BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 25
  • Poukisa m dwe ede lòt moun?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m dwe ede lòt moun?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • De sekrè anpil moun pa konnen
  • Jèn ki konn ede lòt moun
  • Ki jan m ka ede lòt moun?
  • Se pou w renmen bay
    Reveye n! — 2025
  • Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Mwen fè lapè ni ak Bondye ni ak manman m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Poukisa m toujou nan kont ak paran m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 25

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m dwe ede lòt moun?

  • De sekrè anpil moun pa konnen

  • Jèn ki konn ede lòt moun

  • Ki jan m ka ede lòt moun?

De sekrè anpil moun pa konnen

Sekrè no 1: Byen souvan, lè w bay, w ap resevwa an retou!

Moun yo ap wè w se yon moun ki renmen bay. Kòm rezilta, se sèten y ap renmen ba w tou. Men ki jan Bib la esplike sa:

  • “Pran abitid bay, e moun ap ban nou. [...] Paske, se ak mezi nou mezire a y ap mezire pou nou tou.” — Lik 6:38.

  • “Fason w trete lòt moun se fason sa y ap trete w.” — Lik 6:38, Contemporary English Version.

Sekrè no 2: Lè w ede lòt moun, ou ede tèt ou tou!

Lè w ede lòt moun, sa fè w gen plis respè pou tèt ou e sa fè w santi jwa yon moun jwenn lè l renmen bay. Men ki jan Bib la esplike sa:

  • “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

  • “Lè w ap òganize yon resepsyon, envite moun ki pòv, moun ki domaje, moun k ap bwete oswa ki avèg, e w ap kontan, paske yo pa gen mwayen pou yo remèt ou sa.” — Lik 14:13, 14.

Jèn ki konn ede lòt moun

Se toupatou n ap jwenn jèn ki konn ede lòt moun. Ann konsidere kèk egzanp.

“Pafwa, lè m vle jis chita sou sofa a pou m gad tele, m konn panse ak manman m ak papa m k ap travay di epi jan y ap fatige lè yo antre nan kay la. Se sa k fè m konn leve pou m lave veso, pase aspiratè epi pwòpte kay la. Piske m konn paran m renmen kafe, m fè kafe kite pou yo tou. Lè manman m rantre, li konn di: ‘Waw, kay la bèl epi l santi bon. Mèsi anpil, cheri!’ M toujou santi m byen lè m fè yon bon bagay pou manman m ak papa m.” — Casey.

“Paran m toujou soutni m e yo ban m tout sa m bezwen. Konsa, lè machin yo a te gen yon gwo pwoblèm ane pase, m te ba yo yon chèk pou yo te ka repare l menm lè se te yon bon kantite nan lajan m te sere a. Nòmalman, yo te eseye refize, men, m pa t dakò. M dwe paran m plis pase sa m te ba yo a. Anplis de sa, m te santi m byen lefètke m te ka ba yo yon bagay.” — Holly

Èske w te konnen? Gen anpil jèn pami Temwen Jewova yo ki goute lajwa sa bay lè yo patisipe nan ede lòt moun grasa travay ansèyman biblik la. Gen kèk nan yo ki menm konn deplase al viv nan lòt peyi kote yo bezwen plis moun pou anseye Labib.

“Mwen te kite Etazini pou m al Meksik yon fason pou m anseye lòt moun sa Bib la di. Pafwa li difisil pou m bay lajan oswa lòt bagay paske m pa vrèman gen anpil bagay pou m bay. Men, m rann mwen kont lè m bay tan m ak enèji m nan travay predikasyon an, moun yo plis apresye sa pase si m ta ba yo yon bagay materyèl.” — Evan.

Ki jan m ka ede lòt moun?

Èske w ta renmen jwenn lajwa ki genyen lè w ede lòt moun? Men kèk ide.

Pou w ede fanmi w:

  • Pase aspiratè, bale, lave veso oswa netwaye yon chanm, san yo pa mande w.

  • Prepare yon repa.

  • Ekri yon kat remèsiman pou paran w.

  • Ede frè w oswa sè w fè devwa yo.

Pou w ede moun ki pa nan fanmi w:

  • Voye yon kat bay yon moun ki pa byen.

  • Fè kèk ti travay nan jaden yon vwazen w ki aje.

  • Vizite yon moun ki pa ka sot lakay li.

  • Achte yon kado pou yon moun ki nan yon moman difisil.

Yon ti konsèy: Eseye jwenn kèk lòt ide poukont ou. Apre sa, fikse objektif pou w ede yon moun pandan semèn sa a. Petèt w ap sezi wè jis nan ki pwen w ap santi w byen!

“Lè w ede lòt moun, w ap vin gen kè kontan. Ou santi w vrèman akonpli yon bagay e w wè lòt moun apresye sa. Petèt w ap jwenn plezi pandan w ap fè l, byenke okòmansman ou pa t panse ou t ap renmen l. Sa w fè a ka pa menm sanble ak yon sakrifis paske w ap jwenn yon bagay anretou apre w fin fè l.” — Alana.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje