BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 16
  • Èd pou fi yo fè vyolans sou yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èd pou fi yo fè vyolans sou yo
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Si moun ou nan relasyon avè l la fè vyolans sou ou, se pa fòt ou
  • Ou ka jwenn èd
  • Ou pa poukont ou
  • Vyolans sou fi gen pou l fini
  • Ou ka venk pwoblèm ki nuizib pou fanmi
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Fason lanmou ak jistis parèt lè gen mechanste ki fèt
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 2yèm pati: Gerizon
    Kesyon jèn yo konn poze
Kèk lòt sijè
mrt atik 16
Yon dam ki kwaze bra l, sanble l tris.

Èd pou fi yo fè vyolans sou yo

Selon Òganizasyon mondyal lasante: “Vyolans kont medam yo se yon gwo pwoblèm sante piblik toupatou nan monn nan e ki mande pou nou aji san pèdi tan.” Òganizasyon sa a fè konnen tou: “Sou chak twa fi, gen youn ki viktim akoz vyolans fizik oubyen akoz abi seksyèl yon moun li avè l fè sou li nan yon moman kèlkonk nan lavi l.” Epitou, Nasyonzini rapòte, chak jou nan yon ane, 137 medam te mouri akoz moun yo nan relasyon avè l la oswa yon lòt manm fanmi yo.a

Rapò yo ede n konprann jan vyolans yo fè sou fi se yon gwo pwoblèm, men rapò sa yo pa di n anyen sou jan viktim sa yo soufri ni nan domèn afektif, ni nan domèn fizik.

Èske w se yon moun yo fè vyolans sou li? Oswa, èske w konn yon lòt moun ki viktim? Si repons ou se wi, ann egzamine sa Bib la di sou pwen ki vin annapre yo:

Si moun ou nan relasyon avè l la fè vyolans sou ou, se pa fòt ou

Ou ka jwenn èd

Ou pa poukont ou

Vyolans sou fi gen pou l fini

Fason w ka ede yon moun ki viktim

Si moun ou nan relasyon avè l la fè vyolans sou ou, se pa fòt ou

Men sa Bib la di: “Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou.” — Women 14:12.

Sonje sa: Se moun k ap fè vyolans sou ou a ki responsab sa l fè a.

Si moun ou nan relasyon avè l la di se ou menm ki responsab vyolans li fè sou ou, se manti. Medam yo merite pou moun yo ansanm avè l la renmen yo olye yo fè vyolans sou yo. — Kolosyen 3:19.

Gendelè, moun k ap fè vyolans lan ka gen pwoblèm ki soti nan pèsonalite l, nan fanmi l oswa nan bwè twòp bwason ki gen alkòl. Kèlkeswa rezon an, li responsab devan Bondye pou fason li trete w. Epitou, se li ki responsab pou l fè chanjman ki nesesè yo.

Ou ka jwenn èd

Men sa Bib la di: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.

Sonje sa: Si w pa santi w an sekirite oswa ou pa konn sa pou w fè, gen lòt moun ki kapab ede w.

Sa k fè w ka bezwen èd nan men lòt moun? Se yon sitiyasyon ki konplike anpil lè yon fi nan yon relasyon kote yo fè vyolans sou li. Li ka difisil pou l deside sa pou l fè paske l pa konnen sa l ta dwe bay priyorite:

  • Sekirite pèsonèl li

  • Sa k ap pi bon pou pitit li

  • Sitiyasyon ekonomik li

  • Lanmou l genyen pou moun li nan relasyon avè l la

  • Anvi l genyen pou l sove relasyon an si lòt moun nan chanje

Li nòmal pou w santi w pa konn sa pou w fè oswa pou w santi sitiyasyon an twòp pou ou. Kiyès ki ka ede w?

Yon zanmi oswa yon fanmi w ou fè konfyans kapab ede w yon fason pratik e li ka soutni w nan domèn afektif. Lè w pale ak yon moun ki gen sousi pou ou, sa ka ede w anpil.

Souvan Leta met disponib kèk nimewo telefòn pou viktim vyolans yo rele lè yo gen ijans. Moun ki reponn apèl sa yo ka ede w pi byen konprann fason pou w pwoteje tèt ou. Si moun ou nan relasyon avè l la admèt li gen yon pwoblèm e l vle chanje, yon nimewo ijans konsa kapab ede l jwen èd li bezwen pou l chanje.

Gen lòt sèvis ki disponib si w bezwen èd san pèdi tan. Souvan gen doktè, enfimyè, oswa lòt pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon pou yo ede w.

Ou pa poukont ou

Men sa Bib la di: “Jewovab toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18.

Sonje sa: Bondye pwomèt l ap ede w.

Jewova gen anpil sousi pou ou (1 Pyè 5:7). Li konprann jan w santi w e l konnen panse ki pi pwofon ou genyen. Li kapab sèvi ak Pawòl li a, Labib, pou l rekonfòte w. Epitou, li vle w pale avè l nan lapriyè. Lè w priye l, ou ka mande l pou l ba w fòs ak sajès pou w fè fas ak sitiyasyon w lan. — Ezayi 41:10.

Vyolans sou fi gen pou l fini

Men sa Bib la di: “Chak moun ap abite anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” — Miche 4:4, nòt.

Sonje sa: Bib la pwomèt nou, talè konsa tout moun pral santi yo anpè lakay yo.

Se sèlman Jewova Dye ki gen bonjan solisyon pou tout pwoblèm nou yo. Men ki pwomès nou jwenn nan Bib la: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” ​(Revelasyon 21:4). Lè sa a, menm move souvni nou te genyen yo ap disparèt e se bon souvni k ap ranplase yo (Ezayi 65:17). Se konsa Bib la di nou pral viv anpè alavni.

a Atik sa a pale de viktim nan kòm yon fi, men anpil nan pwen nou mansyone yo aplike pou gason ki viktim tou.

b Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.

Fason w ka ede yon moun ki viktim

Èske w konnen yon moun ki viktim vyolans lakay li? Menmsi w pa yon pwofesyonèl nan domèn nan, li posib pou w ede lc.

Koute l avèk konpasyon (Jak 1:19). Fè l konnen ou dispoze koute l, men pa fòse l pale. Asire l ou kwè sa l di. — Pwovèb 20:5.

Men sa yon piblikasyon ki pale sou vyolans yo fè sou fi fè konnen: “Sa mande anpil kouraj pou l pale avè w, paske pi souvan, [viktim yo] chèche kache oswa minimize vyolans lan. An jeneral, yo pa envante l oswa di li pi mal pase sa l ye. Li ka difisil pou w kwè yon moun ou konnen te fè vyolans sou yon lòt moun. Men, souvan moun sa a ap aji yon fason ki diferan nèt lè l avè w kontrèman ak lè l avèk viktim nan.”

Pale avè l yon fason ki ankourajan (1 Tesalonisyen 5:11). Pale avè l yon fason pou w fè l santi l gen valè. Fè l konnen ou gen sousi pou li, epi fè l sonje bèl kalite li genyen. Ankouraje l pou l chèche èd.

Ofri èd ou (Pwovèb 17:17). Ofri l kèk èd pratik tankou veye pitit li pou yon ti tan oswa pote yon ti manje pou li. Verifye si l deja planifye sa l ap fè si l santi l an danje, pa egzanp, kote l ka ale si l bezwen jwenn pwoteksyon.

Ede l konte sou kapasite l genyen pou l pran pwòp desizyon l (Galat 6:5). Ede l jwenn kèk enfòmasyon epi pale avè l sou opsyon l genyen yo. Men, pa di l sa pou l fè.

c Si w konnen yon moun ki viktim ki pa menm sèks avè w, fè atansyon nan fason w pote èd la. Li t ap pi bon pou w ankouraje l chèche èd nan men yon zanmi li fè konfyans ki menm sèks avè l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje