BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 53
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ki kote mò yo ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lè nou mouri, ki kote n ale?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • 4yèm pati
    Koute Bondye
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 53

Ki sa k rive lè yon moun mouri?

Repons Bib la bay

Men sa Bib la di: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” (Eklezyas 9:5; Sòm 146:4). Kidonk, lè yon moun mouri, li pa egziste ankò. Moun ki mouri yo pa ka panse, yo pa ka aji e yo pa gen okenn santiman.

“W ap retounen nan pousyè”

Bondye te esplike sa k rive lè yon moun mouri lè l t ap pale ak Adan, premye gason an. Piske Adan pa t obeyi Bondye, men sa Bondye te di l: “Se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” (Jenèz 3:19). Anvan Bondye te kreye Adan “ak pousyè ki sot nan tè a”, Adan pa t egziste (Jenèz 2:7). Menm jan an tou, lè Adan vin mouri, li retounen nan pousyè e li pa egziste ankò.

Se menm bagay la ki rive moun ki mouri jodi a. Anpalan de bèt ak moun, men sa Bib la di: “Yo tout soti nan pousyè e yo tout ap tounen nan pousyè.” — Eklezyas 3:19, 20.

Lanmò pa oblije met fen nan tout bagay

Byen souvan, Bib la konpare lanmò ak dòmi (Sòm 13:3; Jan 11:11-14; Travay 7:60). Yon moun ki nan fon somèy pa konn sa k ap pase bò kote l. Se konsa tou, moun ki mouri yo pa konn anyen ditou. Sepandan, Labib anseye Bondye kapab leve moun ki mouri yo menm jan yo leve yon moun k ap dòmi, e li kapab ba yo lavi ankò (Jòb 14:13-15). Pou moun Bondye resisite yo, lanmò pa met fen nan tout bagay.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje