BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 2-7
  • Fason Jewova ede n pou n andire

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason Jewova ede n pou n andire
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LAPRIYÈ
  • PAWÒL BONDYE A
  • FRÈ N AK SÈ N YO
  • ESPERANS NOU GENYEN AN
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Yon lèt ki kapab ede n kontinye andire jiska lafen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jewova “geri moun kè yo ap fann yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 2-7

ATIK ETID 32

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

Fason Jewova ede n pou n andire

“Bondye ki bay favè san parèy tout jan an [...] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm.” — 1 PYÈ 5:10.

PWEN KLE

Dispozisyon Jewova pran pou ede n andire ak fason nou ka pwofite chak dispozisyon sa yo.

1. Poukisa nou bezwen gen andirans, e kiyès k ap ede n? (1 Pyè 5:10).

NAN dènye jou sa yo ki difisil, sèvitè Jewova yo bezwen gen andirans. Gen nan yo ki gen lontan depi y ap viv ak yon maladi. Gen lòt ki gen moun pa yo ki mouri. Gen lòt ankò ki jwenn opozisyon nan men moun nan fanmi yo oswa nan men otorite nan gouvènman yo (Mat. 10:​18, 36, 37). Ou mèt gen asirans, kèlkeswa pwoblèm ou genyen, Jewova kapab ede w pou w andire. — Li 1 Pyè 5:10.

2. Sa k fè nou kapab andire?

2 Andirans se kapasite yon moun genyen pou l pèsevere e pou l kontinye gen espwa, menm lè li jwenn gwo pwoblèm, pèsekisyon, eprèv oswa tantasyon. Nou rive andire, paske Jewova ban n “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. Nou pa t ap kapab andire si l pa t ede n (2 Kor. 4:7). Nan atik sa a, nou pral wè kat dispozisyon Jewova pran pou ede n andire. Epitou, nou pral wè ki sa n ka fè pou n byen pwofite yo chak.

LAPRIYÈ

3. Poukisa n ka di se yon bagay estrawòdinè dèske n ka priye Jewova?

3 Jewova fè yon bagay estrawòdinè ki kapab ede n andire. Li fè l posib pou n kominike avè l malgre nou se pechè (Ebre 4:16). Fè yon ti reflechi: Nou kapab priye Jewova nenpòt lè sou nenpòt bagay. Li kapab tande nou kèlkeswa lang nou pale e kèlkeswa kote nou ye, menmsi nou lwen frè n ak sè n yo oswa nou nan prizon (Jon. 2:​1, 2; Tra. 16:​25, 26). Si n gen anpil tètchaje e nou pa konn sa pou n di Jewova pou n fè l konnen jan n santi n, l ap toujou ka konprann sa n ta renmen di l (Wom. 8:​26, 27). Vrèmanvre, se yon bagay estrawòdinè dèske nou kapab priye Jewova!

4. Ki jan n fè konnen lè n priye Jewova pou l ede n andire l ap fè sa vre?

4 Nan Bib la, Jewova ban n asirans “kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou”. (1 Jan 5:14.) Èske nou kapab mande Jewova ede n pou n andire? Wi! Jewova vle n kontinye andire. Sa k fè nou kapab di sa? Se paske lè n andire eprèv nou jwenn, nou pèmèt Jewova jwenn yon repons pou l bay sila a k ap pwovoke l la, anpalan de Satan Ledyab (Pwo. 27:11). Epitou, Bib la di Jewova “ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo”. (2 Kwo. 16:9.) Donk, nou kapab gen asirans, nonsèlman Jewova gen pouvwa pou l ede n andire, men li vle fè sa tou. — Eza. 30:18; 41:10; Lik 11:13.

5. Ki jan lapriyè kapab fè lespri n anpè? (Ezayi 26:3).

5 Labib di lè n priye Jewova ak tout kè n sou pwoblèm nou yo, “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou”. (Flp. 4:7.) Reflechi sou sa sa vle di. Moun ki pap sèvi Jewova jwenn pwoblèm tou, e anpil nan yo konn eseye itilize plizyè mwayen pou yo santi yo anpè oswa pou yo bliye pwoblèm yo. Pa egzanp, gen nan yo ki konn itilize yon metòd pou yo chèche elimine tout sa k nan lespri yo, san wete sa k ap trakase yo. Lè yon moun fè sa, li pa gen kontwòl lespri l, li ka vin anba kontwòl demon yo, e sa se yon gwo danje. (Konpare ak Matye 12:​43-45.) E menmsi yon moun santi l anpè apre l fin itilize youn nan mwayen sa yo, li pa gen vrè lapè Jewova bay la ki pi bon lontan. Lè n priye Jewova, nou montre nou konte sou li nèt e li ban nou “lapè nètale”. (Li Ezayi 26:3.) Youn nan fason Jewova ban nou lapè se lè l ede n sonje verite nou aprann nan Pawòl li a ki kapab konsole nou. Verite sa yo fè lespri n ak kè n poze paske nou konnen Jewova renmen nou e li vle ede nou. — Sòm 62:​1, 2.

6. Ki jan w ka byen pwofite dispozisyon Jewova pran pou nou priye l? (Gade foto a tou.)

6 Sa w ka fè. Lè w gen yon pwoblèm, fè Jewova konnen jan w santi w, “lage chay ou sou” li, epi mande l pou l ba w lapè (Sòm 55:22). Mande Jewova tou pou l ba w sajès ou bezwen pou w ka fè fas ak pwoblèm ou genyen an (Pwo. 2:​10, 11). Pandan w ap sipliye Jewova pou l ede w pou w andire, sonje di l mèsi tou (Flp. 4:6). Chèche wè fason Jewova ap ede w chak jou pou w andire eprèv ou jwenn epi di l mèsi pou èd li ba ou. Pa kite eprèv ou jwenn anpeche w wè jan Jewova deja beni w. — Sòm 16:​5, 6.

Yon frè ki granmoun ki chita lakay li nan sezon fredi e k ap priye. Li gen yon Bib ouvè sou janm li e li gen yon ti bokal medikaman sou yon tab toupre l la.

Lè w ap priye, w ap pale ak Jewova. Men lè w ap li Labib, Jewova ap pale avè w. (Gade paragraf 6.)b


PAWÒL BONDYE A

7. Lè n etidye Bib la, ki jan sa kapab ede n andire?

7 Jewova ban nou Pawòl li a pou ede n andire. Nou jwenn anpil vèsè nan Bib la ki ban n asirans Jewova ap ede n. Ann pran yon egzanp. Matye 6:8 di: “Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” Se Jezi ki te di pawòl sa yo, e li konnen Jewova pi byen lontan pase nenpòt lòt moun. Donk, nou kapab gen yon konfyans total Jewova konnen sa n bezwen lè n ap soufri, e l ap ede n. Nou kapab jwenn anpil vèsè menm jan an nan Bib la ki kapab ban nou fòs nou bezwen pou n andire. — Sòm 94:19.

8. a) Bay yon prensip nan Bib la ki kapab ede n andire. b) Ki sa k ede n sonje prensip biblik yo lè n bezwen sa?

8 Prensip ki nan Bib la kapab ede n pou n andire. Epitou, yo kapab ban nou sajès nou bezwen pou n pran bon desizyon (Pwo. 2:​6, 7). Pa egzanp, Bib la di nou pou n sispann enkyete n pou sa k ka rive demen, men pou n konte sou Jewova chak jou (Mat. 6:34). Si n pran abitid li Labib epi medite sou sa nou li yo, l ap pi fasil pou n sonje prensip k ap itil nou lè n bezwen yo.

9. Ki jan istwa nou jwenn nan Bib la kapab fè n vin gen plis konfyans Jewova ap ede n?

9 Nan Bib la, nou jwenn istwa moun menm jan avè n ki te met konfyans yo nan Jewova, e Jewova te ede yo (Ebre 11:​32-34; Jak 5:17). Lè n medite sou istwa sa yo, nou vin gen plis konviksyon Jewova se “refij nou e li se fòs nou, nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo”. (Sòm 46:1.) Lè n reflechi sou jan sèvitè Jewova nan tan lontan yo te fidèl, sa ap ankouraje n pou n imite lafwa ak andirans yo te genyen. — Jak 5:​10, 11.

10. Ki jan n ka pi byen sèvi ak Pawòl Bondye a?

10 Sa w ka fè. Li Labib chak jou, epi fè yon lis ki gen yon seri vèsè ki kapab vrèman ede w. Gen anpil moun ki twouve lè yo fè tèks pou jounen an se yon bon fason pou yo kòmanse jounen yo ak yon panse nan Bib la k ap ankouraje yo. Gen yon sè ki rele Mariea ki te fè eksperyans sa a lè doktè te fè konnen manman l ak papa l gen kansè. Ki sa k te ede l andire pandan l t ap pran swen yo nan dènye mwa yo te fè anvan yo mouri? Men sa l di: “Chak maten, mwen te konn li vèsè ki nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a e m te konn medite sou yo. Abitid sa a mwen te genyen an te ede m pou m panse ak Jewova e ak bèl bagay l ap anseye n nan Pawòl li a olye m te ret ap panse ak pwoblèm mwen te genyen yo.” — Sòm 61:2.

FRÈ N AK SÈ N YO

11. Lefètke nou konnen nou pa poukò n lè n ap andire eprèv, ki jan sa ankouraje n?

11 Jewova ban nou frè n ak sè n yo ki toupatou sou tè a pou ede n andire. Lefètke nou konnen “se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo [...] ap jwenn”, sa fè n santi nou pa poukò n (1 Pyè 5:9). Vrèmanvre, nou kapab gen konfyans kèlkeswa sitiyasyon n ap viv, gen frè ak sè ki te viv yo tou, e yo te rive andire. Sa vle di, nou menm tou nou kapab andire. — Tra. 14:22.

12. Ki jan frè n ak sè n yo kapab ede n, e ki sa n ka fè pou yo? (2 Korentyen 1:​3, 4).

12 Toutpandan n ap andire, frè n ak sè n yo kapab ankouraje n. Apot Pòl te viv sa. Lè l pa t gen dwa kite kay kote l te ye a, gen moun ki te konsole l, ki te ankouraje l e ki te ba l èd li te bezwen. Se sa k fè, nan lèt li te konn ekri yo, souvan li te konn site non moun ki te ede l e l te konn di yo mèsi (Flp. 2:​25, 29, 30; Kol. 4:​10, 11). Nou ka fè yon eksperyans menm jan an jodi a. Lè n bezwen èd pou n andire, frè n ak sè n yo la pou nou, e lè yo bezwen èd nou, yo ka konte sou nou. — Li 2 Korentyen 1:​3, 4.

13. Ki sa k te ede yon sè ki rele Maya andire?

13 Frè ak sè yo te vrèman ankouraje yon sè nan peyi Larisi ki rele Maya. Otorite yo te fouye kay li nan ane 2020, apre sa, yo te rele l tribinal poutèt li t ap pataje kwayans li ak lòt moun. Men sa Maya di: “Yon lè, m te santi m about. Frè ak sè yo te rele m e yo te ekri m. Epitou, yo te fè m konnen yo renmen m. Mwen te toujou konnen mwen fè pati yon gwo fanmi ki gen lanmou, men, depi 2020, m ap viv sa pèsonèlman.”

14. Ki sa n ka fè pou n jwenn èd frè n ak sè n yo? (Gade foto a tou.)

14 Sa w ka fè. Pandan w ap andire, rete pwòch frè w ak sè w yo. Pa ezite mande ansyen yo èd. Yo kapab tankou “yon abri lè gen van, yon refij lè gen gwo lapli”. (Eza. 32:​2, nòt.) Epitou, sonje frè w ak sè w yo gen pwòp pwoblèm pa yo. Donk, lè w fè yon bèl aksyon pou yon moun ki bezwen sa, sa ap fè w gen kè kontan e sa ap ede w andire eprèv ou jwenn. — Tra. 20:35.

Frè ki granmoun ki nan foto anvan an ki chita lakay li nan sezon prentan e k ap pale ak kè kontan ak yon mari ak madanm ansanm ak de tipitit fi yo. Bò kote l la gen yon baton ak kèk bokal medikaman. Youn nan tifi yo ap montre l yon desen Paradi a li fè.

Rete pwòch frè w ak sè w yo. (Gade paragraf 14.)c


ESPERANS NOU GENYEN AN

15. a) Ki jan esperans Jezi te gen pou lavni an te ede l? (Ebre 12:2). b) Ki jan esperans nou gen pou lavni an ede n?

15 Jewova ban nou yon esperans ki sèten pou ede n andire (Wom. 15:13). Sonje jan esperans Jezi te genyen an te ede l andire jou ki te pi difisil nan lavi l sou tè a. (Li Ebre 12:2.) Jezi te konnen si l ret fidèl sa t ap montre aklè sa Satan te di sou Jewova yo se manti e Jewova merite pou yo defann non l. Se pa ti anvi Jezi te anvi tounen al jwenn Papa l nan syèl la, e rive yon lè pou l dirije ansanm ak frè l yo nan Wayòm li an. Menm jan an tou, esperans nou genyen pou n viv pou toutan nan monn nouvo Bondye pwomèt la ede n andire kèlkeswa pwoblèm nou jwenn nan monn Satan an.

16. Ki jan esperans nou genyen an te ede yon sè andire, e ki sa w aprann nan pawòl li te di yo?

16 Ann wè fason esperans Wayòm nan te ede yon sè nan peyi Larisi ki rele Alla. Yo te arete mari l e yo te mete l nan prizon annatandan yo jije l. Men sa Alla te di lè sa te rive: “Lefètke m konn priye Jewova sou esperans nou genyen an e m konn medite sou li, sa ede m pou m pa twò dekouraje. Mwen konnen tout bagay pa fini, Jewova ap pot laviktwa, e nou menm tou, n ap pot laviktwa.”

17. Ki jan n ka montre nou gen rekonesans pou esperans nou genyen an ki baze sou Bib la? (Gade foto a tou.)

17 Sa w ka fè. Pran yon ti tan pou w reflechi sou bèl avni Jewova pwomèt nou an. Imajine ou menm ki nan monn nouvo Bondye pwomèt la, epi panse ak tout benediksyon nou pral jwenn. Donk, kèlkeswa eprèv nou ta jwenn kounye a, l ap la “pou yon ti tan e [l ap] lejè”. (2 Kor. 4:17.) Epitou, fè tout sa w kapab pou w pataje esperans ou genyen an ak lòt moun. Reflechi sou jan sa dwe difisil pou yo pou y ap pran brimad nan monn Satan an san yo pa konnen objektif Bondye gen pou lavni. Menmsi se yon ti pale tou kout ou fè ak yo, sa kapab ede yo met espwa yo nan Wayòm nan.

Frè ki granmoun nan ki chita lakay li ann otòn ki gen yon foto Paradi a sou tablèt li e k ap panse ak Paradi a. Bò kote l la gen yon wòkè ak plizyè bokal medikaman.

Pran yon ti tan pou w reflechi sou bèl avni Jewova pwomèt nou an. (Gade paragraf 17.)d


18. Poukisa nou kapab fè pwomès Jewova yo konfyans?

18 Apre Jòb te fin andire yon pakèt eprèv e l te ret fidèl, li te di Jewova: “Kounye a, mwen konnen ou kapab fè tout bagay, e pa gen anyen ou panse fè ki enposib pou ou.” (Jòb 42:2). Jòb te aprann pa gen anyen ki kapab anpeche Jewova reyalize objektif li. Piske nou konn sa, sa kapab ban n fòs pou n andire. Ann pran yon egzanp. Imajine yon dam ki malad e ki dekouraje paske l pase anba men anpil doktè e yo pa ka fè anyen pou li. Men, lè yon doktè ki gen anpil eksperyans moun fè konfyans rive wè pwoblèm li genyen an e li esplike l ki sa l pral fè pou l trete maladi l genyen an, li santi l soulaje, menm lè l konnen sa ap pran tan pou l geri. Kounye a, li kapab andire, paske li gen yon espwa ki sèten. Li gen espwa l ap geri yon lè. Menm jan an tou, lefètke nou gen konfyans nou pral viv nan Paradi a, sa ede n andire.

19. Ki sa n bezwen pou n andire?

19 Jan nou sot wè sa, lè n jwenn eprèv, Jewova ede n pou n andire pa mwayen lapriyè, Pawòl li a, frè n ak sè n yo ak esperans li ban nou an. Si n byen sèvi ak dispozisyon sa yo Jewova pran, Jewova ap ede n pou n andire kèlkeswa pwoblèm nou ka jwenn jiskaske jou a rive kote tout pwoblèm nou jwenn nan monn Satan an pral disparèt. — Flp. 4:13.

KI JAN JEWOVA EDE N ANDIRE GRASA...

  • lapriyè ak Pawòl li a?

  • frè n ak sè n yo?

  • esperans li ban nou an?

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

a Gen kèk non yo chanje nan atik sa a.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki granmoun ki kontinye andire jou apre jou.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki granmoun ki kontinye andire jou apre jou.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki granmoun ki kontinye andire jou apre jou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje