BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 mas p. 26-31
  • Men Jewova pa janm twò kout

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Men Jewova pa janm twò kout
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ANN APRANN NAN EGZANP MOYIZ AK IZRAYELIT YO
  • LÈ N GEN PWOBLÈM EKONOMIK
  • LÈ N AP REFLECHI AK SA N AP BEZWEN POU N VIV LÈ N VIN GRANMOUN
  • Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 mas p. 26-31

ATIK ETID 13

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

Men Jewova pa janm twò kout

“Èske men Jewova twò kout?” — NONB 11:23.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede n vin gen plis konfyans Jewova ap toujou ban nou sa n bezwen pou n viv.

1. Ki jan Moyiz te montre l te fè Jewova konfyans lè l t ap dirije Izrayelit yo sot nan peyi Ejip?

LIV Ebre a pale konsènan plizyè moun ki te gen lafwa nan Jewova. Youn ladan yo se te Moyiz. Li te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 3:​2-5; 11:​23-25.) Moyiz te montre l gen lafwa lè l t ap dirije Izrayelit yo sot nan peyi Ejip. Li pa t kite Farawon ak lame l la fè l pè. Lefètke l te met konfyans li nan Jewova, li te fè pèp la travèse Lanmè Wouj, e annapre li te gide yo nan dezè a (Ebre 11:​27-29). Pifò Izrayelit yo te pèdi konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l pran swen yo. Men Moyiz te kontinye fè Bondye l la konfyans. Lafwa Moyiz te genyen an pa t pou granmesi paske Bondye te fè mirak pou l te fè pèp la jwenn manje ak dlo nan dezè a kote anyen pa pouse.a — Egz. 15:​22-25; Sòm 78:​23-25.

2. Poukisa Bondye te mande Moyiz: “Èske men Jewova twò kout?” (Nonb 11:​21-23).

2 Menm lè Moyiz te gen yon gwo lafwa, sepandan anviwon ennan apre Jewova te fè mirak pou l delivre Izrayelit yo, Moyiz t ap mande tèt li èske Jewova t ap kapab bay pèp Li a vyann jan L te di a. Moyiz pa t ka imajine ki jan Jewova t ap ka bay plizyè milyon moun ki te nan dezè a ki pa t gen anyen ladan l kantite vyann pou yo manje. Jewova te mande Moyiz: “Èske men Jewova twò kout?” (Li Nonb 11:​21-23.) La a, ekspresyon “men Jewova” a fè referans ak lespri sen Bondye oswa fòs Bondye itilize pou l aji. Se kòmsi Jewova t ap mande Moyiz: ‘Èske w vrèman panse mwen pa ka fè sa m di m pral fè a?’

3. Sa k fè eksperyans Moyiz ak Izrayelit yo te fè a ta dwe enterese nou?

3 Èske w janm mande tèt ou si Jewova ap pran swen w nan domèn materyèl oswa si l ap pran swen fanmi w? Kit ou te deja poze kesyon sa a, kit ou pa t fè sa, ann egzamine eksperyans Moyiz ak Izrayelit yo te fè, yo menm ki te manke konfyans nan kapasite Bondye genyen pou l te fè yo jwenn sa yo te bezwen. Prensip biblik nou pral egzamine la yo pral ede n vin gen plis konfyans men Jewova pa janm twò kout.

ANN APRANN NAN EGZANP MOYIZ AK IZRAYELIT YO

4. Ki sa k te ka fè anpil Izrayelit kòmanse gen dout sou kapasite Jewova genyen pou l pran swen yo nan domèn materyèl?

4 Ann egzamine kontèks la. Nasyon Izrayèl la ak “yon pakèt lòt moun” ki pa t Izrayelit te nan gwo dezè a pandan kèk tan e yo t ap vwayaje soti peyi Ejip pou yo t al nan Peyi Bondye te pwomèt la (Egz. 12:38; Det. 8:15). Lòt moun ki te ansanm ak Izrayelit yo te vin santi yo bouke manje lamàn nan, e anpil Izrayelit te vin ap plenyen menm jan avè yo (Nonb 11:​4-6). Moun yo te toujou ap panse ak manje yo te genyen nan peyi Ejip. Lefètke moun yo te vin ap plenyen bay Moyiz, sanble l te panse se li menm ki pou fè yo jwenn vyann. — Nonb 11:​13, 14.

5-6. Ki jan move atitid pakèt lòt moun yo te genyen an te gen efè sou anpil Izrayelit, e ki sa n ka aprann nan sa?

5 Sanble pakèt lòt moun yo ki pa t apresye sa Jewova te ba yo te gen move enfliyans sou Izrayelit yo. Sa ka rive nou tou lè lòt moun pa montre yo gen rekonesans e sa ka fè n vin pa satisfè ak sa Jewova ban nou. Sa ka rive si n ret ap sonje sa n te genyen lontan oswa si nou vin jalou sa lòt moun genyen. Sepandan, n ap gen plis kè kontan si nou aprann kontante n ak sa n genyen kèlkeswa sitiyasyon nou.

6 Izrayelit yo te dwe sonje Bondye te ba yo asirans lè yo rive kote yo t apral abite a yo t ap jwenn anpil bagay materyèl. Pwomès sa a t ap reyalize lè yo rive nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, men se pa pandan yo t ap vwayaje nan dezè a. Menm jan an tou, olye n konsantre sou sa n ka pa genyen nan sistèm sa a, l ap bon pou n reflechi sou sa Jewova pwomèt l ap ban nou nan monn nouvo a. Epitou, nou ka medite sou vèsè k ap fè n vin gen plis konfyans nan Jewova.

7. Poukisa nou kapab gen konfyans men Jewova pa twò kout?

7 Sepandan, ou ka ap mande tèt ou, poukisa Bondye te mande Moyiz: “Èske men Jewova twò kout?” Lè Jewova te poze Moyiz kesyon sa a, petèt li te vle ede Moyiz reflechi sou de bagay: 1) Pisans li san limit. 2) Li ka sèvi ak pisans li kèlkeswa kote a. Donk, li te ka bay Izrayelit yo anpil vyann kèlkeswa kote yo te ye nan dezè a. Li te sèvi “ak fòs ponyèt li” pou l montre pisans li (Sòm 136:​11, 12). Se sa k fè, lè n jwenn difikilte, nou pa dwe gen dout Jewova ap kapab ede nou chak, kèlkeswa kote n ye. — Sòm 138:​6, 7.

8. Ki jan nou ka evite fè menm erè anpil moun te fè nan dezè a? (Gade foto a tou.)

8 Jewova pa t pran tan pou l te bay pèp la vyann pou yo manje. Li te ba yo anpil zwazo pou yo manje. Sepandan, Izrayelit yo pa t di Bondye mèsi pou mirak sa. Okontrè, anpil nan yo te vin ava. Yo te travay san pran souf pou yo te ranmase mezi zwazo yo te kapab. Jewova te fache anpil kont moun “ki te montre yo ava” yo e l te pini yo (Nonb 11:​31-34). Nou ka aprann yon gwo leson nan egzanp sa a. Nou bezwen fè atansyon pou n pa vin ava. Kit nou rich kit nou pòv nou bezwen fè anpil efò pou n anpile “trezò nan syèl la” lè n chèche gen bon relasyon ak Jewova ak Jezi (Mat. 6:​19, 20; Lik 16:9). Lè n fè sa, nou ka sèten Jewova ap fè n jwenn sa nou bezwen.

Izrayelit k ap ranmase yon pakèt zwazo nan dezè a nan nuit.

Ki atitid anpil moun te gen nan dezè a, e ki sa n ka aprann nan sa k te rive a? (Gade paragraf 8.)


9. Ki sa n ka sèten Bondye ap fè pou nou?

9 Jewova lonje men l pou l ede pèp li a jodi a. Sepandan, sa pa vle di nou pap janm pèdi bagay materyèl nou genyen oswa nou pap janm grangoub. Men, Jewova pap janm abandone nou. L ap ede n nan kèlkeswa difikilte nou jwenn. Pou n wè verite sa a aklè, ann egzamine de sitiyasyon kote n ka montre nou gen konfyans Jewova ap lonje bra l pou l fè n jwenn sa n bezwen pou n viv. 1) Lè nou gen pwoblèm ekonomik, e 2) lè n ap reflechi ak sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun.

LÈ N GEN PWOBLÈM EKONOMIK

10. Ki pwoblèm ekonomik nou ka vin genyen?

10 Tank fen sistèm sa a ap pwoche, nou ka atann sitiyasyon ekonomik la ap vin pi mal. Pwoblèm politik, lagè, katastwòf natirèl oswa nouvo pandemi ka fè n fè depans nou pa t prevwa, oubyen sa ka fè n pèdi travay nou, sa n posede oswa kay nou. Nou ka oblije chèche yon lòt travay oswa nou ka deside deplase al viv yon lòt kote ak fanmi nou pou n ka ba yo sa yo bezwen. Ki sa k ka ede n pran desizyon ki montre nou fè Jewova konfyans?

11. Ki sa k ka ede w fè fas ak pwoblèm ekonomik? (Lik 12:​29-31).

11 Premye bagay enpòtan ou bezwen fè se fè Jewova konnen sa k ap trakase w (Pwo. 16:3). Mande l pou l ba w sajès ou bezwen pou w pran bon desizyon e pou kè w kapab kalm pou w evite “bay tèt [ou] pwoblèm” anrapò ak sitiyasyon w. (Li Lik 12:​29-31.) Pa sispann mande l ede w aprann kontante w ak sa w vrèman bezwen pou w viv (1 Tim. 6:​7, 8). Fè rechèch nan piblikasyon nou yo sou fason w ka reyisi fè fas ak pwoblèm ekonomik. Anpil moun te jwenn piblikasyon ki te itil yo ki pale sou pwoblèm ekonomik sou jw.org.

12. Ki kesyon ki ka ede yon kretyen pran pi bon desizyon pou fanmi l?

12 Gen moun ki te aksepte yon travay ki mande pou y al viv byen lwen fanmi yo. Men, annapre anpil ladan yo vin rann yo kont se te yon move desizyon. Anvan w aksepte yon nouvo travay, pa sèlman panse ak kantite kòb ou pral fè men chèche wè si travay sa a ap pèmèt ou menm ak fanmi w rete pwòch Jewova (Lik 14:28). Mande tèt ou: ‘Si m byen lwen moun mwen marye avè l la, ki efè sa ka gen sou maryaj mwen? Si m al viv yon lòt kote, èske m ap ka al nan reyinyon, al preche, epi pase tan ak frè ak sè yo?’ Si w gen pitit, ou bezwen poze tèt ou kesyon enpòtan ki vin annapre a: ‘Ki jan m pral leve pitit mwen “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay” si m pa ansanm avè yo?’ (Efe. 6:4). Kite panse Bondye gide w, men, pa kite sa fanmi w oswa zanmi w ki pa gen okenn respè pou prensip ki nan Bib la panse enfliyanse wc. Tony, k ap viv ann Azi delwès, te jwenn plizyè bèl òf pou l al travay nan peyi etranje. Sepandan, apre l fin priye sou sa e l te pale sou sa ak madanm li, li te deside pa aksepte òf sa yo, e l te pito chèche redui depans fanmi an. Men sa Tony di lè l ap reflechi ak desizyon l te pran an: “Mwen te gen privilèj pou m ede anpil moun vin aprann konn Jewova, e pitit nou yo renmen Jewova anpil. Fanmi nou vin aprann toutotan n ap suiv pawòl nou jwenn nan Matye 6:33 a, Jewova ap pran swen nou.”

LÈ N AP REFLECHI AK SA N AP BEZWEN POU N VIV LÈ N VIN GRANMOUN

13. Ki sa n ka fè kounye a ki ka ede n jwenn sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun?

13 Nou ka montre jis nan ki pwen nou gen konfyans nan Jewova lè n ap reflechi ak sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun. Bib la ankouraje n pou n travay di yon fason pou n ka pran swen tèt nou alavni (Pwo. 6:​6-11). Li rezonab, si mwayen nou pèmèt nou, pou n mete yon ti kòb sou kote pou demen. Lajan ka ede n nan moman nou bezwen sa (Ekl. 7:12). Sepandan, nou pa dwe kite bagay materyèl vin bagay ki pi enpòtan nan lavi n.

14. Poukisa nou dwe egzamine Ebre 13:5 lè n ap reflechi ak sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun?

14 Jezi te pran yon egzanp pou montre nou t ap aji tankou moun sòt si n ap chèche ranmase lajan san n pa chèche vin “rich nan je Bondye”. (Lik 12:​16-21.) Pa gen pèsonn ki konnen jan demen ap ye (Pwo. 23:​4, 5; Jak 4:​13-15). Epitou, Jezi te di tout moun ki vle vin disip li dwe pare pou yo “abandone” tout sa yo posede (Lik 14:33). Kretyen ki t ap viv Jide nan premye syèk la te aksepte pèdi tout sa yo te genyen ak kè kontan (Ebre 10:34). Nan epòk pa nou an, anpil frè ak sè te aksepte pèdi bagay materyèl yo te genyen paske yo pa t vle antre nan politik (Rev. 13:​16, 17). Ki sa k te ede yo fè sa? Yo gen yon konfyans total nan pwomès Jewova fè ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Li Ebre 13:5.) Nou fè tout sa n kapab pou n jwenn sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun, e si gen bagay ki rive nou sanzatann, nou gen konfyans Jewova ap ede nou.

15. Ki ekilib paran ki kretyen yo bezwen genyen anrapò ak pitit yo? (Gade foto a tou.)

15 Nan kèk kilti, gen mari ak madanm ki fè pitit yon fason pou pitit sa yo ka pran swen yo lè yo vin granmoun. Nan yon sans, moun sa yo konsidere pitit yo kòm baton vyeyès yo. Bib la fè konnen, paran yo dwe pran swen pitit yo (2 Kor. 12:14). Natirèlman, paran yo ka bezwen pou pitit yo ede yo lè yo vin granmoun e gen anpil timoun ki kontan fè sa pou yo (1 Tim. 5:4). Men, paran ki kretyen yo konnen se pa lè yo leve pitit yo nan objektif pou timoun sa yo pran swen yo lè yo vin granmoun k ap fè kè yo pi kontan, men se lè yo ede yo vin sèvi Jewova. — 3 Jan 4.

Yon mari ak madanm k ap pale ak kè kontan ak pitit fi yo ak mari l nan yon apèl videyo. Pitit fi yo a ak mari l gen yon jile moun konn met sou yo lè y ap travay nan konstriksyon.

Mari ak madanm ki kretyen ki gen atachman pou Jewova byen egzamine prensip ki nan Bib la lè y ap pran desizyon anrapò ak avni yo. (Gade paragraf 15.)d


16. Ki jan paran yo ka prepare pitit yo pou yo ka pran swen tèt yo lè yo vin gran? (Efezyen 4:28).

16 Lè w ap ede pitit ou aprann fason yo ka pran swen tèt yo demen, montre yo ou fè Jewova konfyans. Pandan yo toupiti, montre yo enpòtans pou yo travay di. (Pwo. 29:21; li Efezyen 4:28.) Tank y ap grandi, ede yo pou yo byen travay lekòl. Paran ki kretyen yo bezwen fè rechèch pou yo jwenn prensip nan Bib la pou ede pitit yo wè ki sa yo ta dwe aprann. Sa ap ede pitit yo gen sa yo bezwen pou yo pran swen tèt yo e pou yo fè plis nan travay predikasyon an.

17. Ki asirans nou kapab genyen?

17 Sèvitè fidèl Jewova yo ka konte sou kapasite Jewova genyen ak dezi l genyen pou fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Plis fen sistèm sa a ap pwoche, se plis n ap bezwen fè Jewova konfyans. Kidonk kèlkeswa sa k rive, nou dwe gen konfyans Jewova ap sèvi ak pisans li pou l fè n jwenn sa nou bezwen pou n viv. Nou kapab gen asirans men Jewova pap janm twò kout pou l ede nou.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki leson nou ka aprann nan eksperyans Moyiz ak Izrayelit yo te fè a?

  • Ki jan n ka montre nou fè Jewova konfyans lè n gen pwoblèm ekonomik?

  • Ki sa k ka ede n lè n ap reflechi ak sa n ap bezwen pou n viv lè n vin granmoun?

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

a Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad oktòb 2023.

b Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad 15 septanm 2014.

c Gade atik ki gen tit “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan” ki parèt nan Toudegad 15 avril 2014.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki kretyen ki gen atachman pou Jewova ki kenbe kontak ak pitit yo k ap travay ansanm ak mari l nan yon konstriksyon Sal Wayòm.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje