BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w16 mas p. 24-28
  • Jewova ap gide pèp li a sou chemen lavi a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova ap gide pèp li a sou chemen lavi a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • JEWOVA TE TOUJOU GIDE PÈP LI A
  • NOUVO ENSTRIKSYON POU YON NOUVO NASYON
  • ENSTRIKSYON POU IZRAYÈL ESPIRITYÈL LA
  • ENSTRIKSYON POU EPÒK NOU AN E POU EPÒK K AP VINI AN
  • Lalwa lanmou : yon lwa ki nan kè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Fason lalwa Kris la montre lanmou ak jistis Bondye gen lakay li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ann kontinye suiv direksyon Jewova bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “Lwa Jewova a bon nèt”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
w16 mas p. 24-28
Yon koup ki chita nan machin yo devan yon pano ki sou yon ray tren.

Jewova ap gide pèp li a sou chemen lavi a

“Men chemen an. Mache ladan l.” — EZAYI 30:21.

KANTIK: 65, 48

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki enstriksyon Jewova te bay nan epòk Noye a ak nan epòk Moyiz la?

  • Ki nouvo enstriksyon Bondye te bay pou kretyen yo?

  • Ki jan n ka montre n ap chèche enstriksyon nan men Bondye?

1, 2. a) Ki avètisman ki te sove lavi anpil moun? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki fason pèp Bondye a jwenn enstriksyon ki kapab sove lavi yo?

“KANPE, GADE, KOUTE.” Mo sa yo te ekri sou gwo pano sikilasyon ki arebò ray tren yo ann Amerik dinò pandan plis pase 100 an. Poukisa? Se yon fason pou tren k ap kouri ak tout vitès yo pa frape machin k ap travèse ray tren yo. Lè moun yo suiv enstriksyon sa yo, sa sove lavi anpil moun.

2 Jewova fè plis pase ban nou pano sikilasyon pou pwoteje nou. Li gide pèp li a yon fason pou yo ka resevwa lavi ki pap janm fini an e pou yo evite danje. Jewova aji menm jan ak yon bèje k ap gide mouton l yo e k ap avèti yo pou yo pa pran wout ki mennen nan danje. — Li Ezayi 30:20, 21.

JEWOVA TE TOUJOU GIDE PÈP LI A

3. Ki fason tout moun sou tè a te vin pran yon chemen ki mennen nan lanmò?

3 Depi nan kòmansman istwa lèzòm, Jewova te bay enstriksyon byen presi pou moun suiv. Pa egzanp, nan jaden Edenn, Jewova te bay yon seri enstriksyon byen klè ki t ap pèmèt lèzòm viv ak kèk kontan e pou toutan (Jenèz 2:15-17). Men, Adan ak Èv pa t suiv enstriksyon Papa yo ki renmen yo a te ba yo. Èv te pito koute konsèy li te panse se yon sèpan ki te bay li, epi Adan te koute madanm li. Ki sa sa te lakòz? Toule de te soufri anpil e yo te mouri san okenn espwa. Mete sou sa, akoz dezobeyisans yo, tout moun sou tè a te pran yon chemen ki mennen nan lanmò.

4. a) Poukisa lèzòm te bezwen nouvo enstriksyon apre delij la? b) Lè gen nouvo sitiyasyon, ki jan sa fè moun wè fason Bondye panse?

4 Bondye te bay Noye yon seri enstriksyon ki te sove lavi moun. Apre delij la, Jewova te bay lòd pou moun pa ni manje ni bwè san. Poukisa? Se paske Jewova t apral bay lèzòm dwa pou yo manje vyann. Etandone sitiyasyon yo te vin chanje, Bondye te ba yo nouvo enstriksyon ki te nesesè. Li te di yo: “Sèlman, nou pa dwe manje bèt ki ak tout san l nan li, paske san se lavi.” ​(Jenèz 9:1-4). Kòmandman sa a ede n konprann ki sa Bondye panse sou lavi, yon bagay ki pou li. Se li menm ki Kreyatè a, se li ki ban nou lavi, konsa, li gen dwa pou l bay yon seri règ ki pou jere lavi nou. Pa egzanp, li te bay lòd pou pèsonn pa touye moun. Pou Bondye, lavi ak san se bagay ki sakre e l ap pini nenpòt ki moun ki mal sèvi ak yo. — Jenèz 9:5, 6.

5. Ki sa n pral wè nan atik sa a, e poukisa?

5 Apre epòk Noye a, Bondye te kontinye gide pèp li a. Nan atik sa a, nou pral wè kèk egzanp sou fason Bondye te gide yo. Etid sa a pral ranfòse desizyon n te pran pou n suiv enstriksyon Jewova bay pou n antre nan monn nouvo a.

NOUVO ENSTRIKSYON POU YON NOUVO NASYON

6. Poukisa l te nesesè pou pèp Bondye a obeyi lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz yo, e ki atitid Izrayelit yo te dwe genyen?

6 Nan epòk Moyiz la, Jewova te bay pèp li a enstriksyon byen klè sou fason yo ta dwe konpòte yo ak fason pou yo adore l. Poukisa? Yon lòt fwa ankò, se paske sitiyasyon yo te vin chanje. Pandan plis pase 200 an, Izrayelit yo t ap viv ann Ejip, yon peyi kote tout moun te konn adore moun ki mouri, yo te konn adore zidòl e yo te konn fè yon pakèt lòt bagay ki dezonore Bondye. Lè pèp Bondye a te sot ann Ejip, yo te bezwen nouvo enstriksyon. Yo t ap vin yon nasyon k ap suiv Lwa Jewova yo sèlman. Gen kèk liv referans ki fè konnen mo ebre yo mete “lwa” pou li a gen rapò ak yon mo ki vle di “dirije, gide, enstwi”. Lalwa te pwoteje Izrayelit yo kont imoralite ak fo relijyon nasyon ozalantou yo te konn pratike yo. Lè pèp Izrayèl la te koute Bondye, Bondye te konn beni pèp la. Lè yo te vire do ba li, yo te konn peye sa chè. — Li Detewonòm 28:1, 2, 15.

7. a) Esplike rezon ki fè Jewova te bay pèp li a enstriksyon. b) Nan ki sans Lalwa te yon gid pou pèp Izrayèl?

7 Yo te bezwen nouvo enstriksyon pou yon lòt rezon ankò. Lalwa te prepare Izrayelit yo pou yon evènman enpòtan nan objektif Jewova anpalan de vini Mesi a, Jezi Kris, te gen pou l vini an. Lalwa te fè Izrayelit yo sonje yo se moun ki enpafè. Epitou, li te ede yo konprann yo bezwen yon ranson, sa vle di, yon sakrifis pafè ki t ap efase peche yo nèt (Galat 3:19; Ebre 10:1-10). Mete sou sa, Lalwa te pwoteje fanmi kote Mesi a te gen pou l soti a e l te ede Izrayelit yo rekonèt Mesi a lè l parèt. Vrèmanvre, Lalwa te tankou yon “gid” pwovizwa ki mennen nan Kris. — Galat 3:23, 24.

8. Poukisa nou dwe kite prensip ki nan Lalwa Moyiz la gide nou?

8 Antanke kretyen, enstriksyon Jewova te bay nan Lalwa Moyiz la kapab itil nou tou. Nan ki sans? Ebyen, nou kapab kanpe pou n gade nan prensip nou jwenn nan Lalwa Bondye te bay la. Menmsi nou pa oblije suiv lwa sa yo ankò, nou kapab toujou sèvi ak anpil nan yo pou gide n chak jou nan lavi nou e pou n adore Jewova. Bondye te fè ekri lwa sa yo nan Bib la yon fason pou n ka aprann nan leson ki ladan yo, pou n kite prensip yo genyen yo gide nou e pou n montre n rekonesan dèske Jezi te anseye nou yon bagay ki gen plis enpòtans pase Lalwa. Koute sa Jezi te di: “Nou tande yo te di: ‘Nou pa dwe fè adiltè.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” Konsa, se pa sèlman fè nou pa dwe fè adiltè, men, nou dwe rejte panse ak dezi ki imoral yo. — Matye 5:27, 28.

9. Ki nouvo sitiyasyon ki te vin fè l nesesè pou Bondye bay nouvo enstriksyon?

9 Apre Jezi te fin parèt antanke Mesi a, Jewova te bay nouvo enstriksyon e l te fè konn plis detay sou objektif li. Poukisa sa te nesesè? Se paske nan ane 33, Jewova te rejte nasyon Izrayèl la e l te chwazi kongregasyon kretyen an kòm pèp li. Konsa, sitiyasyon pèp Bondye a te vin chanje ankò.

ENSTRIKSYON POU IZRAYÈL ESPIRITYÈL LA

10. Poukisa Bondye te bay kongregasyon kretyen an nouvo lwa, e nan ki sans lwa sa yo te diferan ak lwa Bondye te bay Izrayelit yo?

10 Pa mwayen Moyiz, Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa pou l anseye fason pou yo viv ak fason pou yo adore l. Apati premye syèk la, moun ki te fè pati pèp Bondye a pa t soti nan yon sèl nasyon ankò, men, yo te soti nan yon pakèt nasyon ki gen kilti diferan e yo te vin rele pèp Bondye a Izrayèl espirityèl la. Pèp sa a te vin tounen kongregasyon kretyen an e l te vin nan yon nouvo alyans. Jewova te ba yo nouvo enstriksyon oswa plis enstriksyon sou fason pou yo viv ak fason pou yo adore l. Vrèmanvre, “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi”. (Travay 10:34, 35.) Yo te fè sa “lalwa Kris la” mande, yon lwa ki baze sou yon seri prensip ki pa t ekri sou wòch, men, ki te ekri sou kè yo. Lwa sa a te gide kretyen yo e l te ede yo kèlkeswa kote yo ye. — Galat 6:2.

11. Site de domèn kote “lalwa Kris la” gen efè sou lavi kretyen yo.

11 Izrayelit espirityèl yo jwenn anpil byenfè nan enstriksyon Jewova bay pa mwayen Jezi yo. Yon ti tan anvan Jezi te vin ak nouvo alyans lan, li te bay de gwo kòmandman. Gen youn ki gen rapò ak travay predikasyon an. E lòt la gen rapò ak fason kretyen yo dwe boule youn ak lòt. Piske se pou tout kretyen Jezi te bay enstriksyon sa yo, nou tout dwe suiv yo jodi a, kit nou gen esperans pou n viv pou toutan nan syèl la, kit nou gen esperans pou n viv pou toutan sou tè a.

12. Ki sa ki te nouvo konsènan travay predikasyon an?

12 Nan tan lontan, moun nan nasyon yo te oblije vin ann Izrayèl pou yo sèvi Jewova (1 Wa 8:41-43). Men, annapre, Jezi te bay lòd nou jwenn nan Matye 28:19, 20 an. (Li vèsè yo.) Jezi te di disip li yo pou yo “ale” nan tout nasyon. Nan Pannkòt ane 33 a, Jewova te montre li vle pou yo preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Jou sa a, lespri sen te desann sou anviwon 120 moun nan nouvo kongregasyon an e yo te kòmanse pale ak Juif yo ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo nan diferan lang (Travay 2:4-11). Annapre, yo te gen pou yo preche moun Samari yo. Mete sou sa, nan ane 36, yo t al preche moun nan nasyon yo ki pa t sikonsi. Sa te montre kretyen yo dwe al preche tout moun sou tè a!

13, 14. a) Ki sa “nouvo kòmandman” Jezi te bay la gen ladan l? b) Ki sa egzanp Jezi kite a aprann nou?

13 Mete sou sa, Jezi te bay “yon nouvo kòmandman” sou fason pou n boule ak frè ak sè yo. (Li Jan 13:34, 35.) Se chak jou nou dwe montre yo jan nou renmen yo e n dwe dispoze bay lavi nou pou yo. Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la pa t gen kòmandman sa a ladan l. — Matye 22:39; 1 Jan 3:16.

14 Jezi se moun ki bay pi bèl egzanp ki genyen nan montre yon kalite lanmou konsa kote li pa wè tèt li sèlman. Li te tèlman renmen disip li yo, li te bay lavi l san grate tèt pou yo. Li atann pou chak moun ki disip li fè menm bagay la. Se sa k fè nou dwe dispoze soufri pou frè ak sè n yo e n dwe menm dispoze mouri pou yo. — 1 Tesalonisyen 2:8.

ENSTRIKSYON POU EPÒK NOU AN E POU EPÒK K AP VINI AN

15, 16. Nan ki nouvo sitiyasyon nou ye jodi a, e ki fason Bondye gide nou?

15 Jezi te nome “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l bay disip li yo “manje [espirityèl] nan bon moman”. (Matye 24:45-47.) Manje sa a gen ladan l bonjan enstriksyon pou pèp Bondye a lè sitiyasyon yo chanje. Sa k fè n ka di sitiyasyon nou chanje?

16 N ap viv nan “dènye jou yo” e talè konsa nou pral viv yon epòk tribilasyon ki pa sanble ak okenn lòt epòk (2 Timote 3:1; Mak 13:19). Mete sou sa, yo te pimpe Satan ak demon l yo sou tè a, kòm rezilta, lèzòm vin ap soufri anpil (Revelasyon 12:9, 12). Epitou, n ap obeyi kòmandman Jezi te bay pou n preche plis moun toujou nan pi plis lang posib toupatou sou tè a!

17, 18. Ki jan n dwe reyaji lè n resevwa enstriksyon?

17 Òganizasyon Bondye a ban nou zouti k ap ede n nan travay predikasyon an. Èske w itilize yo? Nan reyinyon nou yo, nou jwenn enstriksyon ki montre nou pi bon fason pou n itilize zouti sa yo. Èske w konsidere enstriksyon sa yo kòm fason Bondye ap gide nou?

18 Pou n jwenn benediksyon nan men Bondye, nou bezwen byen suiv tout enstriksyon Bondye ban nou pa mwayen kongregasyon kretyen an. Si n obeyisan depi kounye a, l ap pi fasil pou n suiv enstriksyon nou pral resevwa pandan “gwo tribilasyon” an lè tout monn mechan Satan ap dirije a pral detwi nèt (Matye 24:21). Apre sa, n ap bezwen nouvo enstriksyon k ap ede n viv nan monn nouvo jis ki pap anba enfliyans Satan an.

Yon woulo ki ouvè anlè tè a.

Nan monn nouvo a, nou pral resevwa woulo k ap gen nouvo enstriksyon ladan yo pou ede n viv nan Paradi a. (Gade paragraf 19, 20)

19, 20. Ki woulo ki pral ouvè, e ki rezilta sa ap bay?

19 Nan epòk Moyiz la, nasyon Izrayèl la te bezwen nouvo enstriksyon, se sa k fè Bondye te ba yo Lalwa. Annapre, kongregasyon kretyen an te dwe obeyi “lalwa Kris la”. Menm jan an tou, Bib la fè n konnen nan monn nouvo a, nou pral resevwa woulo k ap gen nouvo enstriksyon ladan yo. (Li Revelasyon 20:12.) Sandout, woulo sa yo pral fè n konnen volonte Jewova gen pou lèzòm nan moman sa a. Lè tout moun etidye woulo sa yo, san wete moun ki resisite yo, y ap vin konnen sa Bondye vle pou yo. Woulo yo pral ede n pi byen konnen fason Jewova panse. Mete sou sa, nou pral vin pi byen konprann Bib la, e nan Paradi a, nou pral viv youn ak lòt avèk lanmou, respè ak diyite (Ezayi 26:9). Imajine tout kantite bagay nou pral aprann e n pral anseye lòt moun anba dominasyon Jezi Kris, Wa a!

20 Si n suiv enstriksyon ki “ekri nan woulo yo” e n ret fidèl ak Jewova pandan eprèv final la, Jewova ap ekri non nou pou toutan nan “woulo lavi a”. Nou ka gen lavi ki pap janm fini an! Se sa k fè nou bezwen KANPE pou n li sa Bib la di, nou bezwen GADE ki sans sa nou li a gen pou nou e n bezwen KOUTE lè n obeyi enstriksyon Bondye bay depi kounye a. Si n fè bagay sa yo, n ap rive chape nan gwo tribilasyon an, e pou letènite, n ap kontan aprann plis bagay sou Jewova, Bondye nou an ki gen sajès ak lanmou! — Eklezyas 3:11; Women 11:33.

PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON

  • “Lalwa Kris la”: Se tout kòmandman Jezi te bay yo. Li gen ladan l kòmandman pou nou preche bon nouvèl la toupatou nan monn nan ak kòmandman pou n renmen frè nou yo. Lwa sa a ekri nan kè nou e l gide n kèlkeswa kote n ye. Si n obeyi lwa sa a, Jewova ap beni nou e l ap ban nou lavi ki pap janm fini an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje