BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 72
  • Ki sa liv Revelasyon an vle di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa liv Revelasyon an vle di?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Revelasyon 21:1 — “Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Liv Revelasyon an: Nan ki sans li konsène w jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Repons Bib la bay
ijwbq atik 72
Yon mesye k ap li liv Revelasyon an e k ap imajine bèt sovaj la ak kavalye Apokalips yo

Ki sa liv Revelasyon an vle di?

Repons Bib la bay

An grèk, non liv ki rele Revelasyon an se Apokalipsis (apokalips). Li vle di “Dekouvri” oubyen “Devwale”. Non sa a montre sans liv Revelasyon an genyen — li dekouvri bagay ki te kache e li devwale evènman ki t ap gen pou rive byen lontan apre liv sa a te fin ekri. Gen anpil nan pwofesi ki nan liv sa a ki rete pou yo akonpli.

Sa k gen nan liv Revelasyon an

  • Entwodiksyon. — Revelasyon 1:1-9.

  • Mesaj Jezi voye pou 7 kongregasyon yo. — Revelasyon 1:10–3:22.

  • Vizyon kote Bondye chita sou twòn li nan syèl la. — Revelasyon 4:1-11.

  • Yon seri vizyon, youn mennen lòt:

    • Sèt so yo. — Revelasyon 5:1–8:6.

    • Sèt twonpèt yo, twa dènye yo anonse twa malè. — Revelasyon 8:7–14:20.

    • Sèt bòl yo, yo chak gen yon malè ladan yo ki reprezante yon jijman Bondye pral lage sou tè a. — Revelasyon 15:1–16:21.

    • Vizyon sou destriksyon ènmi Bondye yo. — Revelasyon 17:1–20:10.

    • Vizyon sou benediksyon Bondye pral bay syèl la ak tè a. — Revelasyon 20:11–22:5.

  • Konklizyon. — Revelasyon 22:6-21.

Kèk bagay k ap ede n konprann liv Revelasyon an

  1. Non Revelasyon an pa yon bagay mal, li pa la pou fè moun k ap sèvi Bondye yo pè oubyen panike. Byenke yon pakèt moun panse mo “apokalips” la gen rapò ak yon gwo dezas, liv Revelasyon an kòmanse e li fini pou l di moun ki li mesaj ki ladan l lan, ki konprann li e ki aplike l ap gen kè kontan lefètke yo fè sa. — Revelasyon 1:3; 22:7.

  2. Liv Revelasyon an itilize anpil “siy”, oswa senbòl, moun pa dwe pran nan sans literal. — Revelasyon 1:1.

  3. Anvan sa, Labib te gentan pale de plizyè eleman oubyen senbòl ki parèt nan liv Revelasyon an:

    • Jewova: “Vrè Dye nan syèl la” e li se Kreyatè tout bagay. — Detewonòm 4:39; Sòm 103:19; Revelasyon 4:11; 15:3.

    • Jezi Kris: “Ti Mouton Bondye a”. — Jan 1:29; Revelasyon 5:6; 14:1.

    • Satan Ledyab: advèsè Bondye a. — Jenèz 3:14, 15; Jan 8:44; Revelasyon 12:9.

    • Gran Babilòn nan: menm jan ak ansyen Babilòn nan (Babèl), li se ènmi Jewova Dye ak tout pèp li a e li se sous manti ki gaye nan relijyon yo. — Jenèz 11:2-9; Ezayi 13:1, 11; Revelasyon 17:4-6; 18:4, 20.

    • “Lanmè a”: monn mechan ki opoze ak Bondye a. — Ezayi 57:20; Revelasyon 13:1; 21:1.

    • Kèk bagay yo dekri ki koresponn ak ansyen tabènak la yo te itilize nan adorasyon yo t ap bay Bondye a: pa egzanp, lach alyans lan, lanmè a (basen pou lave a), lanp yo, ofrann lansan yo ak lotèl pou fè sakrifis yo. — Egzòd 25:10, 17, 18; 40:24-32; Revelasyon 4:5, 6; 5:8; 8:3; 11:19.

    • Bèt sovaj yo: yo reprezante gouvènman lèzòm yo. — Dànyèl 7:1-8, 17-26; Revelasyon 13:2, 11; 17:3.

    • Chif yo itilize nan sans senbolik yo. — Revelasyon 1:20; 8:13; 13:18; 21:16.

  4. Vizyon sa yo gen rapò ak “jou Seyè a” ki te komanse lè Wayòm Bondye a te tabli an 1914 e Jezi te kòmanse dirije antanke Wa ladan l (Revelasyon 1:10). Donk, nou ka deja atann nou pou pi gwo akonplisman liv Revelasyon an rive nan epòk nou an.

  5. Pou nou ka konprann liv Revelasyon an, nou bezwen menm bagay ki ede n konprann tout rès Bib la, sa gen ladan l sajès ki soti nan Bondye a ak èd nan men moun ki deja konprann liv sa a. — Travay 8:26-39; Jak 1:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje