BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 65
  • Ki jan Temwen Jewova yo jwenn fòmasyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan Temwen Jewova yo jwenn fòmasyon?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki fòmasyon Temwen Jewova yo resevwa?
  • Diferan Lekòl biblik pou Temwen Jewova yo
  • Sou ki sa fòmasyon Temwen yo bay la baze?
  • Èske Temwen Jewova yo oblije peye pou fòmasyon sa yo?
  • Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Lekòl teyokratik yo — Prèv ki montre Jewova renmen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Èske w ap aprann tout sa w kapab nan men Jewova?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Lekòl fòmasyon ministeryèl : Yon gwo pòt ki mennen nan aktivite
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 65
De Temwen Jewova k ap fè yon demonstrasyon sou estrad nan Sal Wayòm nan, pandan reyinyon lasemèn nan.

Ki jan Temwen Jewova yo jwenn fòmasyon?

Temwen Jewova yo kontinye resevwa fòmasyon nan tout aspè nan lavi yo antanke kretyen, sa gen ladan l travay predikasyon yo gen pou yo fè a. Travay predikasyon an se yon travay Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè e li gen ladan l preche ak anseye bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14; 28:19, 20). Nou resevwa fòmasyon sa a nan reyinyon nou yo ki fèt chak semèn, nan asanble ak nan kongrè nou yo ki fèt chak ane. Temwen Jewova ki gen responsablite nan kongregasyon an oswa nan òganizasyon an resevwa plis fòmasyon nan yon seri Lekòl biblik espesyal yo fè.

Nan atik sa a

  • Ki fòmasyon Temwen Jewova yo resevwa?

  • Diferan Lekòl biblik pou Temwen Jewova yo

  • Sou ki sa fòmasyon Temwen yo bay la baze?

  • Èske Temwen Jewova yo oblije peye pou fòmasyon sa yo?

  • Ki byenfè Temwen Jewova yo jwenn grasa fòmasyon yo resevwa a?

Ki fòmasyon Temwen Jewova yo resevwa?

Reyinyon kongregasyon yo. Chak semèn, nou asiste de reyinyon nan lokal kote nou adore Bondye ki rele Sal Wayòm. An jeneral, gen yon reyinyon ki fèt nan mitan semèn e lòt la fèt nan wikenn. Tout moun ka asiste e nou pa fè lakòlèt.

  • Reyinyon ki fèt lasemèn yo. Nou resevwa enstriksyon sou fason pou n fè lekti, konvèsasyon, pale an piblik, preche ak anseye. Yo bay fòmasyon sa yo sou fòm diskou, konvèsasyon, demonstrasyon ak prezantasyon videyo. Fòmasyon sa yo ede n vin pi efikas pou n pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun e pou n kondui etid biblik ak moun ki enterese. Tout moun ki asiste reyinyon yo jwenn byenfè nan fòmasyon sa a. Anplis de sa, reyinyon sa yo fè lafwa nou nan Bondye, lanmou nou gen pou li ak lanmou nou gen pou kwayan parèy nou yo vin pi fò.

  • Reyinyon ki fèt nan wikenn yo. Reyinyon sa yo gen de pati. Premye pati a se yon diskou biblik ki fèt sitou pou moun ki pa Temwen ki vin asiste. Dezyèm pati a se yon konvèsasyon sou fòm kesyon repons ki fèt sou baz yon atik nan Toudegada etid. Atik yo pale sou yon seri sijè ak prensip biblik ki ede nou ni nan travay predikasyon an ni nan lavi n ap mennen chak jou.

Asanble ak kongrè. Chak ane, nou gen twa gwo rasanbleman e gen anpil kongregasyon ki asiste yo. Rasanbleman sa yo baze sou yon tèm nan Bib la e gen diskou, demonstrasyon, entèvyou ak videyo ladan yo. Menm jan ak reyinyon kongregasyon an, asanble yo ak kongrè yo ede n gen plis konesans sou Bib la, yo ede nou preche e anseye bon nouvèl la pi byen. Menm jan ak reyinyon kongregasyon an, tout moun ka asiste yo e nou pa fè lakòlèt.

Diferan Lekòl biblik pou Temwen Jewova yo

Gen kèk Temwen Jewova yo envite nan youn nan Lekòl biblik nou genyen yo pou yo ka resevwa plis fòmasyon. Ki jan Lekòl sa yo rele? Poukisa yo fè yo? Ki kantite tan yo dire e kiyès ki ka al ladan yo?

Lekòl pyonye

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou yo bay pyonyeb yo, moun ki preche aplentan, fòmasyon pou yo vin pi efikas nan travay preche ak anseye a. Nan kou a, yo fè konvèsasyon nan klas, gen demonstrasyon, diskou ak travay an gwoup.

  • Kantite tan sa pran: Sis jou.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Yo envite moun ki gen yon ane ap sèvi kòm pyonye pèmanan pou al ladan l. Yo ka envite moun ki pyonye depi lontan e ki gen senkan depi dènye fwa yo te pase Lekòl la pou yo ale ankò.

De elèv k ap fè yon demonstrasyon nan Lekòl pyonye. Lòt elèv yo ap koute.

Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou yo bay moun ki nan sèvis aplentan ki gen eksperyans plis fòmasyon. Elèv yo amelyore kapasite yo genyen pou yo preche ak anseye, yo etidye yon seri sijè biblik afon. Lè yo fin gradye, yo voye anpil ladan yo nan zòn kote ki bezwen plis moun pou preche.

  • Kantite tan sa pran: De mwa

  • Kiyès ki ka al ladan l: Pyonye ki ranpli kondisyon yo mande yo e ki kapab deplase al preche kèlkeswa kote sa nesesè kapab aplike.

Elèv k ap leve men yo pou yo fè kòmantè nan Lekòl Wayòm nan.

Lekòl pou ansyen yo

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou ede ansyen yo pi byen ranpli responsablite yo gen nan kongregasyon an, tankou anseye e pran swen twoupo Bondye a. Yo fè l tou pou ede ansyen yo vin gen plis lanmou pou Bondye e pou kwayan parèy yo. — 1 Pyè 5:2, 3.

  • Kantite tan sa pran: Senk jou.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Yo envite frè ki fèk nome ansyen ansanm ak frè ki gen eksperyans ki gen senkan depi yo te al ladan l.

Yon elèv k ap fè kòmantè nan Lekòl pou ansyen yo.

Lekòl pou siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou bay siveyan sikonskripsyonc yo fòmasyon pou yo pi byen ranpli responsablite yo (1 Timote 5:17). Pwogram Lekòl la ede yo menm ak madanm yo vin gen plis konesans sou Bib la.

  • Kantite tan sa pran: Yon mwa.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Yo envite nouvo siveyan sikonskripsyon ak madanm yo apre yo fin pase yon ane ap fè travay la. Apre sa, yo envite yo ladan l ankò nan senk an.

Elèv nan Lekòl pou siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo k ap koute ak atansyon.

Lekòl ministè Wayòm

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou bay ansyen ak sèvitè ministeryèld fòmasyon pou yo byen ranpli responsablite yo selon sitiyasyon, tandans ak bezwen kongregasyon yo (2 Timote 3:1). Yo pa fè Lekòl sa a chak ane.

  • Kantite tan sa pran: Li varye, men, souvan li dire yon jou.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Siveyan sikonskripsyon, ansyen ak sèvitè ministeryèl

Elèv nan yon Lekòl ministè Wayòm k ap fè yon foto klas.

Lekòl pou moun k ap sèvi nan Betèl

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou ede moun ki nan Betèle reyisi nan travay y ap fè nan Betèl la, pou yo vin gen plis lanmou pou Bondye e pou lòt moun.

  • Kantite tan sa pran: Senk jou edmi.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Nouvo moun ki vin nan Betèl dwe pase ladan l. Yo ka envite moun ki nan Betèl depi kèk tan e ki gentan gen senk an depi dènye fwa yo te pase Lekòl la pou yo ale ankò.

Yon elèv nan Lekòl pou moun k ap sèvi nan Betèl k ap bay yon diskou devan enstriktè a ak kamarad li yo.

Lekòl Galaad

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou ede elèv yo vin pi renmen Pawòl Bondye a e pou ede yo aplike sa yo aprann yo (1 Tesalonisyen 2:13). Frè ak sè fidèl sa yo ki pase nan Lekòl Galaad vin pi itil òganizasyon Jewova a e yo pi kalifye pou travay ansèyman biblik k ap fèt sou tout tè a. Apre yo fin gradye, yo ka voye yo al sèvi nan tèritwa oswa nan yon biwo filyal, swa nan peyi yo, swa nan yon lòt peyi.

  • Kantite tan sa pran: Senk mwa.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Komite filyal yo chwazi moun k ap sèvi aplentan e yo mande yo aplike. Lekòl sa a fèt nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, Nouyòk.

Yon enstriktè nan Lekòl Galaad k ap itilize yon modèl tanp Jerizalèm nan pou l anseye yon klas.

Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo

  • Poukisa yo fè l: Yo fè l pou bay manm Komite filyalf yo fòmasyon pou yo kapab sipèvize travay k ap fèt nan biwo filyal yo ak travay Temwen Jewova yo ap fè nan peyi ki sou kont biwo filyal la.

  • Kantite tan sa pran: De mwa.

  • Kiyès ki ka al ladan l: Kolèj santral la envite kèk manm Komite filyal yo chwazi ansanm ak madanm yo pou yo al nan Lekòl la ki fèt nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, Nouyòk.

Yon enstriktè k ap bay elèv yo yon diskou nan Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo.

Sou ki sa fòmasyon Temwen yo bay la baze?

Se sou Bib la fòmasyon Temwen Jewova yo jwenn nan baze. Nou kwè se Bondye ki enspire Bib la e se nan Bib la nou jwenn pi bon enstriksyon pou tout aspè nan lavi yon kretyen. — 2 Timote 3:16, 17.

Èske Temwen Jewova yo oblije peye pou fòmasyon sa yo?

Non. Fòmasyon yo gratis. Se grasa ofrann volontè Temwen Jewova yo rive fè tout travay yo. — 2 Korentyen 9:7.

a Bib la ak piblikasyon nou sèvi pou etidye Bib la, sa gen ladan l videyo, disponib sou sit Entènèt nou an, jw.org.

b Yon pyonye se yon Temwen Jewova, fi kou gason, ki bay bon egzanp e ki vle pase yon kantite èdtan byen presi chak mwa ap pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun.

c Yon siveyan sikonskripsyon se yon sèvitè aplentan ki vizite yon kongregasyon diferan chak semèn nan sikonskripsyon l lan, sa vle di nan zòn ki sou kont li ki gen diferan kongregasyon. Li bay diskou ki baze sou Bib la pou l ankouraje frè ak sè yo e l soti avèk yo nan travay predikasyon an.

d Sèvitè ministeryèl yo fè yon seri travay ki itil pou ede fè ak sè yo. Konsa, yo ede ansyen yo jwenn plis tan pou yo anseye e pou yo byen pran swen frè ak sè yo.

e Betèl se non nou bay filyal Temwen Jewova yo. Sèvitè aplentan k ap sèvi nan Betèl yo soutni aktivite Temwen Jewova yo fè nan tèritwa filyal kote yo ye a.

f Yon Komite filyal gen ladan l twa oswa plis gason kalifye ki gen matirite nan domèn espirityèl.

Ki byenfè Temwen Jewova yo jwenn grasa fòmasyon yo resevwa a?

  • Natasha.

    “Li te difisil pou m pale ak moun mwen pa konnen sou Bib la paske m timid. Men, grasa fòmasyon mwen resevwa nan reyinyon lasemèn yo, mwen vin gen plis konfyans nan tèt mwen e m vin yon pi bon anseyan. Epitou, li pi fasil pou m pale ak moun ni nan kongregasyon an ni nan travay mwen. — Natasha, Etazini

  • Stephen.

    “Lefètke m te asiste Lekòl evanjelizatè Wayòm nan, sa te ede m vin gen kalite Bondye genyen yo tankou lanmou, pasyans ak bonte. Kòm rezilta, m santi m vin yon pi bon kretyen, yon pi bon zanmi e yon pi bon vwazen. Lekòl la te aprann mwen tou ki jan pou m fè rechèch sou sijè nan Bib la ak fason pou m esplike Pawòl Bondye a yon fason pou m touche kè moun — Stephen, Nijerya.

  • Luca.

    “Lekòl pou ansyen yo te ede m vin gen plis imilite pou m ka yon pi bon ansyen. Diskou yo te ede m wè ki jan l enpòtan pou m suiv egzanp Jezi.” — Luca, Itali.

  • Samuel.

    “Lekòl ministè Wayòm nan te montre m enpòtans pou m abòdab e pou m janti lè m ap boule ak lòt moun. Mwen te aprann se lanmou ki dwe pouse m aji pou m ede lòt moun, m pa dwe fè sa sèlman paske m konnen m dwe fè l.” — Samuel, Wayòm Ini

  • Elnathan ak Princess.

    “Lekòl Galaad te ede nou egzamine tèt nou sou baz Pawòl Bondye a ki tankou yon glas (Jak 1:22-25). Konsa, nou wè chanjman nou te bezwen fè nan pèsonalite nou ak nan sèvis n ap bay Jewova a. Nou te aprann tou pou n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou e pou n kite lanmou gide n nan sa n ap di ak sa n ap fè.” — Elnathan ak Princess, Filipin.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje