BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 48
  • Ki sa fason m abiye a di sou mwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa fason m abiye a di sou mwen?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Twa gwo erè nan kesyon abiman ak fason pou w evite yo
  • Èske fason w abiye bay Bondye glwa?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Pale ak pitit ou ki adolesan san nou pa fè kont
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 48
Kèk jèn k ap gade rad.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa fason m abiye a di de mwen?

Poukisa w dwe sousye w de fason w abiye? Se paske rad ou mete di yon bagay de ou? Ki sa fason w abiye a di de ou?

  • Twa gwo erè nan kesyon abiman ak fason pou w evite yo

  • Sa lòt jèn di

Twa gwo erè nan kesyon abiman ak fason pou w evite yo

1ye erè: Kite medya yo dikte w fason pou w abiye.

Men sa yon jèn fi, ki rele Theresa, fè konnen: “Pafwa, yon bagay ki alamòd konn atire m paske m te tande anpil reklam sou li. Lè tout sa k nan lespri w se imaj moun ki abiye ak yon stil rad, li ka difisil pou w pa fè tankou yo.”

Se pa sou medam yo sèlman piblisite yo konn gen efè. Men sa yon liv fè konnen: “Li fasil tou pou timesye yo vin renmen sa ki alamòd. Menm lè yo jèn anpil, moun k ap fè piblisite yo gentan pare pou enfliyanse yo.” — The Everything Guide to Raising Adolescent Boys.

Yon pi bon chwa: Bib la di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” (Pwovèb 14:15). Ann amoni ak prensip sa a, aprann byen egzamine sa w wè nan piblisite yo. Pa egzanp, lè w wè yon piblisite y ap fè pou kèk rad ki parèt “seksi” oswa “ki kole sou kò” moun, mande tèt ou:

  • ‘Si m suiv mòd sa a, kiyès vrèman k ap pwofite l?’

  • ‘Ki kalite lavi l ap fè moun panse m ap mennen?’

  • ‘Èske se lavi sa a m ap mennen vre, èske l ann amoni ak opinyon m?’

Konsèy sou abiman: Pandan yon semèn, pran tan w pou w byen gade piblisite y ap fè pou rad yo. Ki kalite mòd yo plis ankouraje? Èske yo vin ak kèk ti mesaj anba anba yon fason pou fè w santi w dwe suiv yon kalite mòd? Men sa yon jèn fi, ki rele Karen, fè konnen: “Jèn yo ap sibi anpil presyon pou yo abiye byen, pou yo gen yon stil ki pafè ak yon kò ki pafè. Lè moun k ap fè piblisite yo konprann sa, jèn yo vin yon sib fasil pou yo.”

2yèm erè: Vin alamòd pou w sanble ak tout moun

Gen yon jèn gason ki rele Manuel ki di: “Lè yon stil rad alamòd, tout moun vle mete l. Si ou menm ou pa mete l, moun pral jije w.” Gen yon jèn fi ki rele Anna ki dakò avè l. Men sa l di: “Se pa abiman an vre ki pi enpòtan, men, se fè tankou tout moun.”

Yon pi bon chwa: Bib la di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a.” (Women 12:2). Ann amoni ak konsèy sa a, verifye pandri rad ou epi mande tèt ou:

  • ‘Ki bagay ki plis enfliyanse m lè m ap chwazi rad pou m mete?’

  • ‘Jis nan ki pwen l enpòtan pou mwen pou m met yon rad ki gen gwo mak?’

  • ‘Èske m ap eseye enpresyone lòt moun ak rad m ap mete?’

Konsèy sou abiman: Olye w konsantre w sèlman sou de opsyon: Li alamòd (ou aksepte l) oswa l pa alamòd (ou rejte l), aprann konsidere yon twazyèm opsyon: Fè tèt ou konfyans pou w pa kite moun enfliyanse w. Plis ou fè tèt ou konfyans se mwens w ap anvi suiv lòt moun.

3yèm erè: Reflechi konsa: ‘Plis ou seksi se plis ou pi bon.’

Men sa yon jèn fi, ki rele Jennifer, fè konnen: “Onètman, pafwa, ou konn anvi met yon rad ki yon ti jan pa apwopriye tankou yon rad ki twò kout, ki twò sere oswa ki twò dekòlte.”

Yon pi bon chwa: Bib la di: “Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a, [...] men, se ta dwe moun nou ye nan fon kè nou an.” (1 Pyè 3:3, 4). Ann amoni ak konsèy sa a, reflechi ak sa ki pi atiran: yon rad ki fè tout moun wè kò w oswa yon bèl pèsonalite?

Konsèy sou abiman: Bagay ki dwe pi alamòd pou ou se modesti. Se vre mo sa a pa tèlman popilè jodi a, men, fè yon ti reflechi:

Èske w deja pale ak yon moun ki pale twòp e ki renmen pale de tèt li sèlman? Sa k pi mal la sèke moun sa a gendwa pa menm rann li kont si w pa enterese avè l!

Yon jèn gason k ap fè lòt jèn yo wè rad li alòske yo santi yo about.

Menm jan ak yon konvèsasyon, fason w abiye a ka atire atansyon sou ou jiskaske lòt moun rejte w.

Lè w abiye yon fason ki pa modès, ou vin menm jan ak moun sa a. Rad ou mete yo ap di moun yo ‘gade m’, sa ki ka fè moun panse w pa kwè nan tèt ou oubyen w wè tèt ou sèlman oswa toule de. Anplis de sa, sa ka fè moun panse w ap fè tout sa w kapab pou w jwenn atansyon menmsi se pa bon fason an.

Olye w fè reklam pou yon bagay ou pa genyen vre, eseye montre w modès. Men sa yon jèn fi ki rele Monica fè konnen: “Lè w modès, sa pa vle di w dwe abiye menm jan ak grann ou. Sa sèlman vle di w respekte tèt ou ak moun ki toutotou w.”

SA LÒT JÈN DI

Breanna

“M te achte kèk jip ki pi gwo pase sa m konn mete pa paske m te gwosi, men, paske m te vle asire m rad mwen pap kole sou kò m. Nou konn yon bagay? Gen moun ki te menm mande m si m pèdi pwa! Lè w abiye yon fason ki modès, ou vin pi bèl.” — Breanna.

Keren

“Onètman, mwen santi m pi alèz lè m abiye yon fason ki modès. Nonsèlman rad mwen fè m byen, men tou, m santi m alèz lefètke m konnen nenpòt kote m ale, m ka fè konnen m se kretyen san m pa pè pou yo mande m si fason m abiye a koresponn ak kwayans mwen yo.” — Keren.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje