BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 27
  • Poukisa mwen pa gen okenn zanmi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa mwen pa gen okenn zanmi?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon ti tès sou solitid
  • Reyalite konsènan amitye ak solitid
  • Fason pou w genyen batay la
  • Fè zanmi pou w pa santi w poukont ou — Fason Bib la ka ede w
    Kèk lòt sijè
  • Depi Jewova avè w, ou pa janm poukò w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 27
Yon jèn fi ki santi l poukont li

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa mwen pa gen okenn zanmi?

Pandan w sou Entènèt, w ap gade foto yon fèt kote tout moun ou byen avè yo te la, e sanble yo te pase yon bon moman. Men, gen yon bagay ki dwòl, tout moun te la sof ou menm!

W ap mande tèt ou poukisa yo pa t envite w.

Kounye a, ou plis santi w fache. Ou santi se trayi yo trayi w! Ou gen enpresyon amitye w te genyen avèk yo pa t kanpe sou anyen. Ou vin santi w poukont ou, e w mande tèt ou poukisa w pa gen okenn zanmi.’

  • Yon ti tès sou solitid

  • Reyalite konsènan amitye ak solitid

  • Fason pou w genyen batay la

  • Sa lòt jèn di

  • Rive venk krent ou genyen pou w fè zanmi

Yon ti tès sou solitid

Wi ou non

  1. Si w gen anpil zanmi, ou pap janm santi w poukont ou.

  2. Si w fè pati yon rezon sosyal, ou pap janm santi w poukont ou.

  3. Si w voye anpil tèks mesaj, ou pap janm santi w poukont ou.

  4. Si w fè anpil bagay pou lòt moun, ou pap janm santi w poukont ou.

Repons pou tout fraz sa yo se non.

Poukisa?

Reyalite konsènan amitye ak solitid

  • Lefètke w gen anpil zanmi sa pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

    “Mwen gen sousi pou zanmi m yo, men pafwa mwen pa panse yo gen sousi pou mwen tou. Solitid ki pi mal la se lè ou chaje moun bò kote w men ou pa santi yo renmen w oswa yo bezwen w.” — Anne.

  • Lefètke w fè pati yon rezo sosyal pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

    “Gen kèk moun ki fè koleksyon zanmi menm jan moun fè koleksyon biblo. Men, lefètke yon moun chaje biblo sa pap fè l santi moun renmen l pou sa. Menm jan an tou, si amitye w genyen ak moun se bagay ki sipèfisyèl, menmsi w chaje ak zanmi sou Entènèt, w ap santi w poukont ou.

  • Voye anpil tèks mesaj pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

    “Pafwa, lè w santi w poukont ou, ou toujou ap tcheke telefòn ou pou w wè si pa gen moun ki te ekri w. Si w deja santi w poukont ou e w wè pèsonn pa t eseye kominike avè w, sa fè w santi w pi mal toujou!” — Serena.

  • Lè w fè anpil bagay pou lòt moun, sa pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

    “Mwen toujou fè efò pou m bay zanmi m yo anpil bagay, men mwen remake yo pa fè menm bagay la pou mwen. Mwen pa regrèt sa m te fè pou yo, men mwen twouve sa dwòl lefètke yo pa t janm vrèman janti avè m anretou.” — Richard.

Sa w dwe sonje: Anvan tou, kesyon solitid la depann de fason nou wè bagay yo. Men sa yon jèn ki rele Jeanette di: “Li pa depann de sa ki deyò, se pa anndan li soti.”

Ki sa w ka fè si w santi w pa gen zanmi, ou santi w poukont ou?

Fason pou w genyen batay la

Yon jèn fi ki pa gen konfyans nan tèt li.

Travay pou w gen konfyans nan tèt ou.

“Si yon moun pa santi l byen nan po l sa ka fè l santi l poukont li. Li difisil pou w byen ak yon moun ki santi li pa merite pou lòt moun enterese nan li.” — Jeanette.

Bib la di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Galat 5:14) Pou nou gen bonjan zanmi, nou bezwen konn valè nou, san nou pa vin twò kwè nan tèt nou. — Galat 6:3, 4.

Yon jèn gason k ap plenyen sò l

Evite pran pitye pou tèt ou.

“Santiman solitid se tankou sab ki mou k ap rale w desann. Plis ou woule kò w ladan l, l ap pi difisil pou w soti ladan l. Si w kite mòd panse sa yo anvayi lespri w, anvan lontan w ap vin yon moun ki tèlman ap plenyen sò l sa ap fè pèsonn pa vle vin zanmi w.” — Erin.

Bib la di: “Lanmou pa chèche pwòp enterè l.” (1 Korentyen 13:4, 5). Reyalite a sèke, lè nou konsantre twòp sou tèt nou, nou vin gen mwens konpasyon pou lòt moun e sa fè nou pa atire moun sou nou (2 Korentyen 12:15). Yon bagay ki klè sèke si se sou sa lòt moun fè w ap gade pou w konnen si ou menm ou reyisi, ebyen w ap echwe! Anfèt, lè w gen mòd panse tankou “Pèsonn pa janm rele m” oswa “Pèsonn pa janm envite m okenn kote”, se kite w kite pou se lòt moun ki ba w kè kontan. Ou pa panse se twòp pouvwa ou bay lòt moun sou ou?

Yon jèn gason ki refize pran yon sigarèt

Pa desann prensip ou nan kesyon zanmi.

“Moun ki santi yo poukont ou vle pou lòt moun ba yo atansyon, e yo ka rive nan yon pwen kote yo kontan kèlkeswa moun ki ba yo atansyon an. Yo sèlman anvi santi gen moun ki bezwen yo. Men, gen kèk moun ki ka fè w santi yo bezwen w epi se pwofite yo pwofite w. Apre sa, w ap santi w pi poukont pase anvan.” — Brianne.

Bib la di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, Men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” (Pwovèb 13:20). Yon moun ki grangou ap manje prèske nenpòt bagay. Konsa tou, moun k ap chèche zanmi kapab chèche zanmi kote yo pa ta dwe chèche. Li ka menm vin fasil pou fè zanmi ak moun k ap pwofite yo, e yo ka panse se nòmal, yo pap jwenn pi bon pase sa.

Konklizyon: Sa rive tout moun pou yo santi yo poukont yo pafwa, men gen moun ki santi sa plis pase lòt. E menm lè yon santiman konsa kraze w anpil, men se jis yon santiman. An jeneral, se panse nou ki mennen santiman nou genyen yo, e nou kapab kontwole panse nou.

Se pou w reyalis tou nan sa w ap atann de lòt moun. Men sa Jeanette nou te pale de li pi wo a di: “Se pa tout moun k ap vin bon zanmi w, men w ap jwenn moun ki gen sousi pou ou. E sa ase. Se sa k ap ede w pa santi w poukont ou.”

Ou bezwen plis èd? Li atik ki rele “Rive venk krent ou genyen pou w fè zanmi” an, epitou telechaje PDF ki rele “Fè efò pou w pa santi w poukont ou ankò.”

SA LÒT JÈN DI

Vanessa

“Pale ak yon moun sou jan w santi w. Pa kache santiman w. Ou ka wè gen anpil moun ou konnen ki santi yo menm jan an. Pafwa, tout sa w bezwen se yon zanmi ki pou ede w santi w pi byen.” — Vanessa.

Taylor

“Ou pa ka toujou ap rann lòt moun responsab paske w santi w poukont ou. Pafwa, se ou menm ki mete tèt ou apa. Kidonk, fè sa w kapab pou w byen ak zanmi w yo ankò. Si sa pa mache, eseye fè lòt zanmi, petèt moun ou potko janm eseye fè zanmi avè yo anvan sa.” — Taylor.

Rive venk krent ou genyen pou w fè zanmi

“Mwen gen yon zanmi m ki toujou santi l poukont li. Malgre li chaje ak moun ki gen sousi pou li, li toujou santi se kòmsi pèsonn pa wè l e yo pa renmen l. Li bay aparans yon moun ki di yon fason pou moun pa wè li pa gen konfyans nan tèt li. Anfèt, mwen panse lefètke li bay tèt li aparans sa a, se sa menm ki fè l pa ka gen zanmi. Moun ki rankontre l yo gen enpresyon li se yon moun ki frèt, e si yon moun pa gen pèseverans, l ap dekouraje.

“Epitou, li pè pou l pa soufri, se sa k fè men lè moun fè efò pou yo aprann konnen l, se swa li panse moun nan gen move entansyon swa li panse amitye a pap mache. Li santi l poukont li paske pifò moun pa konprann li, men li refize pale sou jan l santi l.

“Zanmi m nan bezwen rann li kont pou de moun zanmi e pou youn konprann lòt fò yo di sa ki anndan yo, omwen kèk bagay. Sa ede yo pou ofri w amitye ou bezwen an. M swete zanmi m nan ap amelyore e l ap aprann venk krent li genyen pou l fè zanmi.” — Elaine.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje