BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 58
  • Èske Bib la kondane plezi ki gen nan fè sèks?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la kondane plezi ki gen nan fè sèks?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Repons dis kesyon sou sèks
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Maryaj: Orijin li ak objektif li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Kite Jewova pwoteje maryaj ou epi kite l fè l vin djanm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 58

Èske Bib la kondane plezi ki gen nan fè sèks?

Repons Bib la bay

Olye Bib la entèdi moun pran plezi ki gen nan fè sèks, li montre plezi sa a se yon kado Bondye bay moun ki marye yo. Lè Bondye te kreye “gason ak fi”, li te wè sa l te fè a “bon nèt”. (Jenèz 1:27, 31.) Lè Bondye te marye premye gason an ak premye fi a, li te di “y ap vin yon sèl chè”. (Jenèz 2:24.) Inyon sa a te pèmèt mesyedam yo jwenn plezi natirèl ki gen nan fè sèks e youn te vin atache ak lòt.

Men ki jan Bib la pale de plezi mari yo ka jwenn nan maryaj yo: “Pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan. [...] Se pou tete l toujou fè w jwenn plezi! Se pou lanmou w gen pou li toujou fè kè w kontan.” (Pwovèb 5:18, 19). Bondye vle pou madan marye yo pran plezi tou nan relasyon seksyèl. Men sa Bib la di: “Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l la, e se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l.” — 1 Korentyen 7:3.

Plezi seksyèl gen limit

Bondye vle pou se sèlman yon mari ak madanm li ki fè relasyon seksyèl, jan Ebre 13:4 montre sa: “Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè.” Yon mari ak madan marye l dwe fidèl youn ak lòt e yo dwe respekte angajman yo te pran an. Se pa lè yo chèche satisfè dezi egoyis yo y ap ka jwenn plis kè kontan, men se lè yo aplike prensip ki nan Bib la ki di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje