BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 9
  • Èske Bondye gen yon non?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye gen yon non?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • A4 Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Kiyès Jewova ye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 9
Non Bondye ann ebre

Èske Bondye gen yon non?

Repons Bib la bay

Chak moun gen pwòp non pa l. Èske l pa lojik pou Bondye ta gen yon non tou? Yon pwen ki enpòtan anpil nan kesyon zanmitay sèke moun yo konnen non youn lòt epi yo sèvi ak non sa yo. Èske sa ta dwe diferan pou amitye nou ak Bondye?

Nan Bib la, Bondye di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” (Ezayi 42:8). Byenke li gen yon pakèt tit, tankou “Bondye toupisan”, “Seyè ki Souvren an” ak “Kreyatè”, li onore adoratè l yo lè l envite yo pou yo sèvi ak non pèsonèl li lè y ap pale avè l. — Jenèz 17:1; Travay 4:24; 1 Pyè 4:19.

W ap jwenn non pèsonèl Bondye nan Egzòd 6:3 nan anpil tradiksyon Labib. Pasaj sa a di: “Mwen te konn pale ak Abraram, ak Izarak ak Jakòb antanke Bondye Toupisan. Men, mwen pa t fè yo konn non Jewova a nèt.”

Jewova se fason yo tradui non Bondye an kreyòl depi plizyè syèk. Se vre gen anpil espesyalis ki prefere di “Yawe”, men Jewova se fòm non moun pi konnen an. Premye pati Bib la te ekri ann ebre, kontrèman ak an kreyòl, nan lang sa a yo te dwe komanse li soti adwat al agoch. Nan lang ebre a, non Bondye parèt sou fòm kat konsòn, יהוה. Kat lèt ann ebre sa yo koresponn ak YHWH, e se yo yo rele Tetragram nan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje