yo pèmèt yon moun jwenn sèlman sa ki nesesè pou li menm ak fanmi l. Lè n ap deside si n ap aksepte yon travay oubyen si nou pap aksepte l, nòmalman, n ap reflechi sou kantite kòb y ap peye nou. Men, si se sèlman kantite kòb y ap peye nou ki enpòtan pou nou, sa ka montre se sitou selon sa nou wè n ap mache.

6. Ki jan nou ka mache selon lafwa lè n ap chwazi yon travay? (Ebre 13:5).

6 Epitou, si n ap mache selon lafwa, n ap egzamine ki jan travay la ka gen efè sou relasyon n ak Jewova. Nou ta ka mande tèt nou: ‘Èske travay sa a ka mande pou m fè yon seri bagay Jewova rayi?’ (Pwo. 6:​16-19). ‘Èske travay sa a ka gen efè sou adorasyon m ap bay Jewova a, e petèt, li ka fè m rete lwen fanmi m pandan anpil tan?’ (Flp. 1:10). Si repons pou kesyon sa yo se wi, nou t ap montre nou gen sajès lè n pa aksepte travay sa a menm lè l pa fasil pou n jwenn travay. Lefètke n ap mache selon lafwa, nou pran desizyon ki montre nou gen konviksyon Jewova ap pran swen nou yon fason oswa yon lòt. — Mat. 6:33; li Ebre 13:5.

7-8. Ki jan yon frè ann Amerik disid te mache selon lafwa? (Gade foto a tou.)

7 Gen yon frè ann Amerik disid ki rele Javiera ki te wè nesesite pou l mache selon lafwa. Men sa l di: “Mwen te aplike pou yon gwo pòs nan travay mwen te ye a ki t ap peye m de fwa kòb mwen t ap touche a e ki t ap fè m santi m byen.” Sepandan, Javier te vrèman anvi vin pyonye. Men sa l di ankò: “Mwen te gen randevou pou yo fè entèvyou avè m pou pòs la. Anvan entèvyou a, m te priye Jewova pou l ede m. Mwen te gen konviksyon Jewova te konnen sa k te pi bon pou mwen. Mwen te vle jwenn yon bon pòs pou m te ka touche plis. Men, mwen pa t ap vle jwenn travay sa a si l pa t ap ede m reyalize objektif mwen genyen nan sèvis Jewova a.”

8 Men sa Javier di: “Pandan entèvyou a, manadjè a te fè m konnen m ap bezwen fè siplemantè souvan. Avèk respè, m te fè l konnen mwen pap kapab paske m ap bezwen tan pou m preche.” Donk, Javier pa t aksepte pòs la. De semèn annapre, li te kòmanse sèvi antanke pyonye. Kèk mwa annapre, li te jwenn yon travay ki pa t pran tout tan l. Men sa l di: “Jewova te tande priyè m yo e l te fè m jwenn yon travay ki pèmèt mwen ret nan sèvis pyonye a. Mwen vrèman kontan dèske mwen jwenn yon travay ki fè m jwenn plis tan pou m sèvi Jewova ak frè m ak sè m yo.”

Yon frè ki gen yon kas anba bra l ak rad travay li sou li, e sipèvizè l la mennen l nan yon biwo ki pa gen moun ladan l. Sipèvizè a ap ofri l yon pwomosyon.

Si yo ta ofri w yon pwomosyon nan travay ou, èske desizyon w ap pran an t ap montre ou gen konviksyon Jewova konn sa k pi bon pou ou? (Gade paragraf 7-8.)


9. Ki sa w aprann nan eksperyans Trésor te fè a?

9 Ki sa n ta dwe fè si n ta remake travay nou gen kounye a pa pèmèt nou mache selon lafwa? Ann pran egzanp yon frè k ap viv nan peyi Kongo ki rele Trésor. Men sa l di: “Nouvo travay mwen an te ban m anpil avantaj. Mwen t ap touche twa fwa kòb mwen te konn touche anvan an e moun te respekte m.” Sepandan, Trésor te konn rate reyinyon souvan paske l t ap fè siplemantè. Epitou, travay la te fè presyon sou li pou l fè magouy. Trésor te vle bay demisyon l, men l te pè pou l pa t ka jwenn yon lòt travay. Ki sa k te ede l? Men sa l di: “Abakouk 3:​17-19 te ede m konprann menmsi m ta pèdi travay mwen, Jewova t ap pran swen m kanmenm. Se sa k fè m te kite travay la.” Alafen, men sa l di: “Anpil anplwaye panse yon moun ap fè nenpòt sakrifis depi travay li byen peye l. Li ka menm neglije fanmi l ak sèvis l ap bay Bondye. Mwen kontan mwen te kenbe bon relasyon mwen gen ak Jewova a e m rete pwòch ak moun nan fanmi m. Ennan annapre, Jewova te ede m jwenn yon bon travay ki te pèmèt mwen mennen yon viv senp, e m te jwenn plis tan pou m sèvi l. Lè nou bay Jewova premye plas nan lavi nou, nou ka vin gen pwoblèm ekonomik pandan yon tan, men, Jewova ap pran swen nou.” An reyalite, si n fè konsèy Jewova bay yo ak pwomès li fè yo konfyans, n ap kontinye mache selon lafwa e l ap beni nou.

LÈ N AP CHWAZI YON MOUN POU N MARYE

10. Ki sa k ta ka fè n mache selon sa nou wè lè n ap chwazi yon moun pou n marye?

10 Maryaj se yon kado Jewova ban nou, e li nòmal pou n ta renmen marye. Lè yon sè ap panse ak yon frè ki te ka vin mari l, li ka panse ak pèsonalite frè a, aparans li, repitasyon l, sitiyasyon ekonomik li, si l gen fanmi sou responsablite l e si l fè kè sè a kontanb. Bagay sa yo enpòtan. Sepandan, si se ak bagay sa yo sèlman sè a ap panse, sa te ka montre l ap mache selon sa l wè.

11. Ki jan nou kapab mache selon lafwa lè n ap chwazi yon moun pou n marye? (1 Korentyen 7:39).

11 Lè frè n ak sè n yo suiv konsèy Jewova bay lè y ap chwazi yon moun pou yo marye, se pa ti kontan sa dwe fè Jewova kontan! Pa egzanp, yo koute konsèy Bib la bay ki fè konnen yon moun ki ta vle marye “pa [ta dwe] twò jèn”. (1 Kor. 7:36.) Lè y ap panse ak yon moun yo ta renmen marye avè l, yo chèche wè sitou si moun sa a gen bèl kalite Jewova di k ap fè l vin yon bon mari oswa yon bon madanm (Pwo. 31:​10-13, 26-28; Efe. 5:33; 1 Tim. 5:8). Si yon moun ki poko batize antanke Temwen Jewova ta montre l enterese nan yo, yo montre yo fè konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen 7:39 la konfyans. (Li vèsè a.) Men sa l di: “[Yon moun] lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a”. Yo kontinye mache selon lafwa e yo konnen Jewova ka ede yo jere santiman yo pi byen pase nenpòt lòt moun. — Sòm 55:22.

12. Ki sa w aprann nan eksperyans Rosa te fè a?

12 Ann pran egzanp Rosa, yon pyonye nan peyi Kolonbi. Akoz travay li, byen souvan, li te konn ansanm ak yon mesye ki pa temwen ki te kòmanse montre li enterese nan li. Rosa pa t rayi mesye a. Men sa l di: “Li te sanble yon bon moun. Li te konn ede moun nan zòn kote l t ap viv la, li pa t gen move abitid tankou fimen, pran dwòg e l pa t yon bwasonyè. Mwen te renmen fason l te aji avè m. Li te gen kalite m t ap chèche lakay yon moun ki te ka vin mari m, men, li pa t yon Temwen.” Men sa Rosa di apre sa: “Li te difisil pou m di l non paske m pa t rayi l ditou. Nan epòk sa a, m te santi m poukò m e m te vle marye. Men, m pa t ka jwenn yon frè.” Sepandan, Rosa pa t konsantre l sèlman sou sa l te ka wè. Li te reflechi sou fason desizyon l lan te ka gen efè sou relasyon l ak Jewova. Se sa k fè li te koupe tout kontak ak mesye a e l te rete okipe nan sèvis li pou Jewova. Yon ti tan annapre, yo te envite l nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, e kounye a, li se pyonye espesyal. Men sa Rosa di: “Jewova ban m anpil benediksyon ki fè kè m kontan anpil.” Menm lè l ka pa toujou fasil pou n mache selon lafwa lè kè nou ap pouse nou aji yon fason Jewova pa vle, li toujou pi bon pou nou lè n koute Jewova.

LÈ N RESEVWA ENSTRIKSYON ÒGANIZASYON JEWOVA A BAY

13. Ki sa k ta ka fè n mache selon sa nou wè lè n resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay?

13 Souvan, nou resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay pa mwayen ansyen yo, siveyan sikonskripsyon yo, biwo filyal la oswa Kolèj santral la pou gide nou nan adorasyon n ap bay Jewova a. Men, pafwa, nou ka pa konprann rezon ki fè yo bay enstriksyon sa yo. Nou ka sèlman wè difikilte nou jwenn lè n suiv yo. Nou ka menm kòmanse konsantre sou enpèfeksyon frè ki bay enstriksyon sa yo. Si n ta fè sa, nou t ap montre n ap mache selon sa nou wè.

14. Ki sa k ap ede n mache selon lafwa lè n resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay? (Ebre 13:17).

14 Lè n ap mache selon lafwa, nou gen konfyans Jewova gen kontwòl tout bagay e l konn sa k pi bon pou nou. Se sa k fè n ap obeyi byen vit e n ap gen yon bon atitid. (Li Ebre 13:17.) Nou konnen lè n obeyi sa fè gen inite nan kongregasyon an (Efe. 4:​2, 3). Nou gen konfyans, menm lè frè ki alatèt yo pa pafè, Jewova ap beni nou lè n obeyi (1 Sam. 15:22). Nan moman Jewova chwazi, l ap korije nenpòt bagay ki vrèman bezwen korije. — Miche 7:7.

15-16. Ki sa k te ede yon frè pou l mache selon lafwa, menm lè l te gen kèk dout anrapò ak enstriksyon li te resevwa? (Gade foto a tou.)

15 Ann egzamine yon eksperyans ki montre jan l enpòtan pou n mache selon lafwa. Nan peyi Pewou, byenke se espayòl yo plis pale, gen anpil moun ki pale lòt lang natif natal zòn nan. Youn nan lang sa yo se kechwa. Pandan plizyè ane, frè ak sè ki pale kechwa yo t ap chèche moun ki pale kechwa nan tèritwa a. Sepandan, pou yo te ka respekte lwa gouvènman an bay, yo te vin chanje metòd yo te konn itilize pou yo jwenn moun yo (Wom. 13:1). Sa te vin fè kèk frè ak sè ap mande tèt yo si sa pa t ap fè travay predikasyon an nan zòn nan vin pi difisil. Lefètke, frè yo te suiv enstriksyon yo te resevwa, Jewova te beni efò yo te fè pou yo jwenn anpil moun ki pale kechwa.

16 Kevin, yon ansyen nan yon kongregasyon ki pale kechwa, se te youn nan moun ki t ap enkyete l. Men sa l esplike: “Mwen te di tèt mwen: ‘Ki jan n pral fè jwenn moun ki pale kechwa yo kounye a?’” Ki sa Kevin te fè? Men sa l di: “Mwen te panse ak Pwovèb 3:5. Epi, mwen te panse ak Moyiz. Jewova te bay Moyiz enstriksyon ki pa t sanble gen sans. Li te di l pou l fè Izrayelit yo sot nan peyi Ejip pou l mennen yo nan direksyon Lanmè Wouj, e sanble yo pa t ap ka chape anba men Ejipsyen yo ki t ap kouri dèyè yo. Sepandan, Moyiz te obeyi e Jewova te beni l lè L te fè yon gwo mirak pou l sove yo.” (Egz. 14:​1, 2, 9-11, 21, 22). Kevin te dispoze chanje fason l t ap preche. Ki rezilta sa te bay? Men sa l di: “Mwen te sezi wè jan Jewova te beni nou. Anvan sa, nou te konn mache anpil nan tèritwa a, e pafwa, nou te konn jwenn sèlman youn oswa de moun ki pale kechwa. Kounye a, nou konsantre sou tèritwa ki gen anpil moun ki pale kechwa. Kòm rezilta, nou jwenn plis moun pou n pale, nou fè plis nouvèl vizit e nou kondui plis etid biblik. Epitou, vin gen plis moun ki asiste reyinyon.” Vrèmanvre, lè nou mache selon lafwa, Jewova toujou rekonpanse nou.

Yon mesye ki pale kechwa k ap pale ak yon mari ak madanm ki Temwen Jewova k ap preche. L ap montre yo kote yon moun rete.

Anpil moun frè ak sè yo te rankontre te fè yo konnen ki kote nan zòn nan yo kapab jwenn moun ki pale kechwa. (Gade paragraf 15-16.)


17. Ki sa w te aprann nan atik sa a?

17 Nou sot egzamine fason pou n kontinye mache selon lafwa nan twa domèn enpòtan. Men, nou dwe kontinye mache selon lafwa nan tout domèn nan lavi nou, tankou lè n ap chwazi detant n ap pran, lè n ap pran desizyon anrapò ak sa n vle aprann, oswa sou fason pou n leve pitit nou. Kèlkeswa desizyon nou gen pou nou pran, nou pa ta dwe kite se sa nou ka wè sèlman ki gide nou, men nou ta dwe reflechi tou sou relasyon n ak Jewova, sou konsèy li ban nou ak pwomès li fè pou l pran swen nou. Si nou fè sa, n ap kapab “mache nan non Jewova, Bondye nou an, pou toutan gen tan”. — Miche 4:5.

KI JAN NOU KA MACHE SELON LAFWA...

  • lè n ap chwazi yon travay?

  • lè n ap chwazi yon moun pou n marye?

  • lè n resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay?

KANTIK 156 Ak je lafwa

a Gen kèk non yo chanje.

b Pou pi senp, nan paragraf sa a y ap pale konsènan yon sè k ap chèche yon frè pou l marye. Menm konsèy sa a valab tou pou yon frè k ap chèche yon sè pou l marye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje