BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 87
  • Kiyès ki antikris la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès ki antikris la?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Fason pou n rekonèt antikris yo
  • Kiyès ki antikris la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Yo devwale antikris la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Poukisa nou bezwen idantifye antikris la ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Repons Bib la bay
ijwbq atik 87
Yon evanjelis k ap preche nan televizyon.

Kiyès ki antikris la?

Repons Bib la bay

Antikris la se pa jis yon moun oswa yon enstitisyon, paske Bib la di gen “anpil antikris”. (1 Jan 2:18.) Men, ekspresyon “antikris” la, ki soti nan yon mo grèk ki vle di “kont (oswa nan plas) Kris”, fè referans ak kèlkeswa moun ki fè bagay ki vin apre yo:

  • Nye Jezi se Kris la (Mesi a) oswa nye li se Pitit Bondye. — 1 Jan 2:22.

  • Opoze ak Kris, Sila a Bondye chwazi a. — Sòm 2:1, 2; Lik 11:23.

  • Fè kwè li se Kris la. — Matye 24:24.

  • Pèsekite disip Kris yo, piske Jezi konsidere tout sa yon moun fè yo se li menm yo fè l. — Travay 9:5.

  • Fè konnen li se kretyen toutpandan l ap vyole lalwa oswa l ap twonpe moun. — Matye 7:22, 23; 2 Korentyen 11:13.

Bib la pale nonsèlman de chak moun k ap fè mòd bagay sa yo kòm “antikris”, men tou li pale de gwoup moun k ap fè yo kòm “antikris”. (2 Jan 7.) Antikris la te parèt pou premye fwa nan epòk apot yo e l aktif depi lè a. Labib te gentan fè konn sa. — 1 Jan 4:3.

Fason pou n rekonèt antikris yo

  • Y ap gaye manti anrapò ak Jezi (Matye 24:9, 11). Pa egzanp, moun k ap anseye doktrin Trinite a oswa ki fè konnen Jezi se li menm ki Bondye Toupisan an, moun sa yo opoze ak ansèyman Jezi yo ki te di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” — Jan 14:28.

  • Antikris yo rejte sa Jezi te di konsènan fason Wayòm Bondye a fonksyone. Pa egzanp, gen kèk chèf nan relijyon ki di Kris sèvi ak gouvènman lèzòm yo pou l aji. Alòske, se pa sa Jezi te anseye. Men sa l te di:. “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” — Jan 18:36.

  • Yo di Jezi se Seyè yo, men yo pa obeyi kòmandman l yo, sa ki gen ladan yo kòmandman pou yo preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan. — Matye 28:19, 20; Lik 6:46; Travay 10:42.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje