BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 41
  • Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki moun ki fòme Kolèj santral la?
  • Ki jan Kolèj santral la òganize?
  • Ki moun k ap ede Kolèj santral la?
  • “Kontinye bay moun konsa anpil valè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Fason Kolèj santral la òganize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Nou ini grasa lanmou —Rapò sou reyinyon ànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 41
Moun ki fòme Kolèj santral la ak moun k ap ede yo reyini ansamn.

Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?

Kolèj santral la se yon ti gwoup kretyen ki gen matirite k ap dirije travay Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye. Travay yo a gen de aspè ladan l:

  • Yo sipèvize preparasyon enstriksyon ki soti nan Bib la yo bay pa mwayen piblikasyon, reyinyon, ak divès lekòl Temwen Jewova yo fè. — Lik 12:42.

  • Yo sipèvize travay Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye piske se yo k ap dirije travay predikasyon nou an ak yon fason pou nou sèvi ak ofrann yo.

Kolèj santral la suiv egzanp “apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm” nan premye syèk la ki te konn pran yon seri gwo desizyon pou byennèt tout kongregasyon kretyen an (Travay 15:2). Menm jan ak mesye fidèl sa yo, moun ki fòme Kolèj santral la pa mèt òganizasyon nou an. Yo chèche direksyon nan Bib la, e yo rekonèt Jewova mete Jezi Kris chèf kongregasyon an. — 1 Korentyen 11:3; Efezyen 5:23.

Ki moun ki fòme Kolèj santral la?

Men non moun ki fòme Kolèj santral la: Kenneth Cook, Jr., Gage Fleegle, Samuel Herd, Geoffrey Jackson, Jody Jedele, Stephen Lett, Gerrit Lösch, Jacob Rumph, Mark Sanderson, David Splane, ak Jeffrey Winder. Y ap sèvi nan syèj mondyal nou an ki Wòwik, Nouyòk, Ozetazini.

Ki jan Kolèj santral la òganize?

Kolèj santral la mete sis komite sou pye pou sipèvize plizyè aspè nan travay nou an, e chak manm ki nan Kolèj santral la ap sèvi nan youn oswa plizyè nan komite sa yo.

  • Komite kowòdonatè yo: Li okipe zafè legal yo, e li okipe yon seri sitiyasyon, tankou katastwòf, pèsekisyon Temwen Jewova yo jwenn akoz kwayans yo ak lòt ka ijan ki afekte Temwen Jewova yo.

  • Komite pou pèsonèl la: Li sipèvize dispozisyon yo pran pou manm fanmi Betèl la.

  • Komite edisyon: Li sipèvize travay pwodiksyon ak livrezon piblikasyon ki baze sou Bib la, epi li sipèvize travay konstriksyon kote nou fè reyinyon yo, biwo tradiksyon yo ak lokal filyal yo.

  • Komite pou sèvis: Li gen responsablite pou l veye sou travay predikasyon ‘bon nouvèl konsènan Wayòm nan’. — Matye 24:14.

  • Komite pou ansèyman: Li sipèvize pwogram ansèyman espirityèl y ap prezante nan reyinyon yo, nan lekòl yo, e li sipèvize pwogram odyo ak videyo.

  • Komite redaksyon: Li dirije preparasyon manje espirityèl ki parèt sou fòm papye, sou sit Entènèt nou an e li sipèvize travay tradiksyon an.

Anplis de travay sa yo Kolèj santral la fè pa mwayen komite sa yo, Kolèj santral la reyini chak semèn pou yo egzamine bezwen òganizasyon an. Nan reyinyon sa yo, moun ki fòme Kolèj santral la pale sou sa Labib di, yo kite lespri sen Bondye gide yo, e yo fè efò pou yo tout dakò ak desizyon ki pran yo. — Travay 15:25.

Ki moun k ap ede Kolèj santral la?

Se kretyen yo fè konfyans ki bay èd nan komite ki nan Kolèj santral la (1 Korentyen 4:2). Yo maton e yo gen eksperyans nan travay komite y ap bay èd la ap sipèvize a, e yo asiste reyinyon komite sa a fè chak semèn. Se vre yo pa patisipe nan desizyon k ap pran yo, men yo bay bonjan sijesyon, yo pale sou rechèch yo te fè, yo aplike desizyon komite a pran epi, regilyèman, yo chèche konnen ki rezilta desizyon sa yo pote. Mete sou sa, Kolèj santral la konn ba yo asiyasyon pou y al vizite frè nou yo toupatou sou tè a, oswa yo konn jwenn asiyasyon pou yo patisipe nan kèk evènman, tankou reyinyon ànyèl oswa gradyasyon Gileyad.

LIS MOUN K AP EDE YO

Komite

Non

Kowòdinatè yo

  • Ekrann, John

  • Gillies, Paul

  • Snyder, Troy

Pèsonèl

  • LaFranca, Patrick

  • Molchan, Daniel

  • Scott, Mark

  • Walls, Ralph

Edisyon

  • Butler, Robert

  • Corkern, Harold

  • Glockentin, Gajus

  • Gordon, Donald

  • Luccioni, Robert

  • Price, Peter, III

  • Reinmueller, Alex

  • Sinclair, David

Sèvis

  • Breaux, Gary

  • Dellinger, Joel

  • Georges, Betty

  • Griffin, Anthony

  • Hyatt, Seth

  • Mavor, Christopher

  • Perla, Baltasar, Jr.

  • Smith, Jonathan

  • Turner, William, Jr.

  • Weaver, Leon, Jr.

Ansèyman

  • Banks, Michael

  • Curzan, Ronald

  • Flodin, Kenneth

  • MacEwan, D’arcy

  • Malenfant, William

  • Noumair, Mark

  • Schafer, David

Redaksyon

  • Ahladis, Nicholas

  • Christensen, Per

  • Ciranko, Robert

  • Godburn, Kenneth

  • Mantz, James

  • Marais, Izak

  • Martin, Clive

  • Myers, Leonard

  • Smalley, Gene

  • van Selm, Hermanus

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje