BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 118
  • Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa sa vle di mennen yon vi doub?
  • Si m ap mennen yon vi doub, èske sa vle di mwen se yon move moun?
  • Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?
  • Kiyès ki dwe konnen si m ap mennen de vi?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • E si lòt moun pa aksepte m?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 118
Sèn ki diferan youn ak lòt ki montre ki jan yon jèn sè ap pase tan l. 1. Sè a ap pase tan ak jèn parèy li, kèk ladan yo ap bwè e y ap fimen. Yon tigason ki pase bra l nan kou l. 2. Menm sè sa a ki nan Sal Wayòm nan, ki byen abiye e k ap chante ansanm ak kongregasyon an.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?

Pafwa, gen kèk sèvitè Bondye ki konn ap mande tèt yo si l enpòtan vre pou yo pran tan e pou yo fè efò pou yo suiv prensip ki nan Bib la (Sòm 73:2, 3). Petèt yo ka menm kòmanse fè yon seri bagay ki kontrè ak lwa Jewova yo. Yo kache move konduit yo genyen an, epi yo eseye fè lòt Temwen Jewova parèy yo kwè sa byen.

Yo fè atik sa a pou ede moun ki ka kòmanse ap viv konsa, men ki vle sispann mennen yon vi konsa.

Sou paj sa a

  • Sa sa vle di mennen yon vi doub?

  • Si m ap mennen yon vi doub, èske sa vle di mwen se yon move moun?

  • Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?

  • Sa lòt jèn di

Sa sa vle di mennen yon vi doub?

Ou mennen yon vi doub lè w fè yon seri bagay ou konnen ki pa bon lè w ansanm ak jèn parèy ou ki pap suiv prensip Jewova yo, men, ou aji byen tankou yon moun ki vle sèvi Jewova lè w avèk moun nan kongregasyon an k ap sèvi Jewova fidèlman. Se kòmsi w te gen de vi, e nan chak vi sa yo, ou te gen yon mas nan figi w.

“Lè w ap mennen yon vi doub, pèsonn pa konnen kiyès ou ye vre, ni moun ki pap sèvi Jewova yo ni moun k ap sèvi l yo. An reyalite, lè w ap mennen yon vi doub, se tankou w fè yon doub trayizon.” — Erin.

Èske w te konnen? Mennen yon vi doub kapab gen ladan l tou fè yon seri bagay ou konnen Jewova pa vle lè w poukont ou.

“Lè m te gen 14 an, mwen te kòmanse gade foto ak videyo imoral sou Entènèt. Devan lòt moun, mwen te fè kòmsi mwen rayi pònografi, men nan fon kè m, se pa t vre.” — Nolan.

Prensip biblik: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la.” — Matye 6:24.

Si m ap mennen yon vi doub, èske sa vle di mwen se yon move moun?

Pa fòseman. Natirèlman, gen kèk moun ki pa vle suiv prensip Bib la. Men, èske se ka pa w? Oswa èske gen yon lòt bagay ki fè w ap aji konsa? Pa egzanp:

  • Ou pè parèt diferan lè w avèk jèn parèy ou.

  • Ou santi ou plis enterese nan menm bagay ak elèv nan klas ou pase ak jèn nan kongregasyon an.

  • Ou santi ou pa gen fòs oswa kapasite pou w suiv tout kòmandman Bondye yo.

“Mwen panse kèk nan jèn k ap mennen yon vi doub santi yo pi alèz ak moun ki pa gen menm kwayans avèk yo paske yo vle santi moun aksepte yo, kèlkeswa kote yo ye.” — David.

Natirèlman, youn nan bagay sa yo pa yon bon rezon pou w mennen de vi. Men, sa ka ede w konprann sa k fè menmsi yon moun se yon bon moun, li ka tonbe nan pyèj pou l mennen yon vi konsa. Si se sa k rive w, ki sa w ka fè?

Ki sa m ka fè pou m sispann mennen yon vi doub?

  1. 1. Reflechi sou fason w ap viv kounye a. Mande tèt ou: ‘Èske se kalite moun sa a mwen vle ye toutbonvre? Si repons lan se non, e m kontinye konsa, ki kote sa ap mennen m?’

    Prensip biblik: “Moun ki gen lespri a wè danje a [...], men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 27:12.

  2. 2. Di laverite. Pale sou sitiyasyon w lan ak paran w oswa ak yon zanmi ki gen matirite e ki respekte prensip Jewova yo. Pa gen dout, y ap kontan paske w vin chèche èd nan men yo. E y ap fyè pou yo wè ou vle fè sa ki byen.

    Yon jèn gason ki gen pwoblèm ki nan yon twou k ap fè efò pou l pran men yon mesye ki deyò twou a ap lonje ba li.

    Si w gentan tonbe nan pyèj mennen de vi a, chèche èd.

    “Youn nan bagay ki te pi difisil nan lavi m pou m fè se te pou m fè moun konnen sa m t ap fè a, men, yon fwa m te fin fè sa, mwen te santi yon gwo soulajman.” — Nolan.

    Prensip biblik: “Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.” — Pwovèb 28:13.

  3. 3. Aksepte konsekans yo. Sonje sa, kòm ou te fè yon seri bagay an kachèt pou paran w ak moun nan kongregasyon an pa t konnen, petèt li ka difisil pou yo fè w konfyans. Poutèt sa, paran w oswa ansyen yo nan kongregasyon an kapab ba w kèk restriksyon. Aksepte konsekans sa yo e pran detèminasyon pou w konpòte w “yon fason ki dwat nan tout bagay” apati kounye a. — Ebre 13:18.

    Prensip biblik: “Koute konsèy epi aksepte disiplin pou w ka vin gen sajès demen.” — Pwovèb 19:20.

  4. 4. Fè efò pou w gen bonjan konviksyon Bondye renmen w. Piske Jewova renmen nou, li byen konnen tout sa nou fè. Donk, si w ap mennen yon vi doub, li konn sa, e sa fè l mal. Malgre sa, kòm “li gen sousi pou ou”, li chofe pou l ede w retounen nan bon chemen an. — 1 Pyè 5:7.

    Prensip biblik: “Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo.” — 2 Kwonik 16:9.

Sa lòt jèn di

Macy.

“Mwen te anvi aji menm jan ak jèn nan lekòl mwen yo, men, lè mwen te vin pi pwòch ak kwayan parèy mwen yo, mwen te vin wè bagay yo totalman yon lòt jan. Plis mwen te aji menm jan ak moun ki renmen Jewova, mwen te gen mwens anvi pou m aji menm jan ak elèv lekòl mwen yo.” — Macy.

Alban.

“Èske m te gen anvi mennen yon vi doub? Mèwi. Nan kòmansman adolesans mwen, elèv yo te parèt entèlijan, yo te sanble gen konfyans nan tèt yo epi sanble yo te pran plezi yo anpil. Men, pi devan, anpil ladan yo te kòmanse pran dwòg e yo te kòmanse bwè anpil alkòl. Donk, lè sa a, yo pa t sanble ni entèlijan ni gen konfyans nan tèt yo ankò, yo te parèt sòt.” — Alban.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, li eksperyans Elie ak eksperyans Lisa, de jèn ki te mennen yon vi doub, men ki tounen vin jwenn Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje