BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w16 septanm p. 32
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa repo Bondye a ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ebre 4:12 — “Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Èske w antre nan repo Bondye a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Annou pousuiv objektif k ap ban nou satisfaksyon nan lavi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
w16 septanm p. 32
Yon manman ak pitit fi l k ap wouze flè nan Paradi a.

“Pawòl Bondye a vivan.”

Kesyon lektè yo poze

Ebre 4:12 fè konnen “pawòl Bondye a vivan e li pisan”. Ki sans ekspresyon “pawòl Bondye a” genyen nan vèsè sa a?

Kontèks vèsè sa a ede n konprann Pòl t ap pale de mesaj Bondye bay ki gen rapò ak objektif li, yon mesaj nou jwenn nan Bib la.

Byen souvan, nou pale de Ebre 4:12 nan piblikasyon nou yo pou n montre Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun, e esplikasyon sa a kòrèk. Men, li bon pou n konprann sou ki sa Pòl t ap pale lè l te ekri pawòl nou jwenn nan Ebre 4:12 la. Li t ap ankouraje kretyen ebre yo pou yo soutni objektif Bondye genyen yo. Anpil nan objektif sa yo nan liv sakre yo. Pòl te sèvi ak Izrayelit Bondye te libere nan peyi Ejip yo kòm egzanp. Yo te gen espwa y ap antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, “yon peyi kote lèt ak siwo myèl [t] ap koule”, yon kote yo t ap ka jwenn bonjan repo. — Egzòd 3:8; Detewonòm 12:9, 10.

Sa se te objektif Bondye. Men, Izrayelit yo pa t kite Jewova dirije yo e yo pa t demontre yo gen lafwa, se sa k fè pifò nan yo pa t antre nan repo sa a (Nonb 14:30; Jozye 14:6-10). Sepandan, Pòl te fè konnen toujou gen yon “pwomès pou moun antre nan repo [Bondye] a”. (Ebre 3:16-19; 4:1.) Li klè, “pwomès” sa a se yon pati nan sa Bondye revele sou objektif li. Menm jan ak kretyen ebre yo, nou ka li enfòmasyon ki gen rapò ak objektif sa a e nou ka soutni l. Pou Pòl te montre pwomès sa a baze sou Ekriti yo, li te site yon pati nan Jenèz 2:2 ak nan Sòm 95:11.

Sa touche kè nou dèske “pwomès pou moun antre nan repo [Bondye a] toujou la”. Nou gen konfyans sa Bib la anseye sou fason pou moun antre nan repo Bondye a posib toutbon, e nou pran dispozisyon pou n antre ladan l. Nou pa fè sa lè n eseye suiv Lwa Moyiz la oswa lè n fè bon aksyon jis pou n gen apwobasyon Jewova. Olye de sa, piske nou gen lafwa nan Bondye, nou kontan soutni objektif li e nou kontinye fè sa. Epitou, gen plizyè milye moun toupatou nan monn nan ki kòmanse etidye Labib e ki kòmanse aprann sa Bondye revele sou objektif li. Sa pouse anpil nan yo chanje fason y ap viv, demontre yo gen lafwa epi batize. Efè mesaj ki nan Bib la gen sou yo se prèv klè ki montre “pawòl Bondye a vivan e li pisan”. Sa Bib la revele sou objektif Bondye deja gen efè sou lavi nou, e l ap kontinye demontre pisans li genyen nan lavi nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje