ATIK ETID 48
KANTIK 129 N ap kontinye andire
Liv Jòb la ka ede w lè w ap soufri
“Pa gen dout nan sa, Bondye pa aji ak mechanste.” — JÒB 34:12.
PWEN KLE
Nou pral wè sa n ka aprann nan liv Jòb la konsènan rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans ak fason nou kapab andire lè n ap soufri.
1-2. Bay kèk rezon ki fè li bon pou n li liv Jòb la.
ÈSKE W te pran plezi li liv Jòb la sa pa gen twò lontan? Byenke sa gen anviwon 3500 ane depi yo te ekri liv sa a, anpil moun toujou konsidere l kòm youn nan pi bon liv ki genyen. Moun fè lwanj pou moun ki te ekri liv sa a, paske li itilize yon seri mo ki fasil pou moun konprann, men tou ki bèl e ki gen anpil fòs. Byenke se Moyiz ki te ekri bèl liv sa a, an reyalite se Jewova Dye ki te fè l konnen sa l pou l ekri. — 2 Tim. 3:16.
2 Liv Jòb la se yon liv nan Bib la ki gen anpil enpòtans. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo, se paske li montre byen klè zanj yo ak lèzòm gen pou yo chwazi si y ap sèvi Jewova paske yo renmen l e paske yo renmen non l. Epitou, li aprann nou bèl kalite Jewova genyen. Pa egzanp, li aprann nou li gen lanmou, sajès, jistis ak pisans. Liv Jòb la pale de Jewova antanke Sila a ki “Toupisan an” 31 fwa, plis pase tout lòt liv ki nan Bib la ansanm. Epitou, liv Jòb la reponn anpil nan kesyon moun ta renmen jwenn repons yo. Youn nan yo se yon kesyon anpil moun ap poze tèt yo jis kounye a: Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
3. Ki sa n ka aprann lè n egzamine liv Jòb la?
3 Lè n sou yon tèt mòn, nou kapab wè byen klè toutotou n. Menm jan an tou, liv Jòb la ede n wè byen klè sa Jewova panse konsènan eprèv nou jwenn nan lavi a. Ann wè ki jan liv Jòb la kapab ede n lè n ap soufri. Nou pral aprann ki jan istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo ak ki jan l kapab ede n jodi a. Epitou, nou pral aprann ki jan n ka sèvi ak istwa sa a nan Bib la pou n ede lòt moun.
BONDYE KITE JÒB SOUFRI
4. Ki gwo diferans ki te gen ant Jòb ak kèk nan Izrayelit ki te nan peyi Ejip?
4 Nan epòk Izrayelit yo t ap soufri anba esklavaj nan peyi Ejip, gen yon mesye ki te rele Jòb ki t ap viv nan peyi Ouz, yon peyi petèt ki te nan lès Peyi Bondye te pwomèt la, nan yon zòn ki nan nò Arabi. Lè Izrayelit yo te nan peyi Ejip, gen nan yo ki te konn adore zidòl. Men, Jòb li menm te sèvi Jewova fidèlman (Joz. 24:14; Eze. 20:8.) Men sa Jewova te di konsènan Jòb: “Pa gen pèsonn tankou l sou tè a.”a (Jòb 1:8). Jòb te rich anpil e l te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo (Jòb 1:3). Se pa ti fache Satan dwe te fache pou l wè mesye sa a anpil moun te konnen e yo te respekte t ap sèvi Bondye fidèlman!
5. Poukisa Jewova te kite Jòb soufri? (Jòb 1:20-22; 2:9, 10).
5 Satan te fè konnen Jòb t ap sispann sèvi Jewova si l ap soufri (Jòb 1:7-11; 2:2-5). Byenke Jewova te renmen Jòb anpil, li te kite Satan montre si sa l te di sou Jòb yo se laverite oswa manti (Jòb 1:12-19; 2:6-8). Satan te touye tout bèt Jòb te genyen yo, li te touye dis pitit li yo e l te fè yon pakèt gwo bouton leve sou Jòb ki t ap fè l mal anpil, sot anba pla pye l rive nan tèt li. Men, aktout Satan te lage Jòb nan gwo soufrans, Jòb te kontinye sèvi Jewova fidèlman. (Li Jòb 1:20-22; 2:9, 10.) Rive yon lè, Jewova te geri Jòb. Li te fè l vin pi rich, li te ba l dis lòt pitit e moun te vin gen respè pou Jòb ankò. Apre sa, Jewova te fè Jòb viv 140 an. Li te viv ase tan pou l te wè pitit pitit li rive jis sou kat jenerasyon (Jòb 42:10-13, 16). Ki sa sèvitè Bondye nan tan lontan yo dwe te aprann nan istwa sa a, e ki sa n ka aprann ladan l jodi a?
6. Si Izrayelit yo te konnen poukisa Bondye pèmèt soufrans, ki jan sa dwe te ede yo? (Gade foto a tou.)
6 Fason istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo. Lavi a pa t fasil pou Izrayelit yo nan peyi Ejip. Pa egzanp, Jozye ak Kalèb te pase tout jenès yo kòm esklav. Apre sa, yo te fè 40 an ap monte desann nan dezè a, alòske yo pa t fè anyen ki mal. Si Izrayelit yo te konnen istwa Jòb la ak jan Jewova te rekonpanse l, se sèten sa te ede yo konprann kiyès ki lakòz soufrans e sa te ede jenerasyon Izrayelit ki te vin annapre yo. Epitou, sa dwe te ede yo pi byen konprann poukisa Bondye pèmèt soufrans e jis nan ki pwen fidelite lèzòm enpòtan pou li.
Izrayelit yo ki te fè anpil tan nan esklavaj nan peyi Ejip dwe te vin aprann istwa Jòb la annapre, e istwa sa a dwe te ede yo. (Gade paragraf 6.)
7-8. Ki jan liv Jòb la kapab ede frè n ak sè n k ap soufri yo? Rakonte yon eksperyans.
7 Fason istwa Jòb la kapab itil nou. Malerezman, anpil moun jodi a sispann kwè nan Bondye paske yo pa ka konprann poukisa l kite bon moun ap soufri. Ann pran egzanp Hazelb ki moun peyi Wannda. Lè l te timoun, li te kwè nan Bondye. Men, bagay yo te vin chanje. Paran l te divòse e se bòpè l ki te leve l. Li te konn maltrete l. Lè Hazel te nan adolesans li, gen yon mesye ki te vyole l. Lè t al legliz pou l jwenn konsolasyon, li pa t jwenn konsolasyon vre. Annapre, Hazel te ekri Bondye yon lèt. Li te di l: “Bondye, mwen te priye w, mwen te eseye fè sa ki byen. Men, ou lakòz m ap soufri. Mwen pap adore w ankò, e m pral fè tout sa k fè m plezi.” Kè n fè n mal anpil pou moun, menm jan ak Hazel, yo fè kwè se Bondye ki lakòz y ap soufri!
8 Sepandan, istwa ki nan liv Jòb la aprann nou se pa Bondye ki lakòz soufrans, se Satan. Epitou, nou te aprann lè yon moun ap soufri nou pa dwe panse se sa l fè l ap peye. Labib fè n konnen “move moman ak malè” ka rive sou nenpòt moun “sanzatann” e nenpòt ki lè (Ekl. 9:11; Jòb 4:1, 8). Epitou, nou aprann lè n ret fidèl pandan n ap andire eprèv nou jwenn, nou bay Jewova posiblite pou l reponn akizasyon Satan yo. Konsa Jewova kapab defann repitasyon l (Jòb 2:3; Pwo. 27:11). Nou bay sa n aprann yo anpil enpòtans paske nou vin konprann rezon ki fè nou menm ak moun pa nou yo ap soufri. Annapre, Hazel te etidye Labib ak Temwen Jewova yo, e l te vin konprann se pa Bondye ki te lakòz l ap soufri. Men sa l te di: “Mwen te priye Bondye ankò, e m te fè sa ak tout kè m. Mwen te fè Jewova konnen lè m te di mwen t ap sispann sèvi l la, mwen pa t ap sispann sèvi l vre. Dayè, m pa t vrèman konn kiyès li ye. Kounye a, mwen konprann Jewova renmen m. E jodi a, mwen gen anpil kè kontan.” Se pa ti rekonesans nou genyen dèske nou konnen rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans! Ann wè fason istwa Jòb la kapab ede n pèsonèlman lè n jwenn eprèv.
FASON ISTWA JÒB LA EDE N ANDIRE
9. Nan ki sitiyasyon Jòb te ye pandan l te chita nan sann dife? (Jak 5:11).
9 Eseye imajine Jòb ki chita poukont li nan sann dife, li gen yon pakèt gwo bouton sou kò l e l ap soufri anpil. Maladi a te fè po l vin nwa e l t ap fini sou pye. Jòb pa t gen fòs pou l te fè anyen. Li t ap grate kò l ak moso veso ann ajil e l t ap plenyen mizè l. Sepandan, Jòb pa t jis ap debat, li t ap andire. (Li Jak 5:11.) Ki sa k te ede Jòb andire?
10. Ki kalite relasyon Jòb te gen ak Jewova? Esplike.
10 Jòb te fè Jewova konnen jan l santi l (Jòb 10:1, 2; 16:20). Pa egzanp, chapit 3 a fè konnen jan Jòb t ap plenyen sò l akoz tout malè ki te rive l yo. Li te panse se Jewova ki te lakòz pwoblèm li te genyen yo. Apre sa, twa nan zanmi Jòb yo pa t sispann di l se Bondye ki t ap pini l pou peche l te fè. Men, Jòb te kontinye di li fidèl. Gen bagay Jòb te di ki te fè konprann gen yon moman li te panse li te pi jis pase Bondye (Jòb 10:1-3; 32:1, 2; 35:1, 2). Sepandan, li te admèt li te tèlman ap defann tèt li pou l montre l fidèl, pafwa li te di “yon bann vye pawòl”. (Jòb 6:3, 26.) Nan chapit 31 an, yo montre Jòb te vle pou Bondye reponn li pou L fè l konnen li pa merite pinisyon (Jòb 31:35). Nòmalman, Jòb pa t gen rezon ap ensiste pou Bondye fè l konnen poukisa l ap soufri. Fason Jòb te pale ak Jewova a ede n konprann se paske li te gen bon relasyon ak Jewova ki fè l te ka pale avè l konsa, e sa ede n konprann tou li te gen konviksyon Jewova t ap rekonèt li se yon moun ki fidèl.
11. Ki jan Jewova te reyaji malgre Jòb pa t sispann di li fidèl?
11 Lè Jewova te resi reponn Jòb nan mitan yon van tanpèt, li pa t bay detay sou rezon ki fè Jòb t ap soufri, nitou li pa t kondane Jòb lefètke l t ap di jan l santi l oswa poutèt li t ap plede di li pa t fè anyen ki mal. Okontrè, Jewova te anseye Jòb tankou yon papa k ap anseye pitit gason l. Se te pi bon fason pou l te ede Jòb. Sa te ede Jòb rekonèt avèk imilite jan l pa t konn anyen vre, e l te regrèt vye pawòl li te di yo (Jòb 31:6; 40:4, 5; 42:1-6). Ki jan istwa sa a dwe te ede moun ki t ap viv nan tan lontan yo e ki jan l ka ede n jodi a?
12. Ki jan istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo?
12 Fason istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo. Li posib pou Izrayelit yo te aprann sa k te rive Jòb. Ann pran egzanp Moyiz. Li pa t fasil pou Moyiz pou l dirije pèp Izrayèl la. Pandan plizyè fwa, Izrayelit yo te dezobeyi Jewova e yo te desevwa Moyiz. Souvan, yo te konn plenyen kont Jewova lè bagay yo te difisil. Men, Moyiz bò kote pa l te konn priye Jewova pou ede l lè l te gen pwoblèm (Egz. 16:6-8; Nonb 11:10-14; 14:1-4, 11; 16:41, 49; 17:5). Epitou, Moyiz te bezwen gen andirans lè Jewova te korije l pèsonèlman. Pa egzanp, lè Izrayelit yo te monte kan nan Kadèch, petèt nan 40yèm ane yo te fè ap monte desann nan dezè a, Moyiz te pale “mal ak bouch li” e l pa t bay Jewova glwa li te merite (Sòm 106:32, 33). Se sa k fè Jewova pa t kite Moyiz antre nan Peyi Li te pwomèt la (Det. 32:50-52). Disiplin sa a dwe te fè Moyiz mal anpil. Men, li te aksepte l avèk imilite. Petèt istwa Jòb la te ede Izrayelit yo andire eprèv yo te jwenn apre yo te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. Lè Izrayelit ki te fidèl yo te medite sou istwa sa a, petèt yo te aprann pou yo di Jewova egzakteman jan yo santi yo. Men tou, yo te bezwen sonje yo pa pi jis pase Jewova. Epitou, petèt yo te aprann fason pou yo aksepte avèk imilite disiplin Jewova bay.
13. Ki jan istwa Jòb la kapab ede n pou n andire? (Ebre 10:36).
13 Fason istwa Jòb la kapab itil nou. Antanke kretyen, nou menm tou nou bezwen gen andirans. (Li Ebre 10:36.) Pa egzanp, gen nan nou ki malad, oswa ki fè depresyon oubyen ki gen pwoblèm nan fanmi nou. Petèt, nou gen yon moun pa nou ki mouri oswa nou gen yon lòt pwoblèm grav. Pafwa, sa lòt moun di oswa sa yo fè ka fè sitiyasyon nou vin pi difisil pou n andire (Pwo. 12:18). Sepandan, liv Jòb la montre n nou kapab di Jewova tout sa k ap trakase n, paske nou gen konfyans l ap tande n (1 Jan 5:14). Li pap kondane n si pafwa nou di “yon bann vye pawòl” menm jan ak Jòb pandan n ap sipliye l ak tout kè n. Okontrè, l ap ban n fòs ak sajès nou bezwen pou n andire (2 Kwo. 16:9; Jak 1:5). Li ka ban n disiplin nou bezwen an, jan l te fè sa pou Jòb. Epitou, liv Jòb la aprann nou ki jan pou n andire si n jwenn konsèy oswa disiplin ki soti nan Pawòl Jewova a oswa pa mwayen òganizasyon L lan oubyen nan men zanmi nou ki gen matirite (Ebre 12:5-7). Menm jan Jòb te mete l toupiti pou l aksepte disiplin Jewova te ba li, se menm jan an tou l ap bon pou nou lè n mete n toupiti pou n aksepte konsèy oswa disiplin nou resevwa (2 Kor. 13:11). Se pa ti bèl leson nou aprann nan liv Jòb la! Kounye a, ann wè ki jan nou ka sèvi ak istwa Jòb la pou n ede lòt moun.
SÈVI AK LIV JÒB LA POU N EDE LÒT MOUN
14. Ki rezònman nou ka itilize nan travay predikasyon an pou n esplike rezon ki fè gen soufrans?
14 Èske w te janm rankontre yon moun nan travay predikasyon an ki te mande w poukisa gen soufrans? Ki sa w te reponn li? Petèt ou te esplike l sa Bib la di ki te pase nan jaden Edenn nan. Petèt, ou te kòmanse esplike l Satan, yon espri mechan, te bay Adan ak Èv manti, e sa te fè yo fè rebèl ak Bondye (Jen. 3:1-6). Apre sa, petèt ou te esplike l apre Adan ak Èv te fin dezobeyi Bondye te vin gen soufrans ak lanmò (Wom. 5:12). Finalman, petèt ou te esplike l Bondye kite anpil tan pase pou l montre tout moun Satan ap bay manti e pou l fè konnen talè konsa li pral elimine soufrans e lèzòm pral viv pou toutan (Rev. 21:3, 4). Se yon bon fason pou w reponn kesyon sa a, e sa kapab bay bon rezilta.
15. Ki jan n ta ka sèvi ak liv Jòb la pou n ede yon moun k ap chèche konnen rezon ki fè gen soufrans? (Gade foto yo tou.)
15 Yon lòt fason ou ka esplike yon moun rezon ki fè gen soufrans se lè w sèvi ak liv Jòb la. Toudabò, ou ka felisite moun nan dèske l poze yon kesyon ki enpòtan. Apre sa, ou ka di l Jòb, yon moun ki te fidèl e ki te soufri anpil, te poze kesyon sa a tou. Li te menm kwè se Bondye ki te lakòz l ap soufri (Jòb 7:17-21). Moun w ap pale avè l la ka sezi wè depi lontan gen moun ki te vle konnen poukisa gen soufrans. Apre sa, ou ka esplike l avèk tak se pa Bondye ki te lakòz Jòb ap soufri, se Dyab la. Dyab la te di se pou enterè sèlman lèzòm ap sèvi Bondye, men, depi y ap soufri, y ap sispann sèvi Bondye. Epitou, ou ka di l, byenke se pa Bondye ki te lakòz Jòb ap soufri, li te kite l soufri, sa ki montre Bondye gen konfyans moun ki fidèl yo ap fè wè aklè se manti Satan ap bay. Finalman, ou ka esplike l rive yon lè Bondye te beni Jòb poutèt li te ret fidèl. Donk, nou ka konsole moun yo lè n ba yo asirans se pa Jewova ki lakòz soufrans.
Ki jan w ka sèvi ak liv Jòb la pou w ede lòt moun konnen “Bondye pa aji ak mechanste”? (Gade paragraf 15.)
16. Rakonte yon eksperyans ki montre fason liv Jòb la kapab ede yon moun k ap soufri.
16 Ann wè ki jan liv Jòb la te ede Mario. Nan ane 2021, yon jou, te gen yon sè ki t ap preche nan telefòn. Premye apèl sè a te fè a, li te pale ak yon mesye ki rele Mario, li te li yon vèsè pou li e l te esplike l nonsèlman Bondye koute priyè nou, men tou li pwomèt nou yon avni ak yon espwa. Lè sè a te mande Mario sa l panse, Mario te fè sè a konnen lè l te rele l la se ekri l t ap ekri yon lèt anvan l touye tèt li. Men sa Mario te di: “Mwen kwè nan Bondye, men maten an, m te jis ap mande tèt mwen si l abandone m.” Dezyèm fwa sè a te rele Mario nan telefòn, li te pale sou soufrans Jòb te andire. Mario te di li ta renmen li tout liv Jòb la. Donk, sè a te voye yon lyen Labib — Tradiksyon monn nouvo a pou li. Ki rezilta sa te bay? Mario te aksepte yon etid Labib e l te anvi aprann plis bagay toujou sou Bondye ki renmen l e ki montre l enterese nan li.
17. Poukisa nou gen Jewova rekonesans dèske li fè met istwa Jòb la nan Pawòl Li te fè ekri a? (Jòb 34:12).
17 Vrèmanvre, Pawòl Bondye a gen anpil pouvwa pou l chanje lavi moun, e l ka menm konsole moun k ap soufri (Ebre 4:12). Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li fè met istwa Jòb la nan Pawòl Li te fè ekri a (Jòb 19:23, 24)! Liv Jòb la ban nou asirans “Bondye pa aji ak mechanste”. (Li Jòb 34:12.) Epitou, li montre nou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans ak fason n ka andire. Li ede n pou n konsole moun k ap soufri. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan liv Jòb la ka ede n pou n bay bon konsèy.
KANTIK 156 Ak je lafwa
a Sanble konvèsasyon ki te gen ant Jewova ak Satan an ak eprèv Jòb te jwenn yo se te apre lanmò Jozèf, yon moun ki te fidèl (nan ane 1657 anvan epòk nou an), anvan Bondye te chwazi Moyiz pou l dirije pèp Izrayèl la (ozanviwon ane 1514 anvan epòk nou an).
b Gen kèk non yo chanje.