ÈD POU FANMI | MARYAJ
Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
Ant ane 1990 ak 2015, kantite moun ki gen 50 an oubyen plis ki divòse Ozetazini double e gen twa fwa plis moun ki gen plis pase 65 an ki divòse. Moun k ap fè rechèch yo vin ak yon ekspresyon yo rele an fransè “le divorce gris” pou yo pale de kantite moun ki granmoun k ap divòse. Sa k fè gen anpil moun ki granmoun k ap divòse? Ki sa w ka fè pou sa pa rive w?
Nan atik sa a
Ki sa k lakòz moun ki granmoun yo divòse?
Souvan, lè de moun ki granmoun divòse se paske, tikras pa tikras, relasyon yo a pa t solid ankò. Tank tan ap pase, gen kèk mari ak madam ki vin pa enterese nan menm bagay ankò. Oubyen, gen kèk mari ak madanm, lè pitit yo fin gran e yo kite kay la, ki rann yo kont yo te tèlman konsantre sou responsablite yo antanke paran, sa te fè yo sispann aji kòm yon bon mari oswa yon bon madanm.
Pandan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, anpil moun moun konsidere kòm espesyalis nan zafè maryaj ankouraje moun ki marye yo pou yo konsantre sou pwòp tèt yo sèlman. Yo konseye moun ki marye yo pou yo poze tèt yo yon seri kesyon tankou: ‘Èske maryaj la fè m gen kè kontan? Èske l fè m vin yon pi bon moun? Èske moun mwen marye avè l la fè m santi m gen valè?’ E si repons youn nan kesyon sa yo se non, tandans lan jounen jodi a se fè sa k pi bon pou tèt yo, sa vle di, divòse epi refè lavi yo.
Moun yo pa konsidere divòs kòm yon move bagay ankò. Men sa yon sosyològ ki rele Eric Klinenberg di: “Sa pa gen lontan, si yon moun pa t gen kè kontan nan maryaj li e l te vle divòse, li te oblije bay bonjan rezon pou sa. Jounen jodi a, se lekontrè. Si yon moun pa gen kè kontan nan maryaj li, li oblije bay bonjan rezon ki fè l pap divòse, paske gen anpil moun ki kwè sa k pi enpòtan se pou yon moun fè sa ki bon pou tèt li sèlman.”a
Natirèlman, lè yon moun divòse, gen kèk pwoblèm li pa genyen ankò, men, li vin gen lòt pwoblèm. Pa egzanp, gen yon etid ki montre “lè moun ki granmoun divòse, byen souvan, yo vin gen pwoblèm lajan, sitou medam yo”.
Men yon lòt bagay pou n reflechi sou li. Gen yon liv ki di: “Menmsi w ap refè lavi w, ou toujou rete menm moun nan. Etandone fason w te kominike ak moun ou te marye a pa t mache, ki sa w fè pou w chanje fason w kominike kounye a? Ki sa w fè pou w chanje fason w reyaji lè ou menm ak lòt moun pa wè bagay yo menm jan?”b
Sa w ka fè
Aksepte chanjman. Pa gen yon relasyon ki toujou rete menm jan an. Petèt relasyon w genyen ak moun ou marye a chanje paske pitit nou grandi e yo kite kay la oubyen paske nou pa enterese nan menm bagay ankò. Olye nou ret ap reflechi sou jan relasyon nou te ye anvan, chèche wè ki jan nou ka amelyore relasyon nou kounye a.
Prensip Bib la bay: “Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’ Paske, se pa sajès ki fè w poze kesyon sa a.” — Eklezyas 7:10.
Chèche vin pi bon zanmi. Èske w ka chèche vin enterese nan yon bagay moun ou marye avè l la enterese ladan l? Èske w ka ankouraje l vin enterese nan yon bagay ou menm ou enterese ladan l? Èske nou ka chèche fè yon nouvo aktivite nou toude renmen? Objektif la se pou nou pase tan youn ak lòt yon fason pou n pa tankou de etranje k ap viv nan menm kay.
Prensip Bib la bay: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.
Toujou montre respè. Menmsi nou gen anpil tan ansanm, nou dwe toujou demontre respè ak jantiyès youn pou lòt. Pale avèk respè youn ak lòt e trete youn lòt menm jan nou te konn fè sa lè n te fèk renmen. Toujou di “tanpri” ak “mèsi”. Toujou montre moun ou marye avè l la ou renmen l e montre rekonesans pou tout sa l fè pou ou.
Prensip Bib la bay: “Men, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès.” — Efezyen 4:32.
Sonje bèl moman nou te pase ansanm. Gade foto maryaj nou ansanm, oswa gade lòt foto kote nou te pase bon moman ansanm. Lè n fè sa, n ap kapab kenbe bonjan lanmou ak respè nan maryaj la oswa n ap kapab retounen vin gen bagay sa yo ankò.
Prensip Bib la bay: “Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.
a Li soti nan liv: Going Solo — The Extraordinary Rise and Surprising Appeal of Living Alone.
b Sèl rezon Bib la bay pou moun divòse se imoralite seksyèl (Matye 19:5, 6, 9). Gade atik: “Èske Labib dakò moun divòse?”