ATIK ETID 17
KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè
Nou pa janm poukò n
“M ap ede w.” — EZA. 41:10.
PWEN KLE
Nou pral wè kat fason Jewova pran swen nou.
1-2. a) Poukisa nou ka di nou pa janm poukò n lè n ap fè fas ak eprèv? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?
LÈ N AP fè fas ak gwo eprèv, nou ka santi se kòmsi nou poukont nou nan yon ti bato sou yon lanmè ki move. Sepandan, nou pa poukò n. Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou nonsèlman wè pwoblèm nou yo, men tou, li pwomèt l ap ede n fè fas ak yo. Men asirans Jewova bay chak sèvitè l ki fidèl: “M ap ede w.” — Eza. 41:10.
2 Atik sa a ap montre fason Jewova ede n 1) lè l gide nou, 2) lè l fè n jwenn sa nou bezwen pou n viv, 3) lè l pwoteje nou, e 4) lè l konsole nou. Jewova ba n asirans, kèlkeswa difikilte nou jwenn nan lavi a, li pap janm bliye nou. Li pap janm abandone nou. Donk, nou pa janm poukò n.
JEWOVA GIDE NOU
3-4. Ki jan Jewova gide nou? (Sòm 48:14).
3 Li Sòm 48:14. Jewova pa atann pou n dirije tèt nou poukont nou. Ki jan Jewova gide sèvitè fidèl l yo jodi a? Youn nan fason l fè sa, se pa mwayen Bib la (Sòm 119:105). Jewova sèvi ak Pawòl li a li te fè ekri pou l ede n pran bon desizyon e pou pèmèt nou vin gen kalite k ap fè nou gen plis kè kontan depi kounye a ak lavi ki pap janm fini an alavnia. Pa egzanp, li anseye nou pou n pa gen rankin, pou nou konpòte nou yon fason ki dwat nan tout sa n ap fè e pou n renmen youn lòt anpil ak tout kè nou (Sòm 37:8; Ebre 13:18; 1 Pyè 1:22). Lè n montre nou gen kalite sa yo ki soti nan Bondye, nou vin pi bon paran, pi bon mari oswa pi bon madanm, e nou vin yon pi bon zanmi.
4 Epitou, Jewova te fè ekri istwa yon seri moun ki te egziste toutbon ki te jwenn eprèv e ki te menm jan avè n (1 Kor. 10:13; Jak 5:17). Lè nou li istwa lavi moun sa yo e n aplike leson nou aprann ladan yo, sa itil nou omwen de fason. Premyèman, nou vin wè nou pa poukò n, gen lòt moun ki te fè fas ak yon seri sitiyasyon menm jan avè n e yo te rive andire yo grasa èd Jewova (1 Pyè 5:9). E dezyèmman, nou aprann fason pou n fè fas ak eprèv nou jwenn. — Wom. 15:4.
5. Ak kiyès Jewova sèvi pou gide nou sou wout lavi a?
5 Jewova sèvi ak frè n ak sè n yo tou pou gide noub. Pa egzanp, siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo regilyèman pou ankouraje nou. Diskou yo bay fòtifye lafwa nou e sa ede n kenbe bèl inite ki gen mitan nou an (Tra. 15:40–16:5). Ansyen nan kongregasyon yo tou enterese nan byennèt chak pwoklamatè (1 Pyè 5:2, 3). Paran yo ede pitit yo vin pwòch ak Jewova, yo ede yo pou yo vin gen kapasite pou yo reflechi e pou yo gen bon konduit. Epitou, yo anseye yo pou yo li Labib, pou yo asiste reyinyon yo e pou yo preche regilyèman (Pwo. 22:6). Sè ki gen matirite yo ede jèn sè yo grasa bèl egzanp yo bay e grasa bonjan konsèy ak ankourajman yo ba yo. — Tit 2:3-5.
6. Ki sa n dwe fè pou n byen pwofite direksyon Jewova ban nou?
6 Jewova ede n lè l ban nou direksyon nou bezwen. Ki jan nou ka montre nou apresye sa l fè pou nou? Men sa Pwovèb 3:5, 6 di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou.” Lè nou fè sa, “l ap fè tout bagay mache byen nan lavi [nou]”, sa vle di l ap ede n evite anpil pwoblèm, e sa ap ede n gen plis kè kontan nan lavi nou. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke Jewova ban nou bonjan konsèy ki montre li renmen nou! — Sòm 32:8.
JEWOVA FÈ N JWENN SA NOU BEZWEN POU N VIV
7. Bay kèk fason Jewova fè n jwenn sa n bezwen pou n viv. (Filipyen 4:19).
7 Li Filipyen 4:19. Jewova pa sèlman gide nou, li beni efò n fè pou n jwenn manje nou bezwen, rad pou n mete ak yon kote pou n rete (Mat. 6:33; 2 Tes. 3:12). Byenke li nòmal pou n enkyete n pou sa n bezwen pou n viv, Jewova ankouraje n pou n pa bay tèt nou twòp pwoblèm pou bagay sa yo (Matye 6:25). Poukisa? Paske Papa nou an pap janm abandone sèvitè fidèl li yo lè yo nan bezwen (Mat. 6:8; Ebre 13:5). Lè Jewova di l ap fè n jwenn sa nou bezwen pou n viv, nou mèt fè l konfyans.
8. Ki sa Jewova te fè pou David?
8 Ann reflechi ak fason Jewova te ede David. Pandan ane difisil David te fè nan mawon yo, Jewova te fè li menm ak mesye l yo jwenn sa yo te bezwen pou yo viv. Lè David t ap reflechi ak fason Jewova te toujou pran swen l, men sa l te di: “Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun, men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” (Sòm 37:25). Menm jan an tou, pandan tout lavi w, ou wè fason Jewova pran swen sèvitè fidèl li yo paske l renmen yo.
9. Jodi a, ki jan Jewova fè pèp li a jwenn sa yo bezwen lè gen katastwòf? (Gade foto yo tou.)
9 Jewova pran swen pèp li a lè gen katastwòf tou. Pa egzanp, lè te gen yon gwo grangou nan premye syèk la, kretyen ki t ap viv plizyè kote te voye pwovizyon pou frè ak sè yo ki te nan bezwen (Tra. 11:27-30; Wom. 15:25, 26). Jodi a tou, pèp Bondye a montre yo renmen bay. Lè gen katastwòf, Jewova ki gen lanmou pouse pèp li a bay frè ak sè nan zòn ki gen pwoblèm yo manje, dlo, rad ak medikaman yo bezwen. Ekip konstriksyon yo repare kay ak Sal Wayòm ki andomaje. Epi, byen rapid, sèvitè Jewova yo bay frè ak sè ki pèdi kay yo oswa yon moun pa yo konsolasyon ak ankourajman ki soti nan Bib la.c
Ki jan Jewova ban nou konsolasyon lè gen katastwòf? (Gade paragraf 9.)e
10-11. Ki sa w aprann nan eksperyans Borys te fè a?
10 Jewova kontan bay moun ki poko ap sèvi l sa yo bezwen pou yo viv tou. Menm jan an tou, nou chèche okazyon pou n aji avèk bonte ak moun ki poko ap sèvi Jewova (Gal. 6:10). Lè n fè sa, souvan sa bay yon bon temwayaj. Ann egzamine eksperyans Borys, yon direktè lekòl k ap viv nan peyi Ikrèn, te fè. Menm lè Borys pa Temwen Jewova, li te toujou aji byen ak etidyan ki Temwen Jewova yo, e l te respekte kwayans yo. Lè Borys te deside kite zòn kote l t ap viv la akoz lagè a pou l t al yon lòt kote nan peyi a ki gen plis sekirite, frè nou yo te ede l. Annapre, Borys te asiste Memoryal lanmò Kris la. Lè l t ap reflechi ak eksperyans li te fè a, men sa l te di: “Temwen Jewova yo te janti anpil avè m e yo te pran swen m. Mwen gen Temwen Jewova yo rekonesans.”
11 Nou menm tou, nou ka imite Papa nou ki nan syèl la ki gen mizèrikòd lè n montre lanmou pou moun ki nan bezwen, kit yo se frè n ak sè n, kit yo pa frè n ak sè n (Lik 6:31, 36). Nou espere efò n ap fè pou n renmen moun ap fè yo vin disip Kris (1 Pyè 2:12). Kèlkeswa rezilta a, n ap gen plis kè kontan lè nou bay. — Tra. 20:35.
JEWOVA PWOTEJE NOU
12. Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou pèp li a antanke gwoup? (Sòm 91:1, 2, 14).
12 Li Sòm 91:1, 2, 14. Jodi a, Jewova pwomèt l ap fè n jwenn sa n bezwen pou n rete pwòch avè l. Li pap janm kite Satan kontamine vrè adorasyon an (Jan 17:15). E lè “gwo tribilasyon an” rive, nou kapab gen bonjan konfyans Jewova ap kenbe pwomès li fè pou l ede nou ret pwòch avè l e pou l pwoteje nou. — Rev. 7:9, 14.
13. Ki fason Jewova pwoteje nou pèsonèlman?
13 Ki jan Jewova pwoteje nou pèsonèlman? Nan Bib la, Jewova ede n rive wè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Lè n suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a nan lavi nou, nou pwoteje relasyon nou gen ak Jewova a e n pran desizyon ki fè n viv pi byen (Sòm 91:4). Epitou, Jewova pwoteje nou pa mwayen kongregasyon an (Eza. 32:1, 2). Lè n chèche fè zanmi ak moun ki renmen Jewova e ki suiv prensip li yo, nou jwenn ankourajman e n jwenn fòs pou n evite move enfliyans. — Pwo. 13:20.
14. a) Poukisa Bondye pa pwoteje nou kont tout eprèv? b) Ki asirans nou jwenn nan Sòm 9:10? (Gade nòt la tou.)
14 Pafwa, Jewova te pwoteje sèvitè l nan tan lontan yo pou malè pa t rive yo. Sepandan, li pa t fè sa nan tout sitiyasyon. Pafwa nou viktim akoz “malè rive sou [nou] sanzatann”. (Ekl. 9:11.) Epitou, pandan tout tan ki pase yo, Jewova te kite sèvitè l yo jwenn pèsekisyon e menm lanmò pou l pwouve Satan se yon mantè (Jòb 2:4-6; Mat. 23:34). Menm bagay la rive jodi a. Menm lè Jewova ka pa retire eprèv nou yo, nou kapab sèten li pap janm abandone moun ki renmen l.d — Sòm 9:10.
JEWOVA KONSOLE NOU
15. Ki jan lapriyè ak Pawòl Bondye a ansanm ak kwayan parèy nou yo konsole nou? (2 Korentyen 1:3, 4).
15 Li 2 Korentyen 1:3, 4. Pafwa, nou konn santi nou tris, nou konn santi nou gen tètchaje oswa nou dekouraje. Petèt, kounye a ou nan yon sitiyasyon ki fè w gen anpil tètchaje e ki fè w santi w poukò w. Èske gen yon moun ki konprann jan w santi w? Jewova konprann jan w santi w. Nonsèlman li konn sa k ap fè n soufri, men tou, li “konsole nou nan tout eprèv nou yo”. Ki jan l fè sa? Lè nou priye Jewova e nou sipliye l, li ban nou “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. (Flp. 4:6, 7.) Nou jwenn konsolasyon tou lè n li sa Jewova di nou nan Bib la. Nan pawòl sa yo, Jewova fè nou konnen jan li renmen nou, epi li anseye nou fason pou n gen sajès e li ban nou espwa. Epitou, nan reyinyon yo, nou jwenn konsolasyon pa mwayen frè n ak sè n yo ak ankourajman nan Bib la.
16. Ki sa w aprann nan eksperyans Nathan ak Priscilla te fè a?
16 Pou n wè jan Jewova ban nou konsolasyon ak ankourajman pa mwayen Pawòl li a, ann egzamine eksperyans Nathan ak Priscilla k ap viv Ozetazini te fè. Sa gen kèk ane, yo te deside al viv kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Men sa Nathan di: “Nou te gen konfyans Jewova t ap beni efò n te fè yo.” Sepandan, lè yo te rive nan nouvo tèritwa yo a, yo te vin gen gwo pwoblèm sante ak pwoblèm kòb sanzatann. Mari ak madanm sa a te oblije retounen lakay yo e yo te kontinye gen pwoblèm kòb. Men sa Nathan sonje: “Mwen t ap mande tèt mwen poukisa Bondye pa t beni nou jan n te panse l t ap fè sa a.” Epi, li di: “Mwen te menm ap mande tèt mwen si m te fè yon bagay ki mal.” Sepandan, rive yon lè, Nathan ak Priscilla te vin konprann Bondye pa t abandone yo lè yo te nan bezwen. Men sa Nathan di: “Nan moman difisil sa yo, Bib la te vin tankou yon bon zanmi k ap ankouraje n e k ap gide nou. Lè n reflechi sou fason Jewova te ede n andire difikilte sa a olye n te ret ap reflechi sou eprèv la, sa prepare nou pou n fè fas ak lòt difikilte alavni avèk konfyans.”
17. Ki jan yon sè ki rele Helga te jwenn konsolasyon? (Gade foto a tou.)
17 Frè n ak sè n yo ka konsole nou tou. Ki jan yo ka fè sa? Ann pran egzanp Helga k ap viv nan peyi Ongri. Pandan plizyè dizèn ane, li te gen tout kalite pwoblèm ki te fè l santi l sanzespwa e ki te fè l santi l pa vo anyen. Men, lè l t ap reflechi, li te ka wè fason Jewova te konsole l pa mwayen kongregasyon an. Men sa l ekri: “Jewova te toujou ede m lè l te wè m te prèske san fòs akoz travay mwen, akoz mwen t ap pran swen pitit mwen ki te malad e akoz lòt eprèv ankò. Pandan 30 ane ki sot pase la yo, pa gen yon jou Jewova pa t kenbe pwomès li fè pou l konsole m. Souvan, li sèvi ak lòt moun ki di m pawòl ki janti e ki montre yo apresye m. Souvan m te resevwa yon mesaj, yon kat oswa yon felisitasyon nan moman m te plis bezwen sa.”
Ki jan Jewova ka sèvi avè w pou konsole lòt moun? (Gade paragraf 17.)
18. Ki fason nou ka konsole lòt moun?
18 Nou gen privilèj pou n imite Bondye nou an lè n konsole lòt moun. Ki jan n ka fè sa? Nou ka koute yo avèk pasyans, nou ka pale avè yo yon fason pou n konsole yo e n ka ede yo plizyè fason (Pwo. 3:27). Nou fè efò pou n konsole tout moun k ap soufri, san wete moun ki poko ap sèvi Bondye. Lè vwazen nou nan lapenn oswa yo malad oubyen yo gen tètchaje, n al wè yo, nou koute yo e nou li kèk pasaj nan Bib la avè yo ki ka ankouraje yo. Lè n imite Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”, nonsèlman nou ka ede kwayan parèy nou yo andire eprèv yo jwenn, men tou, nou ka ede moun ki poko ap sèvi Jewova yo pou yo dispoze aprann konnen l. — Mat. 5:16.
JEWOVA TOUJOU LA POU NOU
19. Ki sa Jewova fè pou nou, e ki jan n ka imite l?
19 Jewova vrèman gen sousi pou tout moun ki renmen l. Li pa abandone nou lè n gen pwoblèm. Menm jan yon paran ki gen lanmou pran swen pitit li, Jewova pran swen sèvitè fidèl li yo. Li gide nou, li fè n jwenn sa nou bezwen pou n viv, li pwoteje nou e l konsole nou. Nou imite Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou lè n ede moun ki nan difikilte e lè n ankouraje yo. Menm lè n ta jwenn difikilte ak tètchaje, nou kapab gen asirans Jewova avè n. Epitou, men pwomès li fè: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w.” (Eza. 41:10). Pawòl sa a ban n anpil asirans! Vrèmanvre, nou pa janm poukò n.
KANTIK 100 Akeyi yo byen
a Gade atik ki gen tit “Pran desizyon ki onore Bondye” ki parèt nan Toudegad 15 avril 2011.
b Gade atik ki gen tit “Ann kontinye suiv direksyon Jewova bay” ki parèt nan Toudegad fevriye 2024, paragraf 11-14.
c Ou ka jwenn egzanp nan epòk nou an lè w tape “travay pote sekou” nan kare pou fè rechèch la sou jw.org.
d Gade atik ki gen tit “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad fevriye 2017.
e ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon katastwòf, frè ak sè nan peyi Malawi k ap resevwa èd nan domèn materyèl ak ankourajman ki soti nan Bib la.