Imagination World/stock.adobe.com
Yon mesaj ki soti nan Pawòl Bondye a — Yon espwa pou moun ki refijye yo!
Chak ane, gen plizyè milyon moun ki oblije kouri kite kay yo. Èske w ap viv yon sitiyasyon stresan konsa? Si se wi, ou pa poukont ou. Bondye fè nou konnen li pral ban nou yon bèl lavi, e nou ka jwenn plis enfòmasyon sou sa nan Bib la.
Christos Stylianides, yon komisyonè pou Inyon Ewopeyèna nan di: “Se pa èd sèlman moun ki refijye yo ak moun ki oblije kite kay yo bezwen, men tou, [yo bezwen] yon espwa pou lavni.”b Moun ki gen espwa gen bonjan rezon pou yo pozitif lè y ap panse ak lavni. Se vre refijye yo bezwen espwa, men tou, yo bezwen konsolasyon pou yo kapab jere santiman yo genyen akoz sa yo te viv.
“Lè m te kouri kite peyi m e m te kite fanmi m dèyè, se premye fwa m te santi m poukont mwen konsa. Mwen te pè anpil, mwen te tris e mwen te gen gwo enkyetid.” — Emmanuel, Ayiti.
Èske w santi w menm jan ak Emmanuel? Si w te kouri kite kay ou, ou bezwen konnen kote w ka jwenn konsolasyon ak espwa. Ki jan Labib, Pawòl Bondye a, kapab ede w?
Pawòl Bondye a bay konsolasyon
Sa Bib la di: “Jewovac [...] renmen etranje [...] yo.” — Detewonòm 10:17, 18.
Sa vle di ou pa poukont ou. Jewova Dye, li menm ki Mèt Bib la, konprann sitiyasyon w, li renmen w e li gen sousi pou ou toutbonvre.
Sa Bib la di: “Jewova toupre tout moun ki rele l.” — Sòm 145:18.
Sa vle di Jewova tande lè w priye. Li kapab ede lespri w anpè. Nan Bib la, li fè konnen sa pou w fè pou w rive fè fas ak sitiyasyon an.
Sa Bib la di: “Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste. [...] Toupisan an pa detounen sa ki jis.” — Jòb 34:10, 12.
Sa vle di se pa Bondye k ap fè w soufri. Se pa pini l ap pini w e se pa li ki fè lavi w difisil pou l teste w.
Pawòl Bondye a bay espwa
Bib la fè konnen sa Bondye pral fè pou nou alavni. Ann gade ki jan esperans sa a deja ede moun ki te oblije kouri kite kay yo.
Sa Bib la di: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.
Sa vle di nou pral jwenn soulajman anba soufrans. Bondye pwomèt li pral elimine tout pwoblèm ki fè w santi w sanzespwa jodi a.
“Talè konsa, Bondye pral elimine tout enjistis ak tout move bagay ki toutotou nou. Espwa sa a ede m kontinye fikse lespri m sou moman kote tout soufrans pral disparèt.” — Karla, Salvadò.
Sa Bib la di: “Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo.” — Ezayi 65:17.
Sa vle di nou pap kontinye soufri akoz move souvni. Bondye pral fè nou bliye tout move bagay ki te rive nou e konsa, nou pap soufri ankò akoz move bagay sa yo.
“Bib la pwomèt nou pap menm sonje tout tristès nou te santi ak tout sa nou te pèdi lè n te kouri kite kay nou. Espwa sa a ede m ak difikilte mwen jwenn kounye a paske m konnen talè konsa tout bagay pral chanje.” — Natalia, Ikrèn.
Sa Bib la di: “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm [k] ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo.” — Dànyèl 2:44.
Sa vle di gen yon bon gouvènman nan syèl la ki pral dirije tè a. Talè konsa, Bondye pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo ak gouvènman pa l la ki nan syèl la. Gouvènman sa a pral ban nou vrè lapè ak sekirite toutbon, l ap fè tout moun jwenn jistis e pap gen moun ki pòv ankò. — Miche 4:3, 4.
“Mwen santi m jwenn fòs lè m sonje pwoblèm tankou moun k ap toupizi moun, prejije, dout sou lòt moun ak rasis se pwoblèm ki pa la pou toutan. Talè konsa, Wayòm Jewova a pral elimine tout pwoblèm sa yo.” — Mustafa, Mwayenn Oryan.
Jwenn rekonfò nan mesaj espwa Bib la bay la
Pawòl Bondye a gen sajès
Sajès ki soti nan Bib la ka ede w tikras pa tikras pandan w ap aksepte sa k te rive w la. Epitou, li ka ede w fè fas ak nouvo sitiyasyon w ap viv la, sa gen ladan l aksepte reyalite ou pa gen tout bagay materyèl ou te genyen yo. Gade pi ba pou w wè fason prensip nan Bib la ap ede moun ki refijye:
Sa Bib la di: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” — Lik 12:15.
Fason pawòl saj sa yo kapab ede w andire: Gen anpil chans pou w santi w debousole e pou w santi w tris anpil akoz tout sa w kite dèyè. Men, si w pran yon ti tan pou w reflechi sou jan lavi w gen plis valè lontan pase kèlkeswa bagay materyèl la, sa ka ede w pa santi w twò tris lè w sonje sa w pèdi.
“Lavi pi enpòtan pase bagay materyèl. Nan kèk sitiyasyon, ni sa w posede ni lajan pa kapab ede w.” — Natalia, Ikrèn.
Sa Bib la di: “Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’” — Eklezyas 7:10.
Fason pawòl saj sa yo kapab ede w andire: Petèt fason w ap viv kounye a vrèman difisil, men fè efò pou w pa konpare jan lavi w ye kounye a ak jan lavi w te ye anvan, sa ka ede w pou w pa vin egri.
“Piske m aksepte lavi m jan l ye a, mwen kapab gen yon pwennvi pozitif.” — Eli, Wannda.
Sa Bib la di: “Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” — 1 Timote 6:8.
Fason pawòl sajès sa yo kapab ede w andire: Fè efò pou w kontante w ak sa ki nesesè nan lavi a. Lè w kontante w ak sa w genyen, w ap vin gen mwens strès epi sa kapab ede w jere santiman w.
“Bib la ede m wè bagay yo yon lòt jan, li ede m pa konsantre m sou sa m pèdi. Mwen menm ak madam mwen santi nou kontan paske nou vivan e n ap viv nan yon kote ki gen sekirite.” — Ivan, Ikrèn.
Sa Bib la di: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — Matye 7:12.
Fason pawòl saj sa yo kapab ede w andire: L ap pi fasil pou w gen bon relasyon ak lòt moun si w fè efò pou w demontre pasyans ak bonte. Lè w fè sa, li ka pi fasil pou lòt moun aksepte w e pou yo pa mal jije w.
“Pifò moun renmen lè moun respekte yo, lè moun renmen yo e lè yo aji byen avèk yo. Kalite sa yo ka fè w vin gen bon kominikasyon ant ou menm ak moun ki nan zòn kote w rete a.” — Angelo, Srilanka.
Sa Bib la di: “Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye [...] ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.
Fason pawòl saj sa yo kapab ede w andire: Pale ak Bondye sou sa w santi, sou sa w bezwen, sou sa k fè w pè e sou enkyetid ou. Priyè sa yo kapab soulaje w anba enkyetid pandan w ap adapte w ak nouvo sitiyasyon w lan.
“Mwen priye Bondye nenpòt lè m gen pwoblèm, e li koute priyè m. Sa m te aprann nan Bib la fè m santi m anpè.” — Yol, Soudan disid.
“Bon konsèy mwen jwenn nan Bib la fè m gen lapè m bezwen pou m fè fas ak sitiyasyon difisil m ap viv la.” — Valentina, Ikrèn.
“Lè m sonje Jewova Dye pwomèt nou yon pi bon lavi, sa ban m plis fòs.” — Emmanuel, Ayiti
Èske w ta renmen aprann plis sou sa Bib la di ki ban nou konsolasyon ak espwa, e èske w ta renmen konnen sa k fè nou ka fè pawòl sa yo konfyans? Mande pou Temwen Jewova yo vizite w gratis. Y ap kontan ede w.
a Dapre Ajans Nasyonzini pou refijye, moun ki oblije kite kay yo e ki deplase al nan yon lòt zòn nan peyi yo ansanm ak moun ki oblije kouri kite peyi yo se refijye yo ye tou menmsi lalwa ka pa konsidere moun sa yo kòm refijye.
b Komisè Inyon ewopeyèn pou èd imanitè ak jesyon kriz.
c Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?”