Ki sa k pral rive relijyon? — Sa Bib la di
Èske w sezi pou sa k ap pase nan relijyon yo oubyen sa moun nan relijyon yo ap fè ba w degoutans? Menmsi relijyon fè bon bagay pou kèk moun e nan kèk kominote, yo fè anpil move bagay tou. Gen yon ansiklopedi ki di: “Kèk nan pi gwo gè ki fèt nan listwa se akoz moun yo pa gen menm kwayans relijye.” (Encyclopedia of Religion and War). Souvan, chèf relijye yo itilize relijyon pou soutni ide politik yo genyen, men se pa pou yo adore Bondye. Gen chèf relijye ki kache abi seksyèl lòt chèf relijye fè sou lòt moun oswa aksyon ki pa legal ki gen rapò ak lajan yo fè.
Si w vin dekouraje ak relijyon, petèt ou konn mande tèt ou ki jan Bondye wè tout bagay sa yo? Bib la montre Bondye pa pran plezi nan sa pifò relijyon ap fè. Epitou, Bib la gen pwofesi ki esplike sa Bondye pral fè. Bib la sèvi ak yon langaj senbolik pou l esplike talè konsa Bondye pral aji kont relijyon yo yon fason li pa t janm fè anvan sa.
Ki sa Bib la di konsènan sa k pral rive relijyon?
Pwofesi: Nan Bib la, nan liv Revelasyon an, yo pale de yon pwostitye yo rele Gran Babilòn. Pwostitye sa a chita sou yon bèt sovaj wouj vif. Men pi devan, bèt sovaj wouj vif sa a ak yon lòt bèt ki gen dis kòn pral touye pwostitye a. — Revelasyon 17:3, 5, 16.
Sa sa vle di: Gran Babilòn nan, pwostitye a, reprezante tout kalite fo relijyon, sa vle di tout relijyon Bondye pa aksepte.a Bèt sovaj wouj vif la reprezante Nasyonzini (UN),b epi bèt ki gen dis kòn nan reprezante gouvènman yo ki toupatou sou tè a.c Lefètke pwostitye a chita sou bèt sovaj wouj vif la, sa montre fason fo relijyon eseye enfliyanse, e menm kontwole, Nasyonzini. Lefètke bèt yo pral touye pwostitye a, sa montre Nasyonzini ak nasyon k ap soutni l yo pral atake tout fo relijyon ki nan monn nan e yo pral detwi yo. Evènman sa a ki potko janm fèt pral detwi tout fo relijyon pou toutan.
Ki jan Bondye pral fè pou l detwi fo relijyon?
Pwofesi: “Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt sovaj la, pral rayi pwostitye a, y ap dechèpiye l, [...] e y ap boule l nèt nan dife. Paske, Bondye mete lide l nan kè yo [kè dirijan nan monn nan] pou yo reyalize volonte l, wi, pou yo reyalize sèl lide yo genyen an, sètadi bay bèt sovaj la wayòm yo a [...]. Nan yon sèl jou: se pral lanmò, lapenn ak grangou. E li pral boule nèt nan dife, paske Jewovad Dye, ki te jije l la, gen fòs”. — Revelasyon 17:16, 17; 18:8.
Sa sa vle di: Bondye pral mete “lide l” nan lespri nasyon yo. Li pral fè yo bay Nasyonzini “wayòm yo a”, sa vle di pouvwa politik yo a. Lè sa a, Nasyonzini, ki resevwa pouvwa nan men nasyon yo, pral detwi tout fo relijyon ki nan monn nan. Evènman sa a pral rive kòmsi se “nan yon sèl jou”, sa vle di, li pral fèt byen vit, sanzatann e sa pral fè anpil moun sezi. — Revelasyon 18:21.
Poukisa Bondye pral detwi fo relijyon?
Pwofesi: “Peche l yo monte pil sou pil rive jis nan syèl la, e Bondye sonje zak enjistis li yo.” — Revelasyon 18:5.
Sa sa vle di: Fo relijyon fè anpil move bagay depi plizyè santèn ane. Ann wè kèk nan “peche l yo” ki fè Bondye pral detwi l:
Li mele nan politik. Jezi te anseye disip li yo pou yo pa mele nan zafè politik monn nan men, pou yo met espwa yo nan Wayòm Bondye a pito, yon gouvènman ki nan syèl la ki pral ranplase gouvènman lèzòm yoe (Dànyèl 2:44; Matye 6:9, 10; Jan 6:15; 18:36). Men fo relijyon yo pa fè sa. Pwofesi ki nan liv Revelasyon an fè konnen Gran Babilòn nan fè “imoralite seksyèl” paske li antre fon nan zafè politik, sa ki lakòz li pa fidèl ak Bondye. Donk, pwofesi a gen rezon rele l “gwo pwostitye” a. — Revelasyon 17:1, 2; Jak 4:4.
Vyolans. Bib la fè konnen fo relijyon responsab lanmò “tout moun yo touye sou tè a”. (Revelasyon 18:24.) Anpil relijyon pa anseye moun yo pou yo chèche viv anpè. Genyen ki menm ankouraje yo al goumen nan lagè e pou yo fè zak teworis.
Ava. Fo relijyon an ap “viv nan liks san l pa wont”. (Revelasyon 17:4; 18:7.) Anpil relijyon sèvi ak pouvwa yo ansanm ak relasyon yo genyen pou yo vin gen anpil richès. Bondye pa pran plezi nan mòd aksyon sa yo. — Tit 1:7.
Manti. Fo relijyon anseye moun yo pou yo kwè e pou yo fè yon seri bagay ki pa ann amoni ak sa Bib la anseye.f Piske anpil ansèyman ak pratik ki dezonore Bondye soti nan fo relijyon, pwofesi a rele fo relijyon “manman bagay repiyan k ap fèt sou tè a”. — Revelasyon 17:5; 18:23.
Èske Bondye ap detwi tout relijyon?
Non. Liv Revelasyon an pale de yon gwoup moun ki soti toupatou sou tè a kòm yon “gwo foul moun”. (Revelasyon 7:9.) Bib la pale di gwo foul moun sa a “abiye ak wòb blan long”, sa vle di y ap adore Bondye fason l mande a. Moun sa yo soti anba ”gwo tribilasyon an”, ki se yon peryòd kote Bondye pral detwi fo relijyon yo ak tout rès ènmi l yo (Revelasyon 7:13, 14; 19:11, 19-21). Gwo foul la ki abiye ak wòb blan se moun ki fè pati vrè relijyon an, relijyon k ap toujou egziste a.g
Gwo foul vrè adoratè Bondye yo ki pral chape anba destriksyon fo relijyon an.
Ki sa destriksyon fo relijyon an vle di pou ou?
Sa ka konsole w lè w aprann Bondye pa apwouve move bagay relijyon yo fè. Ou ka gen espwa bagay yo ap vin pi bon alavni paske w konnen talè konsa, pap gen okenn relijyon k ap dezonore Bondye e k ap fè moun soufri.
Anplis, ou ka gen asirans li posib pou yon moun adore Bondye fason ki fè l plezi a. Bib la fè konnen “vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l”. (Jan 4:23.) Li di yo: “Sot ladan l [Gran Babilòn nan], pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo.” (Revelasyon 18:4, 5). Wi, Bondye mande moun adore l ann amoni ak verite ki nan Bib la (1 Timote 2:3, 4.) Li pwomèt moun ki adore l konsa yo, y ap kapab viv pou toutan. — 1 Jan 2:17.
a Pou w ka aprann kat bagay k ap ede w idantifye Gran Babilòn nan, li atik “Ki sa Gran Babilòn nan ye?”
b Pou w ka aprann sis bagay k ap ede w idantifye bèt sa a, li atik “Ki sa bèt sovaj wouj vif Revelasyon chapit 17 la ye?”
c Pou w ka aprann ki jan pou w idantifye bèt la, li atik “Ki sa bèt sovaj sèt tèt Revelasyon chapit 13 la ye?”
d Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.
e Pou w ka aprann plis, gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?
f Pou w ka wè egzanp yo, gade kare “Èske Gran Babilòn nan gen ladan l tout relijyon ki di yo se ‘kretyen’?”
g Pou w ka aprann ki jan Bib la kapab ede w rekonèt vrè relijyon an, li atik “Ki jan m ka rive jwenn vre relijyon an?”