BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 avril p. 2-7
  • “Chwazi nou menm [...] kiyès n ap sèvi”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Chwazi nou menm [...] kiyès n ap sèvi”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ JEZI TE CHWAZI SÈVI JEWOVA
  • REZON KI FÈ JEWOVA MERITE POU N ADORE L
  • REZON KI FÈ NOU CHWAZI SÈVI JEWOVA
  • KONTINYE SÈVI JEWOVA
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jewova “geri moun kè yo ap fann yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 avril p. 2-7

ATIK ETID 14

KANTIK 8 Jewova se refij nou

“Chwazi nou menm [...] kiyès n ap sèvi”

“Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” — JOZ. 24:15.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede n sonje rezon ki fè nou chwazi sèvi Jewova.

1. Ki sa n dwe fè pou n ka gen vrè kè kontan an, e poukisa? (Ezayi 48:​17, 18).

PAPA nou ki nan syèl la renmen nou anpil, e li vle nou jwi lavi a kounye a e alavni (Ekl. 3:​12, 13). Li te kreye nou ak yon seri talan estrawòdinè, men, li pa t ban nou kapasite pou n byen dirije tèt nou poukont nou oswa pou n deside poukont nou sa ki byen ak sa ki mal (Ekl. 8:9; Jer. 10:23). Li konnen pou n ka gen vrè kè kontan an nou dwe sèvi l e nou dwe viv ann amoni ak prensip li yo. — Li Ezayi 48:​17, 18.

2. Ki sa Satan ta renmen nou kwè, e ki jan Jewova montre sa Satan vle fè konprann nan se manti?

2 Satan ta renmen n kwè nou kapab gen kè kontan, menm lè nou pa sèvi Jewova, epi lèzòm kapab byen dirije tèt yo poukont yo (Jen. 3:​4, 5). Pou Jewova montre sa Satan vle fè konprann nan se manti, li kite lèzòm ki vin rebèl dirije tèt yo poukont yo pandan yon tan. Nou pa bezwen reflechi twòp pou n wè lefètke se lèzòm k ap dirije, sa pote move konsekans. Yon lòt bò, Bib la chaje ak egzanp gason ak fi ki te gen yon vi ki bay satisfaksyon nan sèvis Jewova. Pi bèl egzanp lan se Jezi Kris. Toudabò, ann wè rezon ki fè li te chwazi sèvi Jewova. Apre sa, nou pral wè rezon ki fè Papa nou ki nan syèl la merite pou n adore l. Finalman, nou pral egzamine kèk nan rezon ki fè n chwazi sèvi Jewova.

REZON KI FÈ JEZI TE CHWAZI SÈVI JEWOVA

3. Ki òf Jezi te jwenn, e ki sa l te chwazi fè?

3 Pandan Jezi te sou tè a, li te toujou montre li te chwazi sèvi Jewova. Pa egzanp, yon ti tan apre Jezi fin batize, Satan te ofri l tout wayòm ki gen sou tè a si l ta annik fè yon jès pou l adore l. Men sa Jezi te reponn li: “Al fè wout ou, Satan! Paske, men sa ki ekri: ‘Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.’” (Mat. 4:​8-10). Poukisa se sa Jezi te chwazi fè? Ann egzamine kèk nan rezon yo.

4-5. Bay kèk rezon ki fè Jezi te chwazi sèvi Jewova.

4 Pi gwo rezon ki fè Jezi te chwazi sèvi Jewova se paske l renmen Jewova. Jezi gen gwo lanmou ak afeksyon pou Papa l (Jan 14:31). Epitou, Jezi sèvi Jewova paske se sa ki bon (Jan 8:​28, 29; Rev. 4:11). Li konnen Jewova se Sous lavi a, Li merite pou nou fè l konfyans e Li renmen bay (Sòm 33:4; 36:9; Jak 1:17). Jewova te toujou di Jezi laverite e tout sa Jezi te genyen se Jewova ki te ba li yo (Jan 1:14). Yon lòt bò, se Satan ki lakòz lanmò. Li se yon mantè ki ava e ki wè tèt li sèlman (Jan 8:44). Lefètke Jezi te konn sa, li pa t janm panse suiv egzanp Satan pou l ta fè rebèl ak Jewova. — Flp. 2:​5-8.

5 Yon lòt rezon ki fè Jezi te chwazi sèvi Jewova se paske l te konnen rezilta sa t ap bay lè l ret fidèl (Ebre 12:2). Li te konnen si l ret fidèl, sa t ap fè non Papa l vin sen e sa t ap fè l posib pou tout soufrans Dyab la lakòz disparèt.

REZON KI FÈ JEWOVA MERITE POU N ADORE L

6-7. Poukisa anpil moun jodi a pap sèvi Jewova, e poukisa Jewova merite pou n adore l?

6 Anpil moun jodi a pap sèvi Jewova paske yo poko konnen bèl kalite l yo e yo pa konnen tout sa l fè pou yo. Se nan sitiyasyon sa a moun apot Pòl te preche nan vil Atèn yo te ye. — Tra. 17:​19, 20, 30, 34.

7 Pòl te fè moun ki t ap koute l yo konnen vrè Dye a “bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay”. Men sa l te ajoute: “Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” Bondye se Kreyatè a. “Li sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon.” Donk, li merite pou n adore l. — Tra. 17:​25, 26, 28.

8. Ki sa Jewova pap janm fè? Esplike.

8 Antanke Kreyatè ak Souvren linivè a, Jewova te kapab fòse moun sèvi l. Sepandan, Jewova pap janm fè sa. Okontrè, li ban nou prèv li egziste e li montre li renmen nou chak anpil. Li vle pou pi plis moun posib vin zanmi l pou toutan (1 Tim. 2:​3, 4). Pou sa rive fèt, Jewova ban nou fòmasyon pou n anseye lòt moun anrapò ak objektif li e pou n fè yo konnen bon bagay li pral fè pou lèzòm (Mat. 10:​11-13; 28:​19, 20). Li ban nou kongregasyon kote n kapab adore l e kote n kapab jwenn èd yon seri ansyen ki gen lanmou. — Tra. 20:28.

9. Ki fason lanmou Jewova parèt aklè?

9 Lanmou estrawòdinè Jewova genyen an parèt aklè nan fason l aji ak moun ki chwazi pa kwè li egziste. Fè yon ti reflechi. Pandan plizyè milye ane, plizyè milya moun deside suiv pwòp prensip pa yo anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal olye yo obeyi Jewova. Aktout sa, Jewova te byen aji ak yo, li te ba yo sa yo bezwen pou yo viv e pou yo gen kè kontan (Mat. 5:​44, 45; Tra. 14:​16, 17). Li ba yo kapasite pou yo fè zanmi, pou yo vin gen yon fanmi e pou yo jwenn rekonpans pou travay di yo fè (Sòm 127:3; Ekl. 2:24). Sa montre aklè Papa nou ki nan syèl la renmen tout moun (Egz. 34:6). Kounye a, ann eseye sonje kèk nan rezon ki fè nou chwazi sèvi Jewova ak fason Jewova beni nou.

REZON KI FÈ NOU CHWAZI SÈVI JEWOVA

10. a) Ki pi gwo rezon ki fè nou sèvi Jewova? (Matye 22:37). b) Ki byenfè w jwenn lefètke Jewova pran pasyans avè w? (Sòm 103:​13, 14).

10 Menm jan ak Jezi, pi gwo rezon ki fè nou sèvi Jewova se paske nou renmen L anpil e nou gen gwo afeksyon pou Li. (Li Matye 22:37.) Lè n aprann konnen kalite Jewova genyen yo, nou anvi pwoche bò kote l. Pa egzanp, ann reflechi sou fason Jewova pran pasyans avè n. Lè Izrayelit yo te dezobeyi l, li te sipliye yo, li te di yo: “Kase tèt tounen tanpri, kite move chemen n ap suiv yo.” (Jer. 18:11). Jewova sonje nou pa pafè e nou se pousyè. (Li Sòm 103:​13, 14.) Lè w medite sou pasyans Jewova ak lòt bèl kalite l genyen yo, èske w pa santi w anvi sèvi l pou toutan?

11. Bay kèk lòt rezon ki fè nou chwazi sèvi Papa nou ki nan syèl la.

11 Yon lòt rezon ki fè n vle sèvi Jewova se paske se pi bon bagay nou dwe fè (Mat. 4:10). Epitou, nou konnen rezilta sa ap bay lè nou fidèl. Lè nou fidèl, sa fè non Jewova vin sen, nou montre Dyab la se yon mantè e nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan. Epitou, si nou chwazi sèvi Jewova jodi a, n ap gen posiblite sèvi l pou toutan! — Jan 17:3.

12-13. Ki sa n aprann nan eksperyans Jane ak Pam te fè a?

12 Depi nou toupiti, nou kapab vin renmen Jewova anpil, e lanmou sa a ap kontinye grandi toutpandan n ap vin gran. Ann pran egzanp de sè menm manman menm papa ki rele Jane ak Pama. Youn te gen 11 an e lòt la te gen 10 an lè yo te kòmanse etidye Labib. Menm lè paran yo pa t enterese etidye Labib, yo te bay Jane ak Pam pèmisyon pou yo etidye ak Temwen Jewova yo, akondisyon y al legliz ansanm ak fanmi an nan fen semèn nan. Men sa Jane di: “Sa Temwen yo te anseye m nan Bib la te ede m reziste anba presyon lòt jèn t ap fè sou mwen pou m pran dwòg e pou m fè imoralite.”

13 Lè ti medam yo te nan fen adolesans yo, yo toule de te vin pwoklamatè. Annapre, yo te vin pyonye, e lè paran yo te kòmanse pran laj, yo te pran swen yo toutpandan yo te pyonye. Men sa Jane di lè l ap reflechi sou eksperyans yo te fè a: “Mwen te aprann Jewova byen pran swen zanmi l yo, e jan 2 Timote 2:19 di: ‘Jewova konnen moun ki pou li yo.’” Pa gen dout, Jewova pran swen moun ki chwazi renmen l e ki chwazi sèvi l!

14. Ki jan nou ka defann non Jewova nan pawòl nou ak nan aksyon nou? (Gade foto yo tou.)

14 Nou vle fè lòt moun konnen move bagay yo tande moun ap di sou Jewova yo pa laverite. Ann pran yon egzanp: Ou gen yon bon zanmi ki janti, ki renmen bay e ki renmen padone. Yon jou, ou tande yon moun ap akize zanmi w lan kòmkwa li mechan e li pa serye. Ki jan w t ap reyaji? Ou t ap defann li. Menm jan an tou, lè Satan ak moun ki anba kontwòl li yo ap eseye sal repitasyon Jewova lè yo bay manti sou Li, nou di laverite sou Jewova, nou defann non L avèk fòs (Sòm 34:1; Eza. 43:10). Nou montre nou vle sèvi Jewova ak tout nanm nou, nan pawòl nou ak nan aksyon nou.

Foto ki ansanm: 1. Yon dam k ap gade yon gwoup aposta k ap fè manifestasyon devan yon kote ki gen kongrè. 2. Annapre, dam nan k ap pale ak yon mari ak madanm k ap bay temwayaj ak charyo.

Èske w ap patisipe nan defann non Jewova? (Gade paragraf 14.)b


15. Ki byenfè apot Pòl te jwenn lè l te fè chanjman nan lavi l? (Filipyen 3:​7, 8).

15 Nou dispoze fè chanjman nan lavi nou pou nou ka fè Jewova plezi oswa pou nou fè plis nan sèvis li. Pa egzanp, apot Pòl te chwazi abandone pozisyon li te genyen nan relijyon juif la pou l te ka suiv Kris e pou l te ka sèvi Jewova (Gal. 1:14). Kòm rezilta, li te satisfè ak lavi l e l te gen privilèj pou l al dirije ak Kris nan syèl la. Li pa t janm regrèt desizyon l te pran pou l sèvi Jewova, e nou menm tou nou pap janm regrèt desizyon sa a. — Li Filipyen 3:​7, 8.

16. Ki sa n aprann nan eksperyans Julia te fè a? (Gade foto yo tou.)

16 Si nou bay sèvis Jewova a priyorite nan lavi nou, n ap satisfè ak lavi nou depi kounye a e n ap jwenn benediksyon alavni. Ann pran egzanp yon sè ki rele Julia. Anvan Julia te aprann laverite, li te konn chante nan koral yon legliz depi l piti. Yon chantè pwofesyonèl opera te wè Julia gen talan e l te ba l fòmasyon. Julia pa t pran tan pou l te vin gen gwo renome kòm moun ki konn chante byen e l te konn chante yon seri gwo kote yo resevwa atis. Pandan Julia te nan yon gwo lekòl mizik, yon kondisip li te kòmanse pale l de Bondye e l te esplike l Bondye gen yon non, li rele Jewova. Sa pa t pran tan pou Julia te kòmanse etidye Bib la de fwa pa semèn. Rive yon lè, li te deside konsantre lavi l sou sèvis Jewova, olye l te fè karyè nan mizik. Desizyon sa a pa t fasil. Men sa l di: “Anpil moun te di m mwen t ap gaspiye don mwen genyen an. Men, m te vle bay tout lavi m nan sèvis Jewova.” Ki jan Julia santi l jodi a anrapò ak desizyon li te pran an sa gen 30 an? Men sa l di: “Mwen santi lespri m anpè, mwen gen konfyans Jewova pral satisfè tout dezi mwen gen nan kè m alavni.” — Sòm 37:4.

Foto ki ansanm: Foto yo repwodui yon bagay ki te rive toutbon. 1. Julia k ap chante sou yon estrad devan anpil moun. 2. L ap chante ansanm ak mari l nan yon reyinyon kongregasyon an.

Lè sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi nou, nou vin gen pi bèl vi ki te ka genyen an. (Gade paragraf 16.)c


KONTINYE SÈVI JEWOVA

17. Lefètke n ap viv nan yon epòk kote n bezwen aji san pèdi tan, ki rapò sa gen ak moun ki chwazi sèvi Bondye e ak moun ki poko fè sa?

17 N ap viv nan yon epòk kote n bezwen aji san pèdi tan. Men sa apot Pòl te ekri: “Paske, nan ‘yon tikras tan’ ankò, ‘sila a k ap vini an pral rive e li pap pran tan’.” (Ebre 10:37). Ki sa sa vle di? Nou bezwen rann nou kont pa ret anpil tan ankò pou moun ki poko chwazi sèvi Jewova yo fè sa. Donk, yo bezwen aji pandan gen tan toujou (1 Kor. 7:29). Si n deja ap sèvi Bondye, nou konnen, menm lè nou pral gen pou n andire eprèv, se pral pou “yon tikras tan” sèlman.

18. Ki sa Jezi ak Jewova vle nou fè?

18 Jezi pa t sèlman ankouraje disip li yo pou yo kòmanse suiv li, men l te mande yo tou pou yo kontinye suiv li (Mat. 16:24). Donk, si nou gen anpil ane depi n ap sèvi Jewova, annou pran detèminasyon pou nou pa bay vag. Nou bezwen fè efò pou nou kontinye viv ann amoni ak desizyon nou pran pou nou sèvi l la. Sa ka pa fasil. Men, si nou fè sa, n ap jwenn yon pakèt benediksyon ak anpil satisfaksyon depi kounye a! — Sòm 35:27.

19. Ki sa n aprann nan eksperyans Gene te fè a?

19 Gen moun ki panse sèvi Jewova mande twòp sakrifis. Si w jèn, èske w santi ou ka pèdi yon bagay si w sèvi Jewova? Men sa yon jèn frè ki rele Gene di: “M te santi m pèdi anpil bagay lefètke m se Temwen Jewova. Sanble anpil nan timoun ki te grandi ansanm avè m yo te konn pran plezi yo nan fèt, yo te gen ti mennaj, oswa yo te konn jwe jwèt videyo ki vyolan, alòske mwen menm mwen te konn pase tan m nan reyinyon ak nan travay predikasyon an.” Ki efè fason Gene te panse te gen sou li? Men sa l di: “Mwen te kòmanse mennen yon vi doub, e pandan yon tan, mwen te konn pran plezi m. Men, sa pa t fè m gen vrè kè kontan an. Mwen te kòmanse panse ak byenfè moun jwenn lè yo suiv sa Bib la di e m te deside sèvi Jewova ak tout kè m. Depi lè sa a, sanble Jewova reponn tout priyè m.”

20. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

20 Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di nan yon chante: “Byennere moun ou chwazi a, moun ou fè pwoche kote w pou l ka abite nan lakou w yo.” (Sòm 65:4). Ann pran menm detèminasyon Jozye te pran an. Men sa l te di: “Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” — Joz. 24:15.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa Jezi te chwazi sèvi Jewova?

  • Poukisa Jewova merite pou n adore l?

  • Poukisa w chwazi sèvi Jewova?

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

a Gen kèk non yo chanje.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon dam fin tande sa moun ki opoze avè n yo ap di pa deyò kote n ap fè yon kongrè, li vin bò kot yon charyo piblikasyon pou l tande pawòl verite ki nan Bib la.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon foto ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon: Julia te chwazi bay sèvis Jewova priyorite nan lavi l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje