BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 172
  • Kiyès Mari, moun Magdala, te ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès Mari, moun Magdala, te ye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Mari, moun Magdala, se te yon pwostitye?
  • Èske Mari, moun Magdala, te yon “apot pou apot yo”?
  • Èske Mari, moun Magdala, se te madanm Jezi Kris?
  • “Mwen wè Seyè a!”
    Annou imite lafwa yo
  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Mwen se esklav Jewova!”
    Annou imite lafwa yo
  • Li te andire anba yon gwo chagren
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 172
Mari, moun Magdala, k ap rankontre ak Jezi devan yon tonm ki vid.

Kiyès Mari, moun Magdala, te ye?

Repons Bib la bay

Mari, moun Magdala, te yon disip fidèl Jezi. Sanble yo te rele l moun Magdala, paske li te soti nan vil Magdala (petèt Magadan), ki te toupre Lanmè Galile. Petèt te gen yon lè Mari te abite nan vil sa a.

Mari, moun Magdala, se te youn nan plizyè medam ki te konn vwayaje ak Jezi ak disip li yo e ki te konn ede yo nan domèn materyèl (Lik 8:1-3). Li te la lè yo te touye Jezi e li se youn nan premye moun ki te wè Jezi apre l fin resisite. — Mak 15:40; Jan 20:11-18.

  • Èske Mari, moun Magdala, se te yon pwostitye?

  • Èske Mari, moun Magdala, te yon “apot pou apot yo”?

  • Èske Mari, moun Magdala, se te madanm Jezi Kris?

  • Konbyen moun ki rele Mari nan Bib la?

Èske Mari, moun Magdala, se te yon pwostitye?

Bib la pa di Mari, moun Magdala, se te yon pwostitye. Sèl sa Bib la di sou lavi l t ap mennen anvan sèke Jezi te chase sèt demon sou li. — Lik 8:2.

Ki kote ide ki fè konnen li te yon pwostitye a soti? Plizyè syèk apre l fin mouri gen moun ki te di se li ki fi yo pa t site non l lan (sanble ki te yon pwostitye), ki te lave pye Jezi ak dlo ki t ap koule nan je l e ki te siye pye Jezi ak cheve l (Lik 7:36-38). Men Bib la pa di anyen ki montre sa.

Èske Mari, moun Magdala, te yon “apot pou apot yo”?

Non. Legliz Katolik rele Mari “Sent Mari Madlèn” e yo konn rele l “apot pou apot yo” tou paske se te youn nan premye moun ki te pote nouvèl bay apot yo pou fè konnen Jezi resisite (Jan 20:18). Men sa pa vle di li te yon apot. E pa gen okenn kote nan Bib la yo rele l apot. — Lik 6:12-16.

Yo te fin ekri Bib la nan fen premye syèk epòk nou an. Men, se jis nan sizyèm syèk la chèf legliz yo te deside bay Mari, moun Magdala, pozisyon sa a. Nan kèk bagay yo te ekri nan dezyèm ak twazyèm syèk la, ki pa fè pati Bib la, yo fè konnen gen kèk nan apot Jezi yo ki te jalou Mari. Men, se envante yo envante istwa sa yo, nou pa jwenn anyen konsa nan Bib la.

Èske Mari, moun Magdala, se te madanm Jezi Kris?

Non. Anfèt, Bib la fè n konnen byen klè Jezi pa t janm maryea.

a Gade atik ki gen tit “Èske Jezi te marye? Èske Jezi te gen frè ak sè?” a.

Konbyen moun ki rele Mari nan Bib la?

Bib la pale de sis fi ki te rele Marib.

  1. 1. Manman Jezi. — Matye 1:18.

  2. 2. Sè Mat ak Laza. — Jan 11:1, 2.

  3. 3. Mari, moun Magdala. — Lik 8:2.

  4. 4. Manman Jak ak Joz. — Matye 27:56.

  5. 5. Manman Jan Mak. — Travay 12:12.

  6. 6. Yon kretyèn nan Wòm ki te travay di pou kongregasyon Wòm nan. — Women 16:6.

b Mari, se fòm grèk Miryam ki se yon non ebre, e se te non sè Moyiz la. — 1 Kwonik 6:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje