BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 99
  • Ki jan m ka fòme konsyans mwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka fòme konsyans mwen?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa konsyans lan ye?
  • Poukisa ou bezwen fòme konsyans ou?
  • Ki jan w ka fòme konsyans ou?
  • Ki sa nou ka fè pou konsyans nou rete klè?
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Se pou n gen yon konsyans ki klè devan Bondye
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Èske konsyans ou se yon gid ki fyab?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Annou koute vwa ki anndan nou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 99
Yon adolesan k ap pran yon desizyon. Gen flèch pa dèyè l ki reprezante sa k bon ak sa k pa bon.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fòme konsyans mwen?

Nan lis ki vin apre a, ak ki sa ou ka konpare konsyans ou?

  • yon bousòl

  • yon glas

  • yon zanmi

  • yon jij

Repons lan se toule kat. Atik sa a pral esplike rezon ki fè sa.

  • Ki sa konsyans lan ye?

  • Poukisa ou bezwen fòme konsyans ou?

  • Ki jan w ka fòme konsyans ou?

  • Sa lòt jèn di

Ki sa konsyans lan ye?

Konsyans lan se kapasite nou genyen ki pèmèt nou distenge sa ki byen ak sa ki mal. Bib la fè konnen: konsyans nou tankou yon lwa ki “ekri nan kè” nou (Women 2:15, Bib la). Yon konsyans ki byen fonksyone ede w egzamine yon desizyon ou vle pran oswa youn ou deja pran.

  • Konsyans ou tankou yon bousòl. Li gide w nan bon chemen an, konsa ou ka evite pwoblèm.

  • Konsyans ou tankou yon glas. Li montre w ki kalite moun ou ye nan domèn moral, konsa li ede w wè moun ou ye pa anndan an.

  • Konsyans ou tankou yon bon zanmi. Li ka ba w bon konsèy e li ka ede w reyisi, si w koute l.

  • Konsyans ou tankou yon jij. Li fè w konnen lè w fè yon bagay ki mal.

Yon adolesan ki nan yon magazen k ap deside ki jwèt videyo pou l chwazi.

Yon konsyans ki byen fonksyone ka ede w pran bon desizyon.

Sa w dwe sonje: Konsyans ou se yon zouti enpòtan ki ka ede w 1) pran bon desizyon e 2) regrèt epi repare erè w te fè yo.

Poukisa ou bezwen fòme konsyans ou?

Bib la di: “Se pou konsyans nou rete klè.” ​(1 Pyè 3:16). Men, sa ap difisil si w pa t janm fòme konsyans ou.

“Mwen te konn bay manman m ak papa m manti konsènan kote m te ye, m pa t vle yo konnen. Okòmansman, konsyans mwen te konn kale m men avèk letan, sa pa t deranje m ankò.” — Jennifer.

Rive yon lè, konsyans Jennifer te pouse l di manman l ak papa l laverite e l te sispann ba yo manti.

Fè yon ti reflechi: Ki lè anvan sa konsyans Jennifer te kapab avèti l?

“Lavi a pa fasil lè w ap mennen de vi, li bay anpil strès. Yonfwa konsyans ou pèmèt ou pran yon move desizyon, li vin pi fasil pou w pran lòt move desizyon annapre.” — Matthew.

Gen kèk moun ki pa koute konsyans yo ditou. Bib la di: moun sa yo “pa gen [moralite] menm ankò.” ​(Efezyen 4:19). Tradiksyon Bib La di: “Yo san wont.”

Fè yon ti reflechi: Èske se vre moun ki pa santi yo mal pou move aksyon yo fè yo viv pi byen? Nan ki kalite pwoblèm y ap tonbe kanmenm pi devan?

Sa w dwe sonje: Pou w rive gen yon bon konsyans, ou bezwen “antrene kapasite [w] genyen pou [w] konprann nan.” — Ebre 5:14.

Ki jan w ka fòme konsyans ou?

Pou yon moun rive antrene konsyans li, li bezwen gen yon bon egzanp, apre sa l ap kapab konpare sa l vle fè yo avèk egzanp sa a. Gen kèk moun ki suiv prensip:

  • fanmi ak kilti

  • lòt jèn

  • vedèt

Men, prensip nou jwenn nan Bib la sou fason nou dwe viv pi bon lontan pase lòt prensip sa yo. Nou pa sezi pou sa piske pawòl nou jwenn nan Bib la “se Bondye ki enspire yo,” Sila a ki kreye nou an e ki konn sa k pi bon pou nou an. — 2 Timote 3:16.

Ann pran kèk egzanp.

PRENSIP LA: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

  • Ki efè prensip sa a ka genyen sou konsyans ou lè w anvi pran poul nan yon egzamen, bay paran w manti oswa vòlè yon bagay?

  • Si konsyans ou pouse w konpòte w yon fason ki dwat nan tout bagay, ki jan w panse sa ka itil ou depi kounye a e alavni?

PRENSIP LA: “Kouri pou imoralite seksyèl.” — 1 Korentyen 6:18.

  • Ki efè prensip sa a ka genyen sou konsyans ou si w ta anvi gade pònografi oswa fè sèks anvan w marye?

  • Si konsyans ou pouse w kouri pou imoralite seksyèl, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

PRENSIP LA: “Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l.” — Efezyen 4:32.

  • Ki jan prensip sa a ka ede w lè gen yon pwoblèm ant ou menm avèk yon frè w oswa yon sè w oswa avèk yon zanmi?

  • Si konsyans ou pouse w padone lòt moun e gen kè sansib, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

PRENSIP LA: “Jewova [...] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.

  • Ki jan prensip sa a ka ede w lè w ap chwazi fim ak emisyon televizyon ou deside gade oswa jwèt videyo ou jwe?

  • Si konsyans ou pouse w rayi detant ki gen vyolans, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

TEMWAYAJ: “M gen kèk zanmi ki te konn jwe jwèt videyo ki vyolan, e m te konn jwe yo tou. Papa m te di m mwen pa t ka jwe jwèt sa yo ankò. Donk, m te annik konn jwe yo lè m al lakay zanmi m yo. Lè m te tounen lakay, m konn rete san m pa di anyen. Papa m te konn mande m si tout bagay anfòm, e m te konn di l wi. Men, yon jou, m te li Sòm 11:5 e m te kòmanse santi m mal pou sa m t ap fè a. M te rann mwen kont m dwe sispann jwe jwèt sa yo. E m te sispann vre. Lè youn nan zanmi m yo wè m te sispann, sa te pouse l sispann jwe jwèt vyolan tou.” — Jeremy.

Fè yon ti reflechi: Ki lè konsyans Jeremy te kòmanse travay? Men, ki lè Jeremy te kòmanse koute l? Ki sa w ka aprann nan egzanp Jeremy an?

Sa w dwe sonje: Konsyans yon moun montre ki moun li ye e ki prensip l ap soutni. Ki sa konsyans ou fè konnen sou ou?

Sa lòt jèn di

Alexis.

“Menm lè konsyans nou konn sa ki byen ak sa ki mal, sa pa garanti n ap fè sa ki byen. Menm lè yon bousòl byen fonksyone e li di w ki wout pou w fè, se ou menm ki pou deside si w ap chwazi fè wout li di w la.” — Alexis.

Lionel.

“Konsyans nou pa yon prizon. Men, se yon wout ki mennen w kote w bezwen ale a. Konsyans ou gen kèk pano pou pwoteje w kont danje nan domèn moral ou ka rankontre sou wout la.” — Lionel.

Isabella.

“Mwen aprann m pa dwe pran desizyon selon sa konsyans yon lòt moun di l. M fòme konsyans mwen, donk si yon bagay fè m santi m yon jan, se pa san rezon. M pa dwe chanje prensip m ap suiv yo pou lòt moun aksepte m.” — Isabella.

Revizyon: Ki jan m ka fòme konsyans mwen?

  • Egzamine rezon ki fè prensip ki nan Bib la pi bon lontan. Se Bondye ki enspire Bib la, li menm ki kreye nou e ki konn sa k pi bon pou nou.

  • Konpare sa konsyans ou di w ak prensip ki nan Bib la. Ki jan w ka rive wè bagay yo jan Jewova wè yo?

  • Suiv prensip ki nan Bib la. Kite konesans ou genyen sou Bib la enfliyanse desizyon w pran chak jou nan lavi w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje