BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 47
  • Poukisa nou dwe onèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou dwe onèt?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè kèk moun pa onèt
  • Rezon ki fè moun ki onèt yo jwenn byenfè
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Se pou nou onèt nan tout bagay
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon bèl kalite ki gen plis valè pase dyaman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 47
Yon ti gason k ap lonje yon nòt bay yon lòt pou l pran poul.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa n dwe onèt?

  • Rezon ki fè kèk moun pa onèt

  • Rezon ki fè moun ki onèt yo jwenn byenfè

  • Sa lòt jèn di

Rezon ki fè kèk moun pa onèt

Jodi a, nan monn nan, zafè onèt la sanble pa itil anyen. Dayè, kèk jèn ka rezone konsa:

  • ‘Si m pa bay paran m manti, yo ka pini m.’

  • ‘Si m pa pran poul nan egzamen sa a, m ka pa pase.’

  • ‘Si m pa vòlè bagay sa a, m pral bezwen sere lajan pou m achte l.’

Anplis de sa, kèk moun gendwa di: ‘Ki pwoblèm ki gen nan sa? Èske se pa tout moun ki pa onèt?’

Repons pou kesyon sa a se non. Gen anpil moun, san wete anpil jèn, ki kwè moun ki onèt yo ap jwenn byenfè e yo gen rezon. Bib la di: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” (Galat 6:7). Sa vle di, aksyon nou toujou gen konsekans, swa yo bon swa yo pa bon.

Pa egzanp, ann konsidere move konsekans ki te rive kèk moun paske yo te bay manti.

“M te bay manman m manti konsènan yon jèn gason. Li te gen bonjan prèv mwen pa t di l laverite. Manman m te santi l about sou twazyèm fwa m te ba l manti a. Kòm konsekans, paran m te anpeche m soti pandan 2 semèn e m pa t ka ni sèvi ak telefòn ni gade televizyon pandan yon mwa. M pa t janm bay paran m manti ankò!” — Anita.

Fè yon ti reflechi: Poukisa sa te ka pran anpil tan pou manman Anita refè l konfyans ankò?

Bib la di: “Piske kounye a nou kite afè bay manti a, se pou nou chak di pwochen nou laverite.” — Efezyen 4:25.

“M te bay paran m manti e m panse m te ka annik pase sou yo konsa konsa jiskaske, pi devan, yo te mande m rakonte sa k te pase a ankò. M te tèlman ap bay manti opwen m pa t menm sonje okenn detay nan istwa m nan. Lè w di laverite depi okòmansman, ou pap gen pwoblèm sa!” — Anthony.

Fè yon ti reflechi: Ki jan Anthony te ka evite sitiyasyon anbarasan sa a?

Bib la di: “Moun k ap bay manti bay Jewova degoutans, men, moun ki fidèl yo fè kè l kontan.” — Pwovèb 12:22.

“M gen yon zanmi ki toujou met pase genyen nan istwa l yo. Li toujou ajoute lòt bagay e l pa esplike bagay yo nan kontèks yo. M renmen zanmi m nan e m fè efò pou m pa di l l ap bay manti. Men, li vrèman difisil pou m kwè l oswa pou m fè l konfyans.” — Yvonne.

Fè yon ti reflechi: Lefètke zanmi Yvonne nan ap egzajere e l ap bay manti, ki jan sa gen efè sou repitasyon l?

Bib la di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

Yon bilding an brik ki gen yon fondasyon ki fann.

Menm jan yon fondasyon ki fann ka fè yon bilding ann antye vin frajil, konsa tou, lè yon moun pa onèt, sa ka sal repitasyon l.

Rezon ki fè moun ki onèt yo jwenn byenfè

Kounye a, ann konsidere rekonpans moun ki onèt yo ka jwenn.

“Pandan yon dam t ap mache devan m, kòb li te tonbe atè. M te rele l e m te remèt li kòb la. Li te vrèman rekonesan. Li te di: ‘Sa vrèman janti. Pa gen anpil moun ki onèt ase pou fè yon bagay konsa.’ M te santi m kontan dèske gen moun ki te remake sa m fè ki dwat!” — Vivian.

Fè yon ti reflechi: Poukisa dam nan te sezi lè l te wè yon moun aji yon fason ki onèt? Lefètke Vivian te aji yon fason ki onèt, ki byenfè l te jwenn?

Bib la di: “Byennere moun ki [...] toujou fè sa ki dwat.” — Sòm 106:3.

“Mwen menm ak fanmi m ap travay nan yon antrepriz ki fè netwayaj, e pafwa, pandan n ap netwaye yon biwo, nou konn jwenn kèk pyès monnen atè a. Lè sa rive, nou konn met monnen an sou biwo ki pi pre a. Gen yon anplwaye ki te prèske fache dèske l wè n onèt konsa. Li te di: ‘Se jis yon pyès monnen.’ Men, nou konn yon bagay? Li te toujou fè n konfyans.” — Julia.

Fè yon ti reflechi: Ki fason repitasyon Julia antanke moun ki onèt ap fè l jwenn byenfè lè l ap bezwen yon moun kòm referans pou yon travay?

Bib la di: “Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont.” — 2 Timote 2:15.

“Yo te peye m lajan pou 80 èdtan travay alòske m te fè sèlman 64 èdtan. Menmsi m t ap byen kontan kenbe lajan sa a, men, m pa t ka fè sa. M te fè moun ki responsab nan kontabilite a konn sa, e l te vrèman rekonesan. Antrepriz la ap mache byen se vre, men, m pa t ka kenbe yon kòb mwen t ap konsidere kòm lajan mwen volè.” — Bethany.

Fè yon ti reflechi: Èske vòlè lajan yon antrepriz gen mwens enpòtans pase vòlè lajan yon moun?

Bib la di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” — Pwovèb 3:32.

Sa lòt jèn di

Tobi

TOBI

Tekni elèv yo itilize pou pran poul lekòl yo vrèman enpresyonan. Si yo sèlman itilize mwatye nan efò yo fè pou pran poul yo yon fason pou yo etidye, y ap ka pase egzamen an!

Austin

AUSTIN

Mwen mande tèt mwen: ‘Ki pi gwo pwoblèm m ka jwenn si m di laverite?’ Apre sa, m konpare pwoblèm sa yo ak pwoblèm m ap jwenn si m bay manti. Lè m reflechi ak konsekans yo, sa ede m evite aji yon fason ki pa onèt.

Heidy

HEIDY

Gen anpil moun ki bay manti paske yo panse y ap soufri lè yo di laverite. Men, li pi bon pou w di laverite epi pou jwenn pinisyon pase pou w bay manti epi pou w santi yon pwa lou sou do w paske w koupab.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje