ATIK ETID 30
KANTIK 97 Nou bezwen Pawòl la
Èske sa w te aprann lè w te fèk ap etidye Bib la ka toujou itil ou jodi a?
“Mwen toujou vle fè nou sonje bagay sa yo, kwak nou konnen yo, e kwak nou byen chita nan laverite.” — 2 PYÈ 1:12.
PWEN KLE
Fason sa nou te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la ka toujou itil nou jodi a.
1. Ki efè ansèyman ki nan Bib la te gen sou ou lè w te fèk aprann laverite?
SA NOU te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la te chanje lavi nou. Pa egzanp, lè n te aprann non Bondye se Jewova, nou te kòmanse vin zanmi l (Eza. 42:8). Lè n te aprann nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye, nou te sispann mande tèt nou èske moun pa nou yo ki mouri ap soufri (Ekl. 9:10). E lè n te aprann pwomès Bondye fè pou gen yon paradi sou tè a, nou te sispann enkyete nou pou lavni. Nou te vin kwè n ap kapab viv pa sèlman pandan yon ti tan tou kout, 70 oswa 80 an, men, pou toutan. — Sòm 37:29; 90:10.
2. Ki jan 2 Pyè 1:12, 13 montre menm kretyen ki gen matirite ka jwenn byenfè nan sa yo te aprann lè yo te fèk ap etidye Bib la?
2 Nou pa dwe janm bliye jan sa n te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la enpòtan. Pyè te voye dezyèm lèt li te ekri a pou kretyen yo ki te “byen chita nan laverite”. (Li 2 Pyè 1:12, 13.) Men, nan moman sa a, te gen yon seri moun ki te mechan nan kongregasyon an ki t ap chèche fè frè yo kite laverite. Pami moun sa yo te gen fo anseyan ak yon seri mesye ki pa t gen respè pou Bondye (2 Pyè 2:1-3). Pyè te vle fòtifye lafwa frè ak sè yo pou yo te ka reziste kont danje sa yo. Se sa k fè li te fè yo sonje kèk nan ansèyman yo te deja konnen. Ansèyman sa yo t ap ede yo ret fidèl jiska lafen.
3. Poukisa tout kretyen bezwen kontinye medite sou sa yo te aprann lè yo te fèk ap etidye Bib la? Bay yon egzanp.
3 Menmsi nou gen lontan nan laverite, sa n te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la ka toujou itil nou. Ann pran yon egzanp. Yon moun ki fò nan fè manje ak yon moun ki fèk ap aprann fè manje ka itilize menm engredyan pou yo fè yon manje. Men, rive yon lè, moun ki fò nan fè manje a vin konn ki jan pou l pi byen sèvi ak engredyan sa yo pou l fè lòt manje ki byen gou. Menm jan an tou, moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova ka wè plizyè fason pou yo aplike yon vèsè, tandiske yon moun ki fèk ap etidye Labib ka pa gen tout kapasite sa a. Sitiyasyon nou oswa sa n ap fè nan sèvis Jewova a gendwa chanje apre nou fin batize. Lè n reflechi sou sa n te aprann nan Bib la sa gen kèk tan, nou ka wè lòt fason yo ka itil nou kounye a. Ann wè ki sa kretyen ki gen matirite yo ka aprann nan twa bagay nou te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la.
JEWOVA SE KREYATÈ A
4. Lefètke nou aprann Jewova se Kreyatè a, ki jan sa chanje lavi nou?
4 “Moun ki fè tout bagay se Bondye.” (Ebre 3:4). Nou konnen se Kreyatè nou an, li menm ki gen anpil sajès e ki toupisan, ki kreye planèt nou an ak tout sa k ap viv sou li. Piske se li ki fè nou, li konnen nou byen. Mete sou sa, li pran swen nou. Li konn sa k pi bon pou nou. Lefètke nou konnen Jewova se Kreyatè a, sa chanje lavi nou nèt, sa bay lavi nou yon sans.
5. Ki verite ki ka ede n vin gen imilite? (Ezayi 45:9-12).
5 Piske nou konnen Jewova se Kreyatè a, sa ka ede n gen imilite. Lè Jòb te vin ap panse twòp ak tèt li e ak lòt moun, Jewova te fè l sonje Li se Kreyatè toupisan an (Jòb 38:1-4). Sa te ede Jòb wè fason Bondye aji pi bon lontan pase fason moun aji. Se sa k fè, men sa pwofèt Ezayi te ekri plizyè ane annapre: “Èske ajil la ta dwe di Atizan k ap ba l fòm nan: ‘Ki sa w ap fè la a?’” — Li Ezayi 45:9-12.
6. Ki lè l sitou enpòtan pou n reflechi sou jan Kreyatè nou an gen sajès ak pisans? (Gade foto yo tou.)
6 Lè yon moun gen anpil ane depi l ap sèvi Jewova, li ka kòmanse vin gen twòp konfyans nan tèt li olye l konte sou Jewova ak sou Pawòl li a pou gide l (Jòb 37:23, 24). Men, lè yon moun byen reflechi sou sajès ak pisans san parèy Kreyatè a genyen, ki jan sa ede l (Eza. 40:22; 55:8, 9)? Verite enpòtan sa a ap ede l kontinye gen imilite e sa ap ede l wè se pa sa l panse ki pi enpòtan.
Ki sa k ka ede n sonje se pa opinyon pa nou ki pi enpòtan? (Gade paragraf 6.)e
7. Ki sa Rahela te fè pou l te ka aksepte yon chanjman ki fèt nan òganizasyon an?
7 Rahela k ap viv nan peyi Sloveni fè konnen lè l panse ak Kreyatè l la sa ede l aksepte chanjman ki fèt nan òganizasyon an. Men sa l di: “Pafwa, li pa t fasil pou m aksepte desizyon frè ki alatèt yo te pran. Pa egzanp, menm apre m te fin gade dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay anrapò ak baba, premye fwa m te wè yon frè ak bab k ap bay diskou, mwen te choke. Donk, mwen te priye Jewova pou l ede m aksepte chanjman sa a.” Rahela rekonèt piske se Jewova ki kreye syèl la ak tè a, li toujou konn pi bon fason pou l gide òganizasyon l lan. Si w twouve l difisil pou w aksepte yon ajisteman ki fèt nan fason w te konprann yon ansèyman oswa pou w aksepte yon nouvo enstriksyon, l ap bon pou w medite avèk imilite sou sajès ak pisans san parèy Kreyatè nou an genyen. — Wom. 11:33-36.
REZON KI FÈ BONDYE PÈMÈT SOUFRANS
8. Lè n aprann poukisa Bondye pèmèt soufrans, ki jan sa ede n?
8 Poukisa Bondye pèmèt soufrans? Moun ki pa konn repons kesyon sa a vin fache kont Bondye oswa yo kwè Bondye pa egziste (Pwo. 19:3). Men, ou te aprann se peche ak enpèfeksyon nou eritye ki lakòz moun ap soufri, se pa Jewova. Ou te aprann tou, lefètke Jewova pran pasyans ak lèzòm, sa fè plizyè milyon moun vin konnen l epi aprann ki jan li pral elimine soufrans nèt (2 Pyè 3:9, 15). Verite sa yo konsole w e yo fè w vin pi pwòch avè l.
9. Nan ki sitiyasyon nou ka bezwen sonje poukisa Bondye pèmèt soufrans?
9 Nou konprann nou bezwen gen pasyans pandan n ap tann Jewova elimine soufrans. Sepandan, lè nou menm oswa moun pa nou ap soufri, yo sibi enjistis oswa yo pèdi sa yo te genyen, nou ka ap mande tèt nou poukisa Jewova pran tout tan sa a pou l elimine soufrans (Aba. 1:2, 3). Lè konsa, l ap bon pou n reflechi sou rezon ki fè Jewova pèmèt moun ki jis soufrib (Sòm 34:19). Epitou, nou ka reflechi sou objektif Jewova genyen pou l elimine soufrans pou toutan.
10. Ki sa k te ede Anne jwenn fòs apre lanmò manman l?
10 Lè n konn laverite sou rezon ki fè gen soufrans, sa kapab ede n andire. Men sa Anne, yon sè k ap viv sou zile Mayòt ki nan Oseyan Endyen, fè konnen: “Lè manman m te mouri, sa gen kèk ane, mwen te nan gwo lapenn. Sepandan, mwen toujou ap di tèt mwen se pa Jewova ki lakòz soufrans. Li vrèman vle elimine tout kalite soufrans e l vle resisite moun pa nou yo ki mouri. Lè m medite sou verite sa yo, mwen santi m anpè e sa konn ankouraje m.”
11. Lefètke nou konn poukisa Jewova pèmèt soufrans, ki jan sa ka ede n pou n kontinye preche?
11 Lefètke nou konnen poukisa Bondye pèmèt soufrans, sa kapab ankouraje n kontinye preche. Apot Pyè te esplike youn nan rezon ki fè Jewova poko detwi monn nan se paske li ta renmen moun yo repanti e l ta renmen yo sove. Epitou, li te esplike sa nou menm nou dwe fè. Men sa l te ekri: “Reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye.” (2 Pyè 3:11). Travay predikasyon n ap fè a se youn nan ‘aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye’. Menm jan ak Papa nou ki nan syèl la, nou renmen moun. Nou ta renmen yo viv nan monn nouvo Bondye a kote k ap gen jistis. Jewova montre l gen pasyans ak moun nan zòn kote w ap viv la lefètke li ba yo posiblite pou yo vin adore l. Se pa ti privilèj ou genyen pou w travay ansanm ak Bondye e pou w ede pi plis moun posib aprann konnen l anvan lafen an rive! — 1 Kor. 3:9.
N AP VIV NAN “DÈNYE JOU YO”
12. Lefètke nou aprann n ap viv nan “dènye jou yo”, ki konviksyon nou vin genyen?
12 Bib la di egzakteman fason moun yo t ap ye “nan dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1-5.) Nou ka annik gade toutotou nou pou n wè jan pwofesi sa a ap reyalize. Lè n wè moun yo ap vin pi mal chak jou, nou vin gen plis konviksyon, Pawòl Bondye a se laverite. — 2 Tim. 3:13-15.
13. Selon egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Lik 12:15-21 an, ki kesyon nou ka poze tèt nou?
13 Lefètke nou konnen n ap viv nan dènye jou yo, sa ede n pou n sèvi ak tan nou fason ki pi bon an. Nou ka wè rezon ki fè l enpòtan pou n fè sa nan egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Lik 12:15-21. (Li vèsè yo.) Poukisa mesye rich la te yon “egare”? Se pa paske mesye a te rich, men se paske li pa t rekonèt sa k pi enpòtan. Li te “sere trezò pou tèt li, men [li pa t] rich nan je Bondye”. Sa k fè mesye a te dwe pi byen sèvi ak tan l? Men sa Bondye te di l: “Aswè a menm y ap mande w vi w.” Jodi a, toutpandan fen sistèm sa a ap pwoche, nou ka mande tèt nou: ‘Èske objektif mwen genyen yo montre m ap sèvi ak tan m fason ki pi bon an? Ki objektif mwen ankouraje pitit mwen genyen? Èske m plis sèvi ak fòs mwen, tan m ak lajan m pou m ranmase trezò pou tèt mwen oswa pou m sere trezò nan syèl la?’
14. Ki jan eksperyans Miki te fè a ede n wè rezon ki fè l enpòtan pou n sonje n ap viv nan dènye jou yo?
14 Lè n byen reflechi ak prèv ki montre nou vrèman ap viv nan dènye jou yo, sa ka ede n konnen ki pi bon fason pou n sèvi ak lavi nou. Se sa yon sè ki rele Miki te fè. Men sa l di: “Lè m te gradye nan lekòl mwen, mwen te vle al nan inivèsite pou m fè etid sou bèt yo. Epitou, m te gen objektif pou m vin pyonye pèmanan e pou m al sèvi kote ki gen plis bezwen. Gen frè ak sè ki gen matirite nan kongregasyon m nan ki te ankouraje m byen reflechi pou m wè si l ap rezonab pou m fè karyè nan sa m ta renmen aprann nan toutpandan m pyonye oswa toutpandan m ap sèvi kote ki gen plis bezwen. Yo te fè m sonje sistèm sa a pa lwen fini. Dayè, nan monn nouvo a, m ap gen tout tan m pou m aprann konnen tout kalite bèt. Donk, mwen te chwazi etidye yon bagay ki pa t pran anpil tan e ki pratik. Sa te pèmèt mwen jwenn yon travay pou m pran swen tèt mwen toutpandan m pyonye pèmanan e ki te pèmèt mwen al sèvi nan peyi Ekwatè, kote ki gen plis bezwen.” Jodi a, Miki ak mari l nan sèvis sikonskripsyon nan peyi sa a.
15. Ki jan moun yo ka reyaji lè n ap preche bon nouvèl la? Bay yon egzanp. (Gade foto yo tou.)
15 Nou pa ta dwe dekouraje lè lòt moun montre yo pa enterese nan bon nouvèl la. Moun yo ka chanje. Ann pran egzanp Jak, frè Jezi bò kot manman. Li te wè Jezi, gran frè l, k ap grandi, li te wè pwofesi ki gen rapò ak Mesi a reyalize sou Jezi e l te wè l k ap anseye yon fason okenn moun potko janm fè. Epoutan, pandan plizyè ane, Jak pa t janm suiv Jezi. Se apre Jezi fin resisite Jak te vin disip li. Anfèt, li te vin yon disip ki te zelec (Jan 7:5; Gal. 2:9)! Pa janm dekouraje ak moun nan fanmi w ki poko montre yo enterese nan laverite oswa pa janm bouke preche moun ki pa aksepte mesaj Wayòm nan. Sonje n ap viv nan dènye jou yo. Donk, travay predikasyon n ap fè a se yon travay ki ijan. Sa nou di moun yo jodi a ka touche kè yo pi devan, petèt menm apre gwo tribilasyon an kòmanse.d
Ki sa k ka ede n pou n pa dekouraje ak moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova? (Gade paragraf 15.)f
TOUJOU MONTRE NOU GEN REKONESANS POU RAPÈL JEWOVA FÈ NOU YO
16. Ki jan rapèl Jewova yo ede w? (Gade kare ki gen tit “Sèvi avè yo pou w ede lòt moun”.)
16 Gen enfòmasyon ki baze sou Bib la òganizasyon nou an bay ki fèt pou moun ki pa konn anpil bagay nan Bib la. Pa egzanp, gen diskou piblik ki fèt chak semèn, gen yon seri atik ak videyo sou jw.org, e gen peryodik pou piblik la ki sitou fèt pou moun ki pa Temwen. Sepandan, rapèl sa yo itil nou. Yo fè n vin pi renmen Jewova, yo fè lafwa nou gen nan Pawòl li a vin pi janm, e yo ede n pou n pi efikas lè n ap anseye lòt moun verite ki nan Bib la. — Sòm 19:7.
17. Nan ki sitiyasyon ou ka reflechi sou sa w te aprann lè w te fèk ap etidye Bib la?
17 Antanke Temwen Jewova, nou vrèman kontan lè n vin pi byen konprann yon verite nan Bib la. Sepandan, nou gen anpil rekonesans pou verite nou te aprann lè n te fèk ap etidye Bib la ki te ede n vin pwòch ak Jewova. Si sa ta rive nou ta panse se opinyon pa nou ki pi bon olye n kite òganizasyon Jewova a gide n, avèk imilite nou bezwen sonje kiyès k ap dirije òganizasyon an, anpalan de Kreyatè a ki toupisan e ki gen anpil sajès. Lè nou menm oswa yon moun pa nou jwenn yon eprèv, nou bezwen montre n gen pasyans epi reflechi sou rezon ki fè Jewova pèmèt soufrans. E lè n ap deside fason pou n sèvi ak tan nou ak sa n posede, nou bezwen sonje n ap viv nan dènye jou yo e pa ret anpil tan pou lafen an rive. Nou swete pou rapèl Jewova yo ede n kontinye gen sajès e pou yo ede n ret fidèl avè l.
KANTIK 95 Limyè a vin pi klere
b Gade atik ki gen tit “Rezon ki fè tout soufrans pral fini talè konsa” ki parèt nan Toudegad 1ye jen 2007, paj 13-17.
d Gade atik ki gen tit “Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?” ki parèt nan Toudegad me 2024, paj 8-13.
e ESPLIKASYON SOU FOTO: Gwoup ansyen an pa dakò ak yon ide yon ansyen bay. Annapre, ansyen an gade syèl la ki chaje ak zetwal epi li reflechi anpil sou fason Kreyatè a gen sajès ak pisans e li vin rann li kont sa Jewova vle pi enpòtan pase sa l vle.
f ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon sè ap fè etid pèsonèl li, l ap egzamine prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo. Sa pouse l rele yon sè l pou l pale avè l sou Bib la.