BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 7
  • E si mwen pa renmen lekòl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • E si mwen pa renmen lekòl?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Èske m ta dwe kite lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Èske m ta dwe kite lekòl?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Jèn : byen pwofite tan n ap pase lekòl
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Fòmasyon lekòl ou anrapò ak objektif espirityèl ou yo
    Ministè Wayòm nan — 1999
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 7
Yon jèn gason ki tris ki kanpe devan plaka nan koulwa yon lekòl.

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si mwen pa renmen lekòl?

Lè w lekòl ou gen pwofesè ki strik, elèv k ap fè presyon sou ou, egzamen ki di ak anpil devwa. Nou ka konprann sa k fè w ka di w pa renmen lekòl.a Men sa yon jèn fi ki rele Rachelb di:

“Dènye kote m ta renmen ye se lekòl. Mwen ta pito nan plaj oswa ansanm ak zanmi m oubyen lakay ap ede paran m fè manje ak netwayaj!”

Si w santi w menm jan ak Rachel, sa vle di ou wè lekòl tankou yon prizon, e w pa ka tann ki lè pou w gradye pou w libere. Èske gen yon pi bon fason w ka wè tan w ap pase lekòl la?

Èske w te konnen? Lè w aprann gen yon pi bon pwennvi sou lekòl, sa ap pèmèt ou gen kontwòl sitiyasyon w, e sa ap fè w pa konsidere lekòl kòm yon fado. Lè sa a, lekòl ap vin yon mwayen pou w travay yon seri kapasite k ap itil ou lè w vin gran.

Pou w ka vin renmen lekòl, eseye sa:

Imaj yon kaye ak yon kreyon.

Fòmasyon w: Plis ou aprann, se plis w ap kapab rezoud pwoblèm w ap jwenn nan travay ou ak nan lòt aspè nan lavi a olye pou w ta toujou ap tann se moun ki rezoud yo pou ou. Poze tèt ou kesyon sa a: ‘Menmsi gen bagay mwen pa renmen lekòl, èske pa gen bagay mwen aprann ki itil mwen?’

Prensip biblik: “Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — Pwovèb 3:21.

Pou plis enfòmasyon, gade atik: “E si m ap fè move nòt lekòl?”

Imaj yon lis pou tcheke.

Abitid ou: Lekòl ba w abitid pou w aprann jere tan w, pou w gen disiplin e pou w aprann travay byen. W ap bezwen kalite sa yo lè w vin gran. Mande tèt ou: ‘Nan ki sans abitid mwen pran lekòl fè m gen disiplin e yo aprann mwen travay byen? Ki amelyorasyon mwen ka fè nan domèn sa yo?’

Prensip biblik: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

Pou plis enfòmasyon, gade atik: “Ki jan mwen ka jere tan m?”

imaj de moun k ap pale.

Jan w boule ak moun: Lefètke w oblije pase tan ak kamarad lekòl ou, sa ka aprann ou mete w nan plas lòt moun e respekte yo. Men sa yon jèn gason ki rele Joshua di: “Aprann kominike ak moun gen menm enpòtans ak etidye istwa ak syans. Se yon bagay w ap bezwen tout vi w.” Mande tèt ou: ‘Ki leson mwen aprann lekòl sou fason pou m boule ak moun, menm moun ki pa gen menm kilti avè m oubyen ki pa gen menm kwayans avè m?’

Prensip biblik: “Chèche viv anpè ak tout moun.” — Ebre 12:14.

Pou plis enfòmasyon, gade atik: “Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?”

Iimaj yon moun k ap mache sou yon wout.

Avni w. Lekòl ka ede w wè kapasite w genyen e l ka ede w fikse objektif nan sans sa a. Men ki sa yon jèn fi ki rele Brooke di: “Ou ka menm jwenn fòmasyon nan yon domèn presi, menm jan sa te fèt pou mwen. Konsa, lè w gradye, ou tou kalifye pou w jwenn travay.” Mande tèt ou: ‘Ki sa m ap fè pou m pran swen tèt mwen lè m fini lekòl? Ki sa m ka aprann nan pwogram lekòl mwen ki pèmèt mwen jwenn travay sa a?’

Prensip biblik: “Chache konnen byen sa w’ap fè.” — Pwovèb 4:26, Bib la.

a Anpil nan prensip yo pale nan sijè sa a ka ede timoun paran yo fè lekòl avèk yo lakay yo.

b Gen non ki chanje.

Sa lòt jèn di

  • Madison.

    “Travay an gwoup te aprann mwen fason pou m travay ak plizyè kalite moun. Konsa, mwen te aprann koute moun ki pa soti menm kote avè m e ki pa viv menm jan avè m. An jeneral, pifò kamarad lekòl mwen yo te janti e yo te respekte m paske yo te konnen mwen se moun ki respekte lòt moun e m pa kritike moun.” — Madison.

  • Ryan.

    “M te aprann gen yon pwennvi pozitif sou kondisip mwen yo. Anpil nan yo t ap fè efò pou yo bon moun. Donk, m te pwofite tout okazyon pou m pataje yon bagay nan Bib la avèk yo pou ankouraje yo.” — Ryan.

  • Brooke.

    “Lekòl ede w aprann konnen ki jan pou w boule ak moun. W ap pase tout jounen an ak kamarad lekòl donk, w ap aprann sa pou w di, sa w pa dwe di, ki jan pou w pran pasyans e ki jan pou w pataje. Nan kou egzèsis fizik, nou jwe ansanm, konsa nou aprann fason pou n travay ann ekip. Ou pa ka aprann travay ann ekip lè w poukont ou.” — Brooke.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje