BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 68
  • Ki moun k al nan lanfè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki moun k al nan lanfè?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa lanfè ye? Èske se yon kote yo toumante moun pou toutan?
    Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 68

Ki moun k al nan lanfè?

Repons Bib la bay

Lanfè (nan lang yo te ekri Bib la, yo di “Cheyòl” ak “Adès”) se senpleman tonm, se pa yon kote ki gen dife ki la pou yo toumante moun. Ki moun k al nan lanfè? Ni bon moun ni move moun al nan lanfè (Jòb 14:13; Sòm 9:17). Labib fè konnen tonm sa a se “kote tout moun ki vivan gen pou y ale a”. — Jòb 30:23.

Menm Jezi t al nan lanfè lè l te mouri. Men, “li pa t rete nan lanfè” paske Bondye te resisite l. — Travay 2:31, 32, The Bible in Basic English.

Èske lanfè la pou toutan?

Tout moun k al nan lanfè ap gen pou soti ladan l, y ap tounen viv ankò paske Bondye bay Jezi pouvwa pou fè sa (Jan 5:28, 29; Travay 24:15). Anrapò ak rezirèksyon sa a ki gen pou fèt la, Revelasyon 20:13 fè konnen “lanmò ak lanfè remèt mò ki te nan yo”. (Labib Wa Jak.) Yonfwa lanfè a vid, li pap egziste ankò. Pap janm gen moun ki pral ladan l ankò paske “pap gen lanmò ankò”. — Revelasyon 21:3, 4; 20:14.

Men, se pa tout moun ki mouri k al nan lanfè. Labib montre gen kèk moun ki tèlman vin mechan, sa fè yo pa janm repanti (Ebre 10:26, 27). Lè moun sa yo mouri, yo pa al nan lanfè, y al nan Jeyèn ki reprezante destriksyon etènèl (Matye 5:29, 30). Pa egzanp, Jezi te fè konnen gen kèk moun pami chèf relijye ipokrit nan epòk li a ki t apral nan Jeyèn. — Matye 23:27-33.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje