SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE
Prepare kè w
Lè n ap etidye Bib la, nou vle pou sa n aprann sou Jewova yo touche kè n, sa vle di moun nou ye pa anndan an. Esdras te bay yon bèl egzanp nan sans sa a lè l “te prepare kè l pou l byen egzamine Lwa Jewova a”. (Esd. 7:10.) Ki jan n ka prepare kè n?
Priye. Chak fwa w ap etidye, priye anvan w kòmanse. Mande Jewova pou l ede w konprann sa w ap aprann yo e pou w aplike yo. — Sòm 119:18, 34.
Chèche gen imilite. Bondye kache laverite pou moun ki gen ògèy e ki konte sou entèlijans yo pa jwenn li (Lik 10:21). Ou pa ta dwe fè rechèch jis pou w montre ou konn anpil bagay. Aksepte chanje fason w panse lè l pa ann amoni ak fason Bondye panse.
Koute youn nan chante nou yo. Mizik gen pouvwa pou l touche kè nou, sa prepare n pou n adore Bondye. Lè w koute youn nan chante nou yo anvan w kòmanse etidye, sa ka ede w prepare kè w.